< 2 Samyèl 22 >

1 David te pale pawòl a chan sila yoa SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo ak nan men a Saül.
וידבר דוד ליהוה את דברי השירה הזאת ביום הציל יהוה אתו מכף כל איביו ומכף שאול
2 Li te di: “SENYÈ a se wòch mwen, fòterès mwen ak liberatè mwen;
ויאמר יהוה סלעי ומצדתי ומפלטי לי
3 Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila mwen twouve pwotèj la; boukliye e kòn delivrans mwen, sitadèl mwen ak refij mwen. Se konsa mwen va sove devan ledmi mwen yo.
אלהי צורי אחסה בו מגני וקרן ישעי משגבי ומנוסי משעי מחמס תשעני
4 Mwen rele a SENYÈ a, ki merite lwanj. Se konsa mwen sove de lènmi mwen yo.
מהלל אקרא יהוה ומאיבי אושע
5 Paske volas lanmò te antoure mwen; gran flèv destriksyon yo te monte sou mwen nèt.
כי אפפני משברי מות נחלי בליעל יבעתני
6 Kòd a sejou lanmò te antoure mwen; pèlen lanmò yo te menase m. (Sheol h7585)
חבלי שאול סבני קדמני מקשי מות (Sheol h7585)
7 Nan gran twoub mwen, mwen te rele SENYÈ a. Wi, mwen te rele a Bondye mwen an. Soti nan tanp Li an, Li te tande vwa m. Kri sekou mwen te anndan zòrèy Li.
בצר לי אקרא יהוה ואל אלהי אקרא וישמע מהיכלו קולי ושועתי באזניו
8 Latè te tranble e souke. Fondasyon syèl la t ap tranble. Yo te sombre, akoz Li te fache.
ותגעש (ויתגעש) ותרעש הארץ מוסדות השמים ירגזו ויתגעשו כי חרה לו
9 Lafimen te monte sòti nan nen L. Dife soti nan bouch Li a te devore. Chabon te fèt pa li.
עלה עשן באפו ואש מפיו תאכל גחלים בערו ממנו
10 Anplis, Li te rale bese syèl yo e te desann. Yon tenèb byen pwès te anba pye L yo.
ויט שמים וירד וערפל תחת רגליו
11 Li te monte sou yon cheriben, Li te vole. Li te parèt sou zèl a van an.
וירכב על כרוב ויעף וירא על כנפי רוח
12 Li te fè tenèb la yon tant Ki antoure Li, yon vwa dlo, nwaj pwès syèl yo
וישת חשך סביבתיו סכות חשרת מים עבי שחקים
13 soti nan gran klète devan L, Bout chabon dife yo vin limen.
מנגה נגדו בערו גחלי אש
14 SENYÈ a te eklate depi nan syèl la, e vwa Pli Wo a te reponn.
ירעם מן שמים יהוה ועליון יתן קולו
15 Li te lanse flèch pou te gaye yo. Loray! E yo te sove ale.
וישלח חצים ויפיצם ברק ויהמם (ויהם)
16 Kanal lanmè yo te vin parèt. Fondasyon mond lan te dekouvri nèt, pa repwoch SENYÈ a, ak fòs vann a ki soti nan ne l.
ויראו אפקי ים יגלו מסדות תבל בגערת יהוה מנשמת רוח אפו
17 Li te voye soti anwo, Li te pran m. Li te rale mwen sòti nan pil dlo yo.
ישלח ממרום יקחני ימשני ממים רבים
18 Li te delivre mwen devan lènmi m byen fò, Soti nan sila ki te rayi mwen yo. Paske yo te twò fò pou mwen.
יצילני מאיבי עז משנאי כי אמצו ממני
19 Yo te kanpe parèt devan m nan jou gran doulè a, Men SENYÈ a te soutyen mwen.
יקדמני ביום אידי ויהי יהוה משען לי
20 Anplis, Li te mennen m nan yon kote byen laj. Li te fè m chape, paske Li te kontan anpil avè m.
ויצא למרחב אתי יחלצני כי חפץ בי
21 SENYÈ a te rekonpanse mwen selon ladwati mwen. Selon men pwòp mwen, Li te fè m twouve rekonpans.
יגמלני יהוה כצדקתי כבר ידי ישיב לי
22 Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a. Mwen pa t aji avèk mechanste kont Bondye mwen an.
כי שמרתי דרכי יהוה ולא רשעתי מאלהי
23 Paske tout òdonans Li yo te devan m. Règleman Li yo, mwen pa t janm kite.
כי כל משפטו לנגדי וחקתיו לא אסור ממנה
24 Anplis, mwen te san fot devan L. Mwen te rete lib de inikite mwen.
ואהיה תמים לו ואשתמרה מעוני
25 Pou sa, SENYÈ a te rekonpanse m. Selon ladwati mwen, Selon jan mwen pwòp devan zye Li.
וישב יהוה לי כצדקתי כברי לנגד עיניו
26 Avèk sila de bon kè yo, Ou montre bon kè Ou. Avèk sila ki san fot yo, Ou parèt san fot.
עם חסיד תתחסד עם גבור תמים תתמם
27 Avèk sila ki san tach yo, Ou montre jan Ou san tach, Epi avèk sila ki kwochi, Ou vin parèt avèk entèlijans.
עם נבר תתבר ועם עקש תתפל
28 Ou fè sekou a sila ki aflije yo, men zye Ou rete sou sila ki ògeye yo, pou Ou fè yo bese.
ואת עם עני תושיע ועיניך על רמים תשפיל
29 Paske se ou ki lanp mwen, O SENYÈ. Konsa, SENYÈ a vin klere tout tenèb mwen.
כי אתה נירי יהוה ויהוה יגיה חשכי
30 Paske avèk Ou, Mwen kapab kouri sou yon ekip sòlda.
כי בכה ארוץ גדוד באלהי אדלג שור
31 Pou Bondye, chemen pa li a san fot. Pawòl SENYÈ a fin fè prèv. Li pwoteje tout sila yo ki kache nan Li.
האל תמים דרכו אמרת יהוה צרופה-- מגן הוא לכל החסים בו
32 Paske se kilès Bondye ye, Sof ke SENYÈ a? Epi kilès ki se yon woche, Sof ke Bondye pa nou an?
כי מי אל מבלעדי יהוה ומי צור מבלעדי אלהינו
33 Bondye se sitadèl fòs mwen. Li fè chemen m san fot.
האל מעוזי חיל ויתר תמים דרכו (דרכי)
34 Li fè pye m tankou pye a sèf, ki fè m chita nan plas ki wo.
משוה רגליו (רגלי) כאילות ועל במתי יעמדני
35 Li enstwi men m yo pou batay la, Pou bra mwen kab koube banza fèt an Bwonz.
מלמד ידי למלחמה ונחת קשת נחושה זרעתי
36 Ou te osi ban mwen Boukliye Sali Ou a, e se soutyen Ou ki fè m pwisan.
ותתן לי מגן ישעך וענתך תרבני
37 Ou elaji pla pye mwen anba m, e pye m pa janm chape.
תרחיב צעדי תחתני ולא מעדו קרסלי
38 Mwen te kouri dèyè lènmi mwen yo, e mwen te detwi yo. Mwen pa t vire fè bak jiskaske mwen te fin manje nèt.
ארדפה איבי ואשמידם ולא אשוב עד כלותם
39 Epi mwen te devore yo, mwen te kraze yo, Jiskaske yo pa t janm leve. Konsa, yo te tonbe anba pye mwen.
ואכלם ואמחצם ולא יקומון ויפלו תחת רגלי
40 Paske Ou te kouvri senti m ak fòs pou batay la. Ou te soumèt anba m sila ki te leve kont mwen yo.
ותזרני חיל למלחמה תכריע קמי תחתני
41 Ou te osi fè lènmi m yo vire do ban mwen, Epi mwen te detwi sila ki te rayi mwen yo.
ואיבי תתה לי ערף משנאי ואצמיתם
42 Yo te gade, men nanpwen moun ki te pou te sove yo; menm anvè SENYÈ a, men Li pa t reponn yo.
ישעו ואין משיע אל יהוה ולא ענם
43 Alò mwen te fè poud ak yo tankou pousyè tè a. Mwen te kraze e te foule yo Tankou kras labou lari.
ואשחקם כעפר ארץ כטיט חוצות אדקם ארקעם
44 Ou te osi delivre mwen sòti nan rebelyon ak zen pèp mwen an. Ou te kenbe m kòm chèf sou nasyon yo,
ותפלטני מריבי עמי תשמרני לראש גוים עם לא ידעתי יעבדני
45 Etranje yo abese devan m. Depi yo tande, yo obeyi.
בני נכר יתכחשו לי לשמוע אזן ישמעו לי
46 Etranje yo pèdi fòs. Yo sòti tranblan nan kote kache yo.
בני נכר יבלו ויחגרו ממסגרותם
47 SENYÈ a vivan! Beni, se wòch mwen an! Egzalte, se Bondye, wòch sali mwen an.
חי יהוה וברוך צורי וירם אלהי צור ישעי
48 Menm Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an, Li ki rale fè desann lòt pèp yo anba m nan,
האל הנתן נקמת לי ומריד עמים תחתני
49 Ki osi fè m sòti devan lènmi mwen yo. Wi, Ou menm fè m leve anwo sila Ki vin leve kont mwen yo. Ou ban m sekou devan moun ki vyolan yo.
ומוציאי מאיבי ומקמי תרוממני מאיש חמסים תצילני
50 Pou sa, mwen va ba Ou remèsiman, O SENYÈ, pami nasyon yo. Mwen va chante lwanj a non Ou.
על כן אודך יהוה בגוים ולשמך אזמר
51 Li se yon gran sitadèl delivrans pou wa Li a, ki montre lanmou dous a onksyone pa Li a, Menm a David avèk desandan pa li yo, jis pou tout tan.”
מגדיל (מגדול) ישועות מלכו ועשה חסד למשיחו לדוד ולזרעו עד עולם

< 2 Samyèl 22 >