< 2 Samyèl 21 >
1 Alò, te gen yon gwo grangou nan jou a David yo pandan twazan, ane apre ane. Epi David te chache prezans a SENYÈ a. SENYÈ a te di: “Se akoz Saül ak kay sanglan li an, akoz li te mete Gabawonit yo a lanmò.”
大衛年間有饑荒,一連三年,大衛就求問耶和華。耶和華說:「這饑荒是因掃羅和他流人血之家殺死基遍人。」
2 Pou sa, wa a te rele Gabawonit yo pou te pale yo. (Alò, Gabawonit yo pa t nan fis Israël yo men yo te nan retay Amoreyen yo e fis Israël yo te fè yon akò avèk yo. Men Saül te chache touye yo nan zèl li genyen pou fis a Juda yo avèk Israël yo.)
原來這基遍人不是以色列人,乃是亞摩利人中所剩的;以色列人曾向他們起誓,不殺滅他們,掃羅卻為以色列人和猶大人發熱心,想要殺滅他們。大衛王召了他們來,
3 Konsa, David te di a Gabawonit yo: “Kisa mwen ta dwe fè pou nou? Epi kijan mwen kapab fè ekspiyasyon, pou nou kapab vin beni eritaj SENYÈ a?”
問他們說:「我當為你們怎樣行呢?可用甚麼贖這罪,使你們為耶和華的產業祝福呢?」
4 Alò, Gabawonit yo te di li: “Nou pa sou afè ajan, ni lò avèk Saül, ni lakay li, ni pou nou ta mete okenn moun a lanmò an Israël.” Epi li te di: “Mwen va fè pou nou nenpòt sa ke nou mande.”
基遍人回答說:「我們和掃羅與他家的事並不關乎金銀,也不要因我們的緣故殺一個以色列人。」大衛說:「你們怎樣說,我就為你們怎樣行。」
5 Pou sa, yo te di a wa a: “Nonm ki te vin manje nou an e ki te fè plan pou detwi nou nèt la rache nou soti nan lizyè Israël la,
他們對王說:「那從前謀害我們、要滅我們、使我們不得再住以色列境內的人,
6 kite sèt mesye soti nan fis li yo vin bay a nou menm. E nou va pann yo devan SENYÈ a nan Guibea pou Saül, sila ki te chwazi pa SENYÈ a.” Epi wa a te di: “Mwen va bay yo.”
現在願將他的子孫七人交給我們,我們好在耶和華面前,將他們懸掛在耶和華揀選掃羅的基比亞。」王說:「我必交給你們。」
7 Men wa a te bay pwotèj a Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül la, akoz sèman a SENYÈ a ki te fèt antre yo, antre David ak fis a Saül la, Jonathan.
王因為曾與掃羅的兒子約拿單指着耶和華起誓結盟,就愛惜掃羅的孫子、約拿單的兒子米非波設,不交出來,
8 Konsa, wa a te pran de fis a Ritspa yo avèk fi a Ajja a, Armoni ak Méphiboscheth ke li te fè pou Saül la, senk fis a Mérab yo, fi a Saül la, ke li te fè pou Adriel, fis a Barzillaï a, Meyolayit la;
卻把愛雅的女兒利斯巴給掃羅所生的兩個兒子亞摩尼、米非波設,和掃羅女兒米甲的姊姊給米何拉人巴西萊兒子亞得列所生的五個兒子
9 Epi li te livre yo nan men a Gabawonit yo e yo te pandye yo nan mòn nan devan SENYÈ a, jiskaske yo sèt te tonbe ansanm. Yo te mete a lanmò nan premye jou a rekòlt la, nan kòmansman rekòlt lòj la.
交在基遍人的手裏。基遍人就把他們,在耶和華面前,懸掛在山上,這七人就一同死亡。被殺的時候正是收割的日子,就是動手割大麥的時候。
10 Epi Rizpa, fi a Ajja a te pran twal sak e te ouvri li sou wòch la, soti nan kòmansman rekòlt la jiskaske li te fè lapli sou yo soti nan syèl la. Li pa t kite ni zwazo syèl yo vin poze sou yo nan lajounen, ni bèt chan yo pandan lannwit.
愛雅的女兒利斯巴用麻布在磐石上搭棚,從動手收割的時候直到天降雨在屍身上的時候,日間不容空中的雀鳥落在屍身上,夜間不讓田野的走獸前來糟踐。
11 Lè li te pale a David sa ke Rizpa, fi a Ajja a, ti mennaj a Saül la te fè a,
有人將掃羅的妃嬪愛雅女兒利斯巴所行的這事告訴大衛。
12 alò, David te ale pran zo a Saül ak zo a Jonathan, fis li a soti nan men a mesye Jabès-Galaad la, ki te vòlè yo nan laplas Beth-Schan kote Filisten yo te pandye yo nan jou ke Filisten yo te frape Saül nan Guilboa a.
大衛就去,從基列‧雅比人那裏將掃羅和他兒子約拿單的骸骨搬了來(是因非利士人從前在基利波殺掃羅,將屍身懸掛在伯‧珊的街市上,基列‧雅比人把屍身偷了去。)
13 Li te mennen zo a Saül ak zo a Jonathan yo monte, fis li soti la e yo te ranmase zo a sila ki te pandye yo.
大衛將掃羅和他兒子約拿單的骸骨從那裏搬了來,又收殮被懸掛七人的骸骨,
14 Yo te antere zo a Saül yo avèk Jonathan, fis li nan peyi Benjamin nan Tséla, nan tonm a Kis, papa li. Konsa, yo te fè tout sa ke wa a te kòmande yo. Apre sa, Bondye te satisfè akoz lapriyè pou peyi a.
將掃羅和他兒子約拿單的骸骨葬在便雅憫的洗拉,在掃羅父親基士的墳墓裏;眾人行了王所吩咐的。此後上帝垂聽國民所求的。
15 Alò, lè Filisten yo te fè lagè ankò avèk Israël, David te desann avèk sèvitè li yo. Epi pandan yo t ap goumen kont Filisten yo, David te vin bouke.
非利士人與以色列人打仗;大衛帶領僕人下去,與非利士人接戰,大衛就疲乏了。
16 Epi Jischbi-Benob ki te pami desandan a jeyan yo, avèk yon lans ki te peze twa-san sik an bwonz, te gen yon nepe nèf nan senti l e li te gen entansyon pou l ta touye David.
偉人的一個兒子以實‧比諾要殺大衛;他的銅槍重三百舍客勒,又佩着新刀。
17 Men Abischaï, fis a Tseruja a te ede li, li te frape Filisten an pou te touye li. Epi mesye David yo te fè ve a li e te di: “Wa David, ou p ap sòti avèk nou ankò nan batay la pou ou pa vin etenn lanp Israël la.”
但洗魯雅的兒子亞比篩幫助大衛,攻打非利士人,將他殺死。當日,跟隨大衛的人向大衛起誓說:「以後你不可再與我們一同出戰,恐怕熄滅以色列的燈。」
18 Alò, li te vin rive apre sa ke te gen lagè ankò avèk Filisten yo nan Gob. Epi Sibbecaï, Oushatit la te frape Saph, ki te pami desandan a jeyan yo.
後來,以色列人在歌伯與非利士人打仗,戶沙人西比該殺了偉人的一個兒子撒弗。
19 Te gen gè avèk Filisten yo ankò Gob e Elchanan, fis a Jaaré-Oreguim nan Bethléhem te touye Goliath, moun Gath la. Shaf lans li an te tankou travès lan a yon machin yo konn tise.
又在歌伯與非利士人打仗,伯利恆人雅雷俄珥金的兒子伊勒哈難殺了迦特人歌利亞。這人的槍桿粗如織布的機軸。
20 Te gen lagè avèk Gath ankò, kote te gen yon mesye gran tay avèk sis dwèt nan chak men ak sis zòtèy nan chak pye, venn-kat antou. Li menm osi te ne de jeyan yo.
又在迦特打仗,那裏有一個身量高大的人,手腳都是六指,共有二十四個指頭;他也是偉人的兒子。
21 Lè li te leve tèt li kont Israël, Jonathan, fis a Schimea a, frè David la, te frape li.
這人向以色列人罵陣,大衛的哥哥示米亞的兒子約拿單就殺了他。
22 Se kat sila yo ki te ne de jeyan nan Gath yo, e yo te tonbe pa men David e pa men a sèvitè li yo.
這四個人是迦特偉人的兒子,都死在大衛和他僕人的手下。