< 2 Samyèl 14 >

1 Alò Joab, fis a Tseruja a te vin apèsi ke kè David te apiye anvè Absalom.
Et Joab, fils de Sarvia, reconnut que le cœur de David revenait à Absalon.
2 Pou sa, Joab te voye kote Tekoa e te fè rive yon fanm avèk sajès soti la. Li te di li: “Souple, fè kòmsi se yon moun ki andèy. Mete sou ou vètman andèy depi koulye a. Pa onksyone ou avèk lwil, men fè tankou yon fanm ki te deja andèy pou mò a soti anpil jou.
Et il fit venir de Thécoé une femme expérimentée, à qui il dit: Pleure, prends des habits de deuil, ne te parfume pas, sois comme une femme qui, depuis bien des jours, se lamente sur un mort.
3 Apre, ale kote wa a, e pale avèk li konsa”. Epi Joab te mete pawòl nan bouch li pou pale.
Tu iras ainsi trouver le roi, et tu lui parleras comme je vais te dire. Et Joab mit les paroles sur les lèvres de la femme.
4 Alò, lè fanm a Tekoa a te pale a wa a, li te vin tonbe sou figi li e te kouche atè nèt, Li te di: “Sekou, O wa.”
La lemme de Thécoé entra donc chez le roi; elle tomba la face contre terre, et elle l'adora, s'écriant: Salut, roi, salut.
5 Wa a te di li: “Ki pwoblèm ou?” Li te reponn: “Anverite, se yon vèv ke mwen ye, paske mari mwen mouri.
Le roi lui dit: Que veux-tu? Elle répondit: Je suis une veuve, mon mari est mort.
6 Sèvant ou an gen de fis. Men yo de te goumen nan chan an e yo pa t gen pèsòn pou separe yo. Konsa, youn te frape lòt e te touye li.
Et ta servante avait deux fils; or, ils se sont battus dans les champs; il n'y avait là personne pour les séparer; l'un des deux a renversé son frère, et l'a tué.
7 Koulye a, gade byen, tout fanmi an gen tan leve kont sèvant ou an. Y ap mande m lonje ba yo sila ki te frape frè li a, pou nou kab mete li a lanmò pou lavi a frè l ke li te touye a, e vin detwi eritye a tou. Konsa, yo va etenn sèl chabon limen ki rete a, pou kite mari mwen san non, san rès sou fas tè a.”
Et voilà que toute la famille s'élève contre ta servante, disant: Livre- nous celui qui a frappé son frère; nous lui ôterons la vie pour la vie de son frère qu'il a tué, et nous prendrons votre héritage. Ainsi, ils veulent éteindre l'étincelle qui me reste, afin qu'il n'y ait plus rien, sur la face de la terre, ni de mon mari, ni de son nom.
8 Alò, wa a te di a fanm nan: “Ale lakay ou e mwen va bay lòd pou ou menm.”
Et le roi dit à la femme: Porte-toi bien; va en ta demeure; je donnerai des ordres à ton sujet.
9 Fanm Tekoa a te di wa a: “O mèt mwen, wa a, inikite a sou mwen avèk lakay papa m; men kite wa a avèk twòn li an pa koupab.”
Et la femme de Thécoé dit à David: Que l'iniquité, ô roi, mon maître, retombe sur moi et sur la maison de mon père, que le roi et son trône en soient innocents.
10 Konsa, wa a te di: “Nenpòt moun ki pale avè w, mennen li bò kote m e li p ap touche ou ankò.”
Le roi reprit: Quel est donc celui de ta famille qui t'a parlé? Amène- le-moi, et il ne touchera pas à ton fils.
11 Alò, li te di: “Souple, kite wa a sonje SENYÈ a, pou vanjè san an pa kontinye detwi, sof ke sa, y ap detwi fis mwen an.” Epi li te di: “Jan SENYÈ a viv la, nanpwen menm yon grenn cheve a fis ou a k ap tonbe atè.”
A quoi la femme répondit: Que le roi, n'oublie point que le Seigneur son Dieu a désigné plus d'un vengeur du sang pour faire périr le meurtrier; veille à ce qu'on ne vienne pas m'enlever mon fils. Et David répondit: Vive le Seigneur! on ne lui fera pas tomber un cheveu de la tête.
12 Alò, fanm nan te di: “Souple kite sèvant ou an pale yon mo ak mèt mwen, wa a.” Li te di: “Pale”.
Alors, la femme ajouta: Que ta servante dise encore un mot au roi mon maître; et il répondit: Parle.
13 Fanm nan te di: “Alò, poukisa ou te fè yon move plan konsa kont pèp Bondye a? Paske nan pale pawòl sila a, se wa a ki koupab, kòmsi wa a pa mennen retounen sila li te ekzile a.
Et la femme dit: Pourquoi donc as-tu cette pensée contre le peuple de Dieu? Ou cette parole de la bouche du roi est-elle comme un serment, pour que le roi n'ait pas encore rappelé celui qu'il a banni?
14 Paske anverite, nou va mouri. Se tankou dlo ki gaspiye atè e ki p ap kab ranmase ankò. Men Bondye pa retire lavi, men toujou fè plan pou sila ki ekzile a pa vin jete deyò nèt de Li menm.”
Nous mourrons tous de mort, nous serons comme l'eau qui s'écoule sur la terre et ne revient plus; Dieu prendra notre âme, et le roi a encore la pensée de repousser au loin celui qu'il a banni!
15 Alò, rezon pou sila ke m vini pou pale pawòl sa a de mèt mwen an, wa a, se ke pèp la te fè m pè; pou sa sèvant pa ou a te di a: ‘Kite mwen pale avèk wa a. Petèt wa a va akonpli demann lan a sèvant li an.’
Maintenant que je suis venue dire cette parole au roi mon maître, le peuple me verra, et ta servante a dit: Qu'il soit parlé au roi mon maître, peut-être fera-t-il ce que dit sa servante;
16 Paske wa a va tande e delivre sèvant li an soti nan men a nonm ki ta detwi ni mwen, ni fis mwen an sou eritaj Bondye a.
Car le roi l'entendra. Qu'il protège sa servante contre l'homme qui veut dépouiller moi et mon fils de notre part dans l'héritage de Dieu.
17 Alò, sèvant ou an te di: ‘Souple kite pawòl a mèt mwen an, wa a, vin rekonfòte mwen, paske tankou zanj Bondye a, se konsa mèt mwen an, wa a, ye pou distenge sa ki bon avèk sa ki mal. Epi ke SENYÈ a, Bondye pa ou a, kapab avèk ou.’”
Et la femme ajouta: Le roi mon maître, comme un ange de Dieu, écoute le bon et le méchant; puisse donc la promesse qu'il m'a faite s'exécuter comme un sacrifice que l'on a voué. et le Seigneur ton Dieu sera avec toi.
18 Wa a te reponn e te di a fanm nan: “Souple, pa kache pou mwen anyen ke m prè pou mande ou la a.” Epi fanm nan te di: “Kite mèt mwen an, wa a, pale, souple.”
Le roi reprit et il dit à la femme: Ne me cache rien de ce que je vais te demander, et la femme répondit: Que le roi mon maître parle.
19 Alò, wa a te reponn e te di: “Èske men Joab mele avèk ou nan tout sa?” Epi fanm nan te reponn: “Jan nanm ou viv la, mèt mwen an, wa a, pèsòn pa kab vire ni adwat ni agoch nan anyen ke mèt mwen an, wa a, te pale a. Anverite, se te sèvitè ou a, Joab ki te kòmande mwen. Epi se te li ki te mete tout pawòl sa yo nan bouch sèvant ou an,
Et le roi dit: La main de Joab n'est-elle pas avec toi, en tout ceci? La femme répondit: Vive ton âme! ô roi mon maître, il n'y a pas à s'écarter à droite ni à gauche de ce que vient de dire le roi mon maître, car c'est ton serviteur Joab qui m'a donné ses ordres, et c'est lui qui a mis toutes ces paroles sur les lèvres de ta servante.
20 pou l te kab chanje aparans a bagay yo, sèvitè Joab la te fè bagay sa a. Men mèt mwen an saj, tankou sajès a zanj Bondye a, pou konnen tout sa ki sou tè a.”
C'est pour ne point aborder de front une telle affaire, que Joab ton serviteur a pris ce détour. Mais, mon seigneur est sage, il a la sagesse de l'ange de Dieu pour discerner toute chose sur la terre.
21 Alò, wa a te di Joab: “Gade byen, anverite, mwen va fè bagay sa a. Pou sa, ale mennen fè tounen jennonm nan, Absalom.”
Et le roi dit à Joab: Voilà que j'ai fait pour toi comme tu avais dit; pars et ramène mon fils Absalon.
22 Joab te tonbe figi atè, kouche nèt e te beni wa a. Epi Joab te di: “Jodi a, sèvitè ou konnen ke li twouve favè nan zye ou, O mèt mwen, wa a, akoz wa a te akonpli demann lan a sèvitè li a.”
Et Joab tomba la face contre terre; il adora et bénit le roi. Puis, il dit: Aujourd'hui ton serviteur reconnaît qu'il a trouvé grâce devant tes yeux, ô roi mon maître, puisque tu as fait comme ton serviteur avait dit.
23 Konsa, Joab te leve ale Gueschur pou te mennen Absalom Jérusalem.
Joab se releva, il alla à Gedsur, et il amena Absalon à Jérusalem.
24 Men wa a te di: “Pa kite li wè figi mwen.” Konsa, Absalom te vire kote pwòp lakay pa li, e li pa t wè figi a wa a.
Mais le roi dît: Qu'il retourne en sa demeure; qu'il ne voie point ma face. Absalon retourna donc en sa demeure, et il ne vit point la face du roi.
25 Alò, nan tout Israël, pa t gen lòt moun ki te pi bo ke Absalom, ki te resevwa lwanj tankou li. Soti nan talon pye li jis rive anwo tèt li, pa t gen defo menm.
Or, il n'y avait pas en tout Israël d'homme loué comme Absalon; depuis la plante des pieds jusqu'au sommet de la tête, il n'avait pas un défaut.
26 Lè l te konn taye cheve li (ki te fèt nan fen chak ane ke li te koupe li; paske li te lou sou li e pou sa, li te koupe l), li te peze cheve a tèt li nan pèz de-san sik selon balans a wa a.
Lorsqu'il se coupait les cheveux, et il se les coupait au commencement de chaque année, parce qu'il était incommodé de leur poids, il en recueillait deux cents sicles pesant, au poids du sicle royal.
27 Pou Absalom te ne twa fis ak yon fi ki te rele Tamar. Se te yon fanm ki te byen bèl.
Absalon avait trois fils et une fille qui se nommait Thamar; celle-ci était extrêmement belle; elle fut la femme de Roboam, fils de Salomon, et elle lui enfanta Abia.
28 Alò, Absalom te viv pandan dezan konplè Jérusalem e pa t wè figi a wa a.
Absalon demeura deux ans à Jérusalem, et il ne vit point la face du roi.
29 Apre, Absalom te voye dèyè Joab, pou l ta voye li kote wa a, men Joab te refize vin kote li. Konsa, li te voye ankò yon dezyèm fwa, men li pa t vini.
Ensuite, Absalon envoya chez Joab pour que celui-ci le menât chez le roi, mais il ne voulut point venir; Absalon envoya une seconde fois; Joab refusa encore.
30 Pou sa, li te pale a sèvitè yo pa li menm: “Gade, chan Joab la akote pa m nan ki gen sereyal lòj. Ale mete dife ladann”. Konsa sèvitè Absalom yo te mete dife nan chan an.
Enfin, Absalon dit à ses serviteurs: Voilà que Joab a dans la plaine un champ auprès des miens et où il y a de l'orge; allez, et mettez-y le feu. Les serviteurs d'Absalon incendièrent donc le champ; les serviteurs de Joab déchirèrent leurs vêtements, ils accoururent chez lui, et ils dirent: Les serviteurs d'Absalon viennent de brûler ton champ.
31 Alò, Joab te leve rive kote Absalom lakay li a. Li te di li: “Poukisa sèvitè ou yo te lage dife nan chan mwen an?”
Et Joab, se levant, alla trouver Absalon en sa demeure, et il lui dit: Pourquoi tes serviteurs ont-ils porté la flamme dans mon champ.
32 Absalom te reponn Joab: “Gade, mwen te voye dèyè ou, e mwen te di: ‘Vin isit la pou m kab voye ou kote wa a pou mande l: “Poukisa mwen te kite Gueschur? Li ta pi bon pou mwen si m te toujou la.”’ Pou sa, kite mwen wè figi a wa a, e si gen inikite nan mwen, kite li mete m a lanmò.”
Absalon dit à Joab. Je t'ai envoyé querir, disant: Viens chez moi, je veux t'envoyer dire au roi: Pourquoi ai-je quitté Gedsur? J'ai trouvé doux de rentrer en ma demeure, mais je ne vois point la face du roi. S'il y a en moi une iniquité, que l'on me mette à mort.
33 Konsa, lè Joab te rive kote wa a e te pale li, li te rele Absalom. Konsa, li te rive a wa a e te bese li ba avèk figi li atè devan wa a e wa a te bo Absalom.
Joab rentra chez le roi et lui raconta tout; puis, il appela Absalon, et celui-ci entra auprès du roi, et il l'adora, et il tomba la face contre terre devant la face du roi; et le roi baisa Absalon.

< 2 Samyèl 14 >