< 2 Samyèl 11 >

1 Alò, li te fèt pandan prentan an, lè ke wa yo konn sòti batay, ke David te voye Joab, ansanm avèk sèvitè li yo ak tout Israël. Yo te detwi fis a Ammon yo e yo te fè syèj nan Rabba, men David te rete Jérusalem.
I stalo se po roce, když králové vyjíždívají na vojnu, že poslal David Joába a služebníky své s ním, též i všecken Izrael, aby hubili Ammonitské; i oblehli Rabba. David pak zůstal v Jeruzalémě.
2 Epi lè lannwit te vin rive, David te leve nan kabann li. Li te mache antoure twati kay wa a, soti nan twati a, li te wè yon fanm ki t ap benyen. Epi fanm nan te byen bèl nan aparans li.
Tedy stalo se k večerou, když vstal David s ložce svého, procházeje se po paláci domu královského, že uzřel s paláce ženu, ana se myje; kterážto žena byla vzezření velmi krásného.
3 Konsa, David te voye mande konsèy sou fanm sa a. Epi youn te di: “Èske sa se pa Bath-Schéba, fis a Éliam nan, fanm a Urie a, Itit la?”
A poslav David, vyptal se o té ženě a řekl: Není-liž to Betsabé dcera Eliamova, manželka Uriáše Hetejského?
4 David te voye mesaje pran li. Lè li te parèt kote li, li te kouche avèk li ( paske li te fin pirifye tèt li de salte a). Epi li te retounen lakay li.
Opět poslal David posly a vzal ji. Kterážto když vešla k němu, obýval s ní; (nebo se byla očistila od nečistoty své). Potom navrátila se do domu svého.
5 Fanm nan te vin ansent. Li te voye di David: “Mwen ansent.”
I počala žena ta. Protož poslavši, oznámila Davidovi, řkuci: Těhotná jsem.
6 Konsa, David te voye kote Joab. Li te di: “Voye ban mwen Urie, Itit la.” Konsa, Joab te voye Urie kote David.
Poslav pak David, vzkázal Joábovi: Pošli ke mně Uriáše Hetejského. I poslal Joáb Uriáše k Davidovi.
7 Lè Urie te vin kote li, David te mande pa sikonstans a Joab avèk tout pèp la ak jan lagè a te mache a.
A když přišel Uriáš k němu, otázal se ho, jak se má Joáb, a jak se má lid, a kterak se vede v vojště?
8 Alò, David te di a Urie: “Desann lakay ou pou lave pye ou.” Epi Urie te desann sòti lakay wa, a e yon kado soti nan men wa a te voye ba li.
Řekl také David Uriášovi: Jdiž do domu svého, a umyj sobě nohy. I vyšel Uriáš z domu králova, a poslán za ním dar královský.
9 Men Urie te dòmi kote pòt lakay wa a avèk tout sèvitè a mèt li yo. Li pa t desann lakay li.
Ale Uriáš spal u vrat domu královského se všemi služebníky pána svého, a nešel do domu svého.
10 Alò, lè yo te di David: “Urie pa t desann lakay li,” David te di a Urie: “Èske ou pa t fenk fin fè yon vwayaj? Poukisa konsa ou pa t desann lakay ou?”
Což když oznámili Davidovi, řkouce: Nešel Uriáš do domu svého, řekl David Uriášovi: Však jsi z cesty přišel. Pročež jsi nešel do domu svého?
11 Urie te di a David: “Lach la menm avèk Israël avèk Juda ap rete nan tant yo; epi mèt mwen, Joab avèk sèvitè a mèt mwen yo ap fè kan nan chan louvri. Konsa, kijan mwen kapab ale lakay mwen pou manje bwè e kouche avèk madanm mwen? Pa lavi ou ak lavi nanm ou menm, mwen p ap fè bagay sa a.”
Odpověděl Uriáš Davidovi: Truhla Boží a Izrael i Juda zůstávají v staních, a pán můj Joáb i služebníci pána mého na poli zůstávají, já pak mám vjíti do domu svého, abych jedl a pil, a spal s manželkou svou? Jakož jsi živ ty, a jako jest živa duše tvá, žeť toho neučiním.
12 Alò, David te di a Urie: “Rete isit la jodi a tou e demen mwen va kite ou ale.” Konsa, Urie te rete Jérusalem nan jou sa a ak pwochen jou a.
Tedy řekl David Uriášovi: Pobuď zde ještě dnes, a zítra propustím tebe. I zůstal Uriáš v Jeruzalémě toho dne i nazejtří.
13 Alò David te rele li, li te manje bwè devan li e li te fè li sou. Epi nan aswè, li te sòti pou kouche sou kabann li avèk sèvitè a mèt li yo, men li pa t desann lakay li.
V tom pozval ho David, aby jedl před ním a pil, a opojil ho. A však on šel večer spáti na ložce své s služebníky pána svého, a nešel do domu svého.
14 Alò, nan maten, David te ekri yon lèt a Joab pou te voye li nan men Urie.
A když bylo ráno, napsal David list Joábovi, kterýž poslal po Uriášovi.
15 Li te ekri nan lèt la, e te di: “Mete Urie pa devan nan chan kote batay la pi rèd la e retounen kite li, pou l kab tonbe mouri.”
Psal pak v listu těmi slovy: Postavte Uriáše proti bojovníkům nejsilnějším; mezi tím odstupte nazpět od něho, aby raněn jsa, umřel.
16 Konsa, se te pandan Joab t ap veye vil la, ke li te mete Urie nan plas kote li te konnen lènmi an te gen mesye vanyan yo.
I stalo se, když oblehl Joáb město, že postavil Uriáše proti místu, kdež věděl, že jsou nejsilnější muži.
17 Mesye vil yo te sòti goumen kont Joab, kèk nan moun pami sèvitè a David yo te tonbe. Epi Urie, Itit la te mouri tou.
A vyskočivše muži z města, bojovali proti Joábovi. I padli někteří z lidu, z služebníků Davidových, také i Uriáš Hetejský zabit.
18 Alò, Joab te voye bay rapò a David selon tout evenman lagè a.
Tedy poslav Joáb, oznámil Davidovi všecko, což se zběhlo v bitvě.
19 Li te kòmande mesaje a, e te di: “Lè ou fin pale tout afè lagè yo a wa a,
A přikázal tomu poslu, řka: Když vypravíš králi všecky věci, které se zběhly v bitvě,
20 epi li vin rive ke kòlè leve nan wa a e li di ou: ‘Poukisa ou te pwoche pre vil la konsa pou goumen? Èske ou pa t konnen ke yo ta tire soti sou miray la?
Při čemž jestliže se popudí prchlivost královská a řekne-liť: Proč jste přistoupili k městu, bojujíce? Zdaliž jste nevěděli, že házejí se zdi?
21 Se kilès ki te frape Abimélec, fis a Jerubbéscheth la? Èske se pa yon fanm ki te jete yon wòch moulen sou li soti nan miray ki fè l mouri Thébets la? Poukisa ou te pwoche pre miray la?’ epi ou va di: ‘Sèvitè ou a Urie, Itit la, te mouri tou.’”
Kdo zabil Abimelecha syna Jerobosetova? Zdali ne žena, svrhši na něj kus žernovu se zdi, tak že umřel v Tébes? Proč jste přistupovali ke zdi? tedy díš: Také služebník tvůj Uriáš Hetejský umřel.
22 Konsa, mesaje a te pati pou te vin bay rapò a David, de tout sa ke Joab te voye li pale yo.
A tak šel posel, a přišed, oznámil Davidovi všecko to, pročež ho byl poslal Joáb.
23 Mesaje a te di a David: “Mesye yo te genyen sou nou e te sòti kont nou nan chan an; men nou te peze yo rèd jis rive nan antre pòtay la.
A řekl posel ten Davidovi: Zmocnili se nás muži ti, a vytrhli proti nám do pole, a honili jsem je až k bráně.
24 Anplis, mesye banza yo te tire sou sèvitè ou yo soti nan miray la. Konsa, kèk nan sèvitè ou yo mouri, e sèvitè ou a, Urie, Etyen an mouri osi.”
V tom stříleli střelci na služebníky tvé se zdi, a zbiti jsou někteří z služebníků králových, také i služebník tvůj Uriáš Hetejský zabit.
25 Alò David te di a mesaje a: “Konsa ou va pale Joab, ‘Pa kite bagay sa a fè ou mal, paske nepe a devore youn menm jan ke yon lòt. Fè batay ou kont vil la vin pi rèd pou boulvèse li’. Se konsa pou ankouraje li.”
Tedy řekl David poslu: Tak pověz Joábovi: Nic tě to nerozpakuj, že tak i jinak sehlcuje meč. Ztuž boj svůj proti městu a zkaz je, a potěš drábů.
26 Alò, lè madanm a Urie te tande ke Urie, mari li a, te mouri, li te kriye pou mari li.
Uslyševši pak manželka Uriášova, že umřel Uriáš muž její, plakala manžela svého.
27 Lè tan kriye a te fini, David te voye mennen li lakay li, li te devni madanm li, e li te fè yon fis pou li. Men bagay ke David te fè a te mal nan zye SENYÈ a.
A když pominul pláč, poslav David, vzal ji do domu svého, a měl ji za manželku; i porodila mu syna. Ale nelíbilo se to Hospodinu, co učinil David.

< 2 Samyèl 11 >