< 2 Samyèl 1 >
1 Alò, li te vin rive ke lè Saül te fin mouri, e David te retounen soti nan masak a Amalekit yo, ke David te rete pandan de jou nan Tsiklag.
サウルの死し後ダビデ、アマレク人を撃てかへりチクラグに二日とどまりけるが
2 Nan twazyèm jou a, vwala, yon mesye te sòti nan kan an kote Saül la. Rad li te chire epi te gen pousyè sou tèt li. Lè li te parèt a David, li te tonbe atè; li te kouche plat nèt pou fè respè.
第三日に及びて一個の人其衣を裂き頭に土をかむりて陣營より即ちサウルの所より來りダビデの許にいたり地にふして拝せり
3 Alò, David te di li: “Depi ki kote ou sòti?” Li te reponn: “Mwen te chape soti nan kan Israël la.”
ダビデかれにいひけるは汝いづくより來れるやかれダビデにいひけるはイスラエルの陣營より逃れきたれり
4 David te di li: “Se kijan bagay yo te sòti? Souple, fè m konnen.” Konsa, li te di: “Moun yo gen tan sove ale kite batay la, e anplis, anpil nan moun yo tonbe mouri. Epi Saül avèk Jonathan, fis li a te mouri tou.”
ダビデかれにいひけるは事いかん請ふ我につげよかれこたへけるは民戰に敗れて逃げ民おほく仆れて死りまたサウルと其子ヨナタンも死り
5 Konsa, David te di a jennonm nan ki te pale li a: “Kijan ou fè konnen ke Saül avèk fis li, Jonathan mouri?”
ダビデ其おのれにつぐる少者にいひけるは汝いかにしてサウルと其子ヨナタンの死たるをしるや
6 Jennonm ki te pale li a te di: “Pa aza mwen te sou Mòn Guilboa, e gade byen, Saül t ap apiye sou frenn li an. Epi gade, cha yo avèk chevalye yo t ap kouri rèd sou li.
ダビデにつぐる少者いひけるは我はからずもギルボア山にのぼり見しにサウル其槍に倚かかりをりて戰車と騎兵かれにせめよらんとせり
7 Lè l te gade dèyè li, li te wè m e te rele mwen. Epi mwen te di: ‘Men mwen’.
彼うしろにふりむきて我を見我をよびたれば我こたへて我ここにありといふ
8 Li te di mwen: ‘Se ki moun ou ye?’ Epi mwen te reponn li: ‘Mwen se yon Amalekit’.
かれ我に汝は誰なるやといひければ我かれにこたへて我はアマレク人なりといふ
9 Alò li te di mwen: ‘Souple, kanpe akote mwen pou touye mwen; paske gwo doulè gen tan sezi mwen akoz lavi m toujou rete nan mwen.’
かれまた我にいひけるはわが身いたく攣ば請ふ我うへにのりて我をころせわが生命なほわれの中にまつたければなりと
10 Konsa, mwen te kanpe akote li pou te touye li; paske mwen te konnen ke li pa t kab viv lè l te fin tonbe a. Epi mwen te pran kouwòn ki te sou tèt li a, ak braslè ki te nan bra li a, e mwen te mennen yo isit la kote mèt mwen.”
我すなはちかれの上にのりてかれを殺したり其は我かれが旣に仆て生ることをえざるをしりたればなりしかして我その首にありし冕とその腕にありし釧を取りてこれをわが主に携へきたれり
11 Alò, David te sezi rad li, te chire yo, menm jan tout mesye ki te avè l yo te fè.
是においてダビデおのれの衣を執てこれを裂けりまた彼とともにある者も皆しかせり
12 Yo te fè dèy e te kriye fè jèn pou Saül avèk fis li a, Jonathan, pou pèp SENYÈ a e pou lakay Israël jis rive nan aswè, akoz yo te tonbe pa nepe.
彼等サウルのためまた其子ヨナタンのためまたヱホバの民のためイスラエルの家のために哭きかなしみて晩まで食を斷り其は彼ら劍にたふれたればなり
13 David te di a jennonm ki te pale li a: “Se kibò ou sòti?” Epi li te reponn: “Mwen se fis a yon etranje, yon Amalekit.”
ダビデおのれに告し少者にいひけるは汝は何處の者なるやかれこたへけるは我は他國の人すなはちアマレク人なりと
14 Alò, David te di li: “Kijan sa ye ke ou pa t pè lonje men ou pou detwi onksyone a SENYÈ a?”
ダビデかれにいひけるは汝なんぞ手をのばしてヱホバの膏そそぎし者をころすことを畏ざりしやと
15 Epi David te rele youn nan jennonm yo e te di: “Ale, koupe l fè l desann.” Konsa, li te frape li e li te mouri.
ダビデ一人の少者をよびていひけるは近よりてかれをころせとすなはちかれをうちければ死り
16 David te di li: “San ou sou pwòp tèt pa w; paske bouch ou te fè temwayaj kont ou menm e te di: ‘Mwen te touye onksyone a SENYÈ a.’”
ダビデかれにいひけるは汝の血は汝の首に歸せよ其は汝口づから我ヱホバのあぶらそそぎし者をころせりといひて己にむかひて證をたつればなり
17 Alò, David te chante lamantasyon sila sou Saül avèk fis li a, Jonathan.
ダビデ悲歌をもてサウルと其子ヨナタンを吊ふ
18 Epi li te di yo pou montre fis a Juda yo chan ki rele Banza a. Gade byen, li ekri nan liv a Jaschar a.
ダビデ命じてこれをユダの族にをしへしむ即ち弓の歌是なり是はヤシル書に記さる
19 “Bèlte ou, O Israël, detwi sou wo plas ou yo! O kijan glwa ou yo te tonbe sou wo plas yo!
イスラエルよ汝の榮耀は汝の崇邱に殺さる嗚呼勇士は仆れたるかな
20 Pa pale sa nan Gath, ni pwoklame sa nan lari Askalon yo, sof fi Filisten yo ta rejwi; fi a ensikonsi yo ta egzalte,
此事をガテに告るなかれアシケロンの邑に傳るなかれ恐くはペリシテ人の女等喜ばん恐くは割禮を受ざる者の女等樂み祝はん
21 O mòn a Guilboa yo, pa kite lawouze ni lapli vin tonbe sou nou, ni sou chanm ofrann yo; paske pwisan yo te tonbe, paske la, boukliye pwisan an te vin sal. Boukliye Saül te pedi lwil onksyon an.
ギルボアの山よ願は汝の上に雨露降ることあらざれ亦供物の田園もあらざれ其は彼處に勇士の干棄らるればなり即ちサウルの干膏を沃がずして彼處に棄らる
22 Soti nan san a sila ki te mouri yo, soti nan grès a pwisan yo, banza a Jonathan an pa t fè bak, ni nepe a Saül la pa t retounen vid.
殺せし者の血をのまずしてヨナタンの弓は退かず勇士の脂を食ずしてサウルの劍は空く歸らず
23 Saül avèk Jonathan, byen emab e byeneme pandan vi pa yo, epi nan mò yo, yo pa t vin separe. Yo te pi rapid ke èg yo. Yo te pi pwisan pase lyon yo.
サウルとヨナタンは愛らしく樂げにして生死ともに離れず二人は鷲よりも捷く獅子よりも強かりき
24 O fi Israël yo, kriye pou Saül, ki te fè nou abiye byen bèl ak twal wouj, ki te mete òneman an lò sou vètman nou.
イスラエルの女等よサウルのために哀けサウルは絳き衣をもて汝等を華麗に粧ひ金の飾を汝等の衣に着たり
25 Kijan pwisan yo vin tonbe nan mitan batay la! Jonathan vin touye sou wo plas nou yo.
嗚呼勇士は戰の中に仆たるかなヨナタン汝の崇邱に殺されぬ
26 Mwen twouble pou ou, frè m Jonathan. Ou te konn fè m byen kontan. Lanmou ou te yon bèl bagay. Lanmou ou te pi presye ke lanmou a yon fanm.
兄弟ヨナタンよ我汝のために悲慟む汝は大に我に樂き者なりき汝の我をいつくしめる愛は尋常ならず婦の愛にも勝りたり
27 Kijan pwisan yo te tonbe e zam lagè yo te vin peri!”
嗚呼勇士は仆たるかな戰の具は失たるかな