< 2 Piè 3 >

1 Sa se koulye a, byeneme yo, dezyèm lèt ke m ekri nou an. Ladann mwen ap eseye kiltive nan nou kèk refleksyon serye, pou fè nou sonje,
Dette er no alt det andre brevet eg skriv til dykk, de kjære, og i deim ved påminning vekkjer dykkar reine hug
2 pou nou kab sonje pawòl ki te pale oparavan pa pwofèt sen yo e kòmandman a Senyè ak Sovè a ki te pale pa apot nou yo.
til å minnast dei ord som fyrr er tala av dei heilage profetar, og bodet frå Herren og frelsaren som apostlarne dykkar hev forkynt,
3 Konnen sa dabò, ke nan dènye jou yo mokè yo va vin moke, sila k ap swiv pwòp dezi lachè yo,
med di de fyrst og fremst veit dette, at i dei siste dagar skal det koma spottarar med spott, som gjeng etter sine eigne lyster
4 epi yo va di: “Kote pwomès ke L ap vini an? Paske depi papa nou yo te vin mouri, tout bagay kontinye jis jan li te ye depi kòmansman kreyasyon an.”
og segjer: «Kvar er lovnaden um hans tilkoma? For ifrå den tid då federne sovna av, stend alt so som frå upphavet av skapningen.»
5 Paske lè yo kalkile konsa a, sa vin chape de remak yo ke selon pawòl Bondye a, syèl yo te egziste depi lontan e latè te fòme avèk dlo e pa dlo.
For dei som segjer so, gløymer at himlar var det frå gamall tid og ei jord som hadde vorte til ut av vatn og gjenom vatn ved Guds ord,
6 Pa dlo sa a mond lan te detwi, lè l vin kouvri avèk dlo.
og dermed gjekk og den dåverande verdi under i vatsflaumen.
7 Men, pa pawòl Li syèl avèk tè ki la koulye a, ap rezève pou destriksyon avèk dife, yo kenbe pou jou jijman an ak destriksyon moun mechan yo.
Men dei noverande himlar og jordi er ved det same ordet sparde til elden, og upphaldne til den dagen då dei ugudlege menneskje skal verta dømde og fortapte.
8 Men pa kite sa chape de atansyon nou, byeneme yo, ke avèk Senyè a, yon jou se tankou mil ane, e mil ane se tankou yon jou.
Men dette eine må de ikkje sleppa or syne, mine kjære, at ein dag er for Herren som tusund år, og tusund år som ein dag.
9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.
Herren er ikkje langdrygjen med lovnaden, so som sume held det for ei drygjing; men han er langmodig med dykk, då han ikkje vil at nokon skal verta fortapt, men at alle skal koma til umvending.
10 Men jou a Senyè a va vini kòm yon vòlè. Konsa syèl la va disparèt avèk yon gwo bwi, eleman yo va detwi avèk yon gwo chalè, e latè ak zèv li yo va vin brile nèt.
Men Herrens dag skal koma som ein tjuv; då skal himlarne forgangast med dundrane ljom, og himmelklotarne skal koma i brand og verta uppløyste, og jordi og alle verk på henne verta uppbrende.
11 Akoz ke tout bagay sa yo dwe detwi nan jan sa a, ki kalite moun nou ta dwe ye selon kondwit ki sen e fidèl?
Då no alt dette vert uppløyst, kor må ikkje de då stræva etter heilag ferd og gudlegt liv,
12 Moun k ap chache toujou pou avanse jou a Bondye, k ap fè syèl yo detwi avèk dife, e tout eleman yo fann avèk gwo chalè a!
medan de ventar og skundar på at Guds dag skal koma, som skal gjera at himlarne vert uppløyste i eld, og himmelklotarne kjem i brand og brånar!
13 Men selon pwomès Li, n ap chache syèl ki tounèf yo ak yon tè tounèf, kote ladwati abite.
Men me ventar etter hans lovnad nye himlar og ei ny jord, der rettferd bur.
14 Konsa, byeneme yo, akoz ke n ap chache bagay sa yo, se pou nou dilijan pou Li jwenn nou anpè san tach e san fot.
Difor, mine kjære, då de ventar dette, so legg vinn på at de kann verta funne utan flekk og lyte for hans åsyn i fred!
15 Konsidere pasyans a Senyè a kòm sali nou. Menmjan an osi ak frè byeneme nou an, Paul, te ekri nou, selon sajès ke li te resevwa a,
Og agta det langmod vår Herre viser, som ei frelsa, som og vår kjære bror Paulus hev skrive til dykk etter den visdom som han hev fenge,
16 kòm osi nan tout lèt li yo, li te pale ak yo de bagay sa yo. Ladan yo, gen kèk bagay ki difisil pou konprann, ke sila ki san konprann e ki pa stab yo defòme, jan yo te fè osi ak tout lòt Ekriti sen yo, ki va gen kòm rezilta, pwòp destriksyon pa yo.
liksom og i alle sine brev når han i deim talar um desse ting; i deim er det noko som er vandt å skynda, som ulærde og ustøde mistyder, liksom dei og gjer med dei andre skrifterne, til sin eigen undergang.
17 Konsa, nou menm, byeneme yo, ki konnen sa davans, rete vijilan pou nou pa pote ale pa erè a moun san prensip yo, e tonbe kite pwòp fidelite nou.
So må då de, mine kjære, som fyreåt veit dette, vara dykk, so de ikkje skal verta dregne med i villa av dei ugudlege og falla frå dykkar eigen faste grunn!
18 Men grandi nan lagras ak konesans Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri. A Li menm, laglwa, menm koulye a, e nan jou letènite a. Amen. (aiōn g165)
Men veks i nåde og kjennskap til vår Herre og frelsar Jesus Kristus! Honom vere æra både no og til æveleg tid! Amen. (aiōn g165)

< 2 Piè 3 >

The Great Flood
The Great Flood