< 2 Wa 9 >

1 Alò, Élisée, pwofèt la, te rele youn nan fis a pwofèt yo. Li te di li: “Mare senti ou e pran bokal lwil nan men ou pou monte Ramoth-Galaad.
Pwofèt Elize rele yonn nan jenn pwofèt yo, li di l' konsa: —Pare pou ale lavil Ramòt nan peyi Galarad. Pran ti poban lwil oliv sa a avè ou.
2 Lè ou rive la, chache jwenn Jéhu, fis a Josaphat a, fis a Nimschi a. Antre ladann, mande li vin apa de frè li yo. Mennen li nan yon chanm anndan.
Lè w'a rive, w'a chache kote Jeou, pitit gason Jozafa a, pitit pitit Nimchi a, ye. W'a antre kote l' ye a, w'a fè l' leve kite kanmarad li yo, w'a mennen l' nan yon pyès apa.
3 Konsa, pran bokal lwil la, vide li sou tèt li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a; “Mwen te onksyone ou wa sou Israël.”’ Epi konsa, louvri pòt la, kouri sove ale! Pa tann!”
W'a pran ti poban lwil la, w'a vide l' sou tèt li. W'a di l': Men sa Seyè a di: Mwen chwazi ou pou ou wa nan peyi Izrayèl. Lèfini, pa rete. Louvri pòt la, prese al fè wout ou.
4 Konsa, jennonm nan, sèvitè pwofèt la, te ale Ramoth-Galaad.
Se konsa jenn pwofèt la ale lavil Ramòt nan peyi Galarad.
5 Lè l rive, men vwala, kapitèn a lame yo te chita. Li te di: “Mwen gen yon pawòl pou ou O kapitèn.” Jéhu te reponn: “Pou kilès nan nou?” Li te di: “Pou ou, O kapitèn.”
Li jwenn tout chèf lame yo te reyini ap pale ansanm. Li di konsa: —Chèf, mwen gen yon mesaj pou ou. Jeou mande l': —Pou kilès nan nou? Pwofèt la reponn: —Pou ou wi, chèf.
6 Li te leve pou antre nan kay la. Li te vide lwil sou tèt li e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, Mwen te onksyone ou Wa sou pèp SENYÈ a, sou Israël menm.
Jeou leve, li antre nan kay la. Lamenm jenn pwofèt la vide lwil oliv la sou tèt Jeou, li di l' konsa: —Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen chwazi ou pou ou wa sou pèp Izrayèl, pèp mwen an.
7 Ou gen pou frape lakay Achab, mèt ou a, pou Mwen kapab fè revandikasyon san a sèvitè mwen yo, pwofèt yo ak san a tout sèvitè SENYÈ yo, pa men Jézabel.
Ou pral touye tout fanmi Akab, mèt ou a. Se konsa mwen pral peni Jezabèl pou touye li te touye pwofèt mwen yo ak tout lòt sèvitè m' yo.
8 ‘Paske tout lakay Achab va peri e Mwen va koupe retire sou Achab tout gason, ni esklav, ni lib an Israël.
Tout rès fanmi Akab la fèt pou disparèt. M'ap touye dènye gason ki gen nan fanmi an, jenn moun kou granmoun.
9 Mwen va fè lakay Achab vin tankou lakay Jéroboam, fis a Nebath la, e tankou lakay Basha, fis Achija a.
Menm sa m' te fè fanmi Jewoboram, pitit Nebat, wa peyi Izrayèl la, menm sa m' te fè fanmi Bacha, pitit Akija, wa peyi Izrayèl la tou, se sa m'ap fè fanmi pa l' la tou.
10 Chen ap manje Jézabel nan teritwa Jizréel la, e nanpwen moun k ap antere li.’” Konsa, li te ouvri pòt la e te sove ale.
Pou Jezabèl menm, se chen ki pral manje kadav li nan jaden Jizreyèl la. P'ap gen pesonn pou antere l'. Lè li fin di sa, li louvri pòt la, li kouri ale.
11 Alò Jéhu te sòti deyò kote sèvitè mèt li yo. Youn nan yo te mande l: “Èske tout bagay byen? Poukisa nonm fou sila a te vin kote ou a?” Li te reponn yo: “Ou konnen nonm sila a avèk tout sa li pale yo.”
Jeou tounen al jwenn lòt chèf parèy li yo. Yo mande l': —Sa ki genyen? Sa nèg fou sa a te bezwen ou fè? Jeou reponn yo: —Anyen. Nou konnen ki moun pwofèt sa yo ye. Nou konnen sa y'ap mache di!
12 Yo te di: “Sa se manti. Pale nou koulye a.” Li te di: “Li te di m, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen te onksyone ou wa sou Israël”’”.
Mesye yo reponn: —Manti w'ap ban nou la a! Annou wè non, monchè. Rakonte nou sa l' di ou. Lè sa a, Jeou di yo: —Li di m' Seyè a voye di m' li chwazi m' pou wa peyi Izrayèl la.
13 Konsa, yo te fè vit, chak moun te pran vètman pa yo, te plase yo anba li sou mach la. Yo te soufle twonpèt la e yo t ap di: “Jéhu se wa a!”
Lamenm chèf lame yo wete manto yo, yo louvri yo sou tèt macheskalye a, yo fè Jeou moute chita. Yo kònen klewon, yo di: —Viv Jeou, wa peyi Izrayèl!
14 Konsa Jéhu, fis a Josaphat a, fis a Nimschi a, te fè konplo kont Joram. Alò, Joram avèk tout Israël t ap defann Ramoth-Galaad kont Hazaël, wa Syrie a.
Jeou, pitit Jozafa, pitit pitit Nimchi, moute yon konplo kont Joram. Joram te moute lavil Ramòt nan peyi Galarad ak tout moun peyi Izrayèl yo al goumen ak Azayèl, wa peyi Siri.
15 Men Wa Joram te fin retounen a Jizréel pou geri akoz blesi ke Siryen yo te ba li lè li te goumen avèk Hazaël, wa Syrie a. Konsa, Jéhu te di: “Si sa se volonte ou, pa kite pèsòn chape kite vil la pou ale pale Jizréel.”
Men, li te tounen lavil Jizreyèl fè mete renmèd sou kote sòlda peyi Siri yo te blese l' lè li t'ap goumen ak Azayèl, wa peyi Siri a. Lè sa a Jeou di moun ki te avè l' yo: —Si nou avè m' vre, pa kite pesonn soti lavil Ramòt al bay nouvèl la lavil Jizreyèl.
16 Alò, Jéhu te monte yon cha pou te ale Jizréel, paske Joram te kouche la. Achazia, wa Juda a, te deja desann pou wè Joram.
Apre sa, li moute sou cha lagè li, li pati pou lavil Jizreyèl. Joram te kouche malad toujou. Akazya, wa peyi Jida a, te desann vin wè l'.
17 Koulye a, gadyen an te kanpe sou fò Jizréel, e li te wè konpanyen Jéhu, pandan li t ap vini. Li te di: “Mwen wè yon konpanyen.” Joram te di: “Pran yon chevalye, voye li rankontre yo e kite li di: ‘Èske sa an pè?’”
Yon faksyonnè ki te nan fò won Jizreyèl la wè Jeou ansanm ak yon bann moun ki t'ap pwoche. Li rele: —Mwen wè yon bann moun k'ap vini wi! Joram bay lòd sa a: —Voye yon kavalye al kontre yo pou l' mande yo si y'ap vin an zanmi!
18 Konsa, yon chevalye te ale rankontre li. Li te di: “Konsa pale wa a: ‘Èske sa an pè?’” Jéhu te reponn: “Kisa ou gen pou fè avèk lapè? Vire dèyè mwen.” Konsa, gadyen an te bay rapò a. “Mesaje a te rive kote yo, men li pa t retounen.”
Kavalye a pati al kontre Jeou, li di l': —Wa a bezwen konnen si se an zanmi w'ap vini! Jeou reponn li: —Sa pa gade ou! Pase dèyè do m'. Faksyonnè a bay nouvèl la konsa: —Mesaje a rive bò kote yo, men li pa tounen.
19 Li te voye yon dezyèm chevalye, ki te rive kote yo. Li te di: “Konsa pale wa a: ‘Èske sa an pè?’” Jéhu te reponn: “Kisa ou gen pou fè avèk lapè? Vire dèyè mwen.”
Yo voye yon dezyèm kavalye. Lè li rive bò kote yo, li di: —Wa a mande ou si se an zanmi w'ap vini. Jeou reponn li: —Sa pa gade ou! Pase dèyè do m'.
20 Gadyen an te bay rapò a: “Lè te rive kote yo menm, men li pa t retounen, epi kondwi li se tankou kondwi a Jéhu, paske li kondwi tankou moun anraje.”
Faksyonnè a bay nouvèl la ankò: —Mesaje a rive bò kote yo, men li pa tounen. Lèfini, moun ki sou premye cha a gen lè se Jeou, pitit pitit Nimchi a. L'ap kouri cha lagè a tankou moun fou.
21 Konsa, Joram te di: “Fè cha a vin parèt.” Epi yo te prepare cha li a. Joram, wa Israël la, avèk Achazia, wa Juda a te sòti yo chak nan cha pa yo, yo te ale rankontre Jéhu, e yo te twouve li sou tèren Naboth la, Jizreyelit la.
Lè sa a Joram di: —Pare cha lagè a pou mwen! Yo mennen chwal yo, yo pare cha lagè wa a. Joram, wa peyi Izrayèl la, ak Okozyas, wa peyi Jida a, pati, chak moun sou cha yo. y' al kontre Jeou. Yo kontre avè l' nan jaden ki te pou Nabòt, moun lavil Jizreyèl la.
22 Lè Joram te wè Jéhu, li te di: “Èske sa an pè, Jéhu?” Epi li te reponn: “Ki lapè sa a, kòmsi zak pwostitiye manman ou Jézabel avèk vye maji pa li yo tèlman anpil?”
Joram mande l': —Eske ou vin an zanmi? Jeou reponn: —Ki zanmi w'ap pale la a lè manman ou, Jezabèl, ap donnen pi rèd nan fè maji ak nan sèvi zidòl?
23 Alò, Joram te frennen cha a, tou vire e te sove ale. Li te pale Achazia: “Trayizon, O Achazia!”
Joram kase tèt tounen, li kouri met deyò, li di Okozyas konsa: —Yo trayi nou, Okozyas!
24 Konsa, Jéhu te rale banza li ak tout fòs e te tire Joram antre bwa li. Flèch la te pase nan kè l e li te bese desann nan cha li.
Jeou pran banza li, li voye yon flèch ak tout fòs li. Flèch la pran Joram nan mitan de zepòl li yo, li pèse kè l'. Joram tonbe nan cha lagè li a.
25 Alò, Jéhu te pale ak Bidqar, adjwen li an: “Pran l e jete l nan chan Naboth la, Jizreyelit la, paske mwen sonje lè ou avèk mwen te monte kouri ansanm dèyè Achab, papa li, ke SENYÈ a te pwononse pawòl sa a kont li:
Jeou rele Bidka, òdonans li an, li ba li lòd sa a: —Pran kadav la, jete l' nan jaden Nabòt, moun Jizreyèl la. Ou chonje lè ou menm avè m' nou te sou chwal nou dèyè Akab, papa l'? Seyè a te pale kont Joram, li te di:
26 ‘Anverite, Mwen te wè ayè, san Naboth la ak san a fis li yo,’ pale SENYÈ a, ‘epi, Mwen va rekonpanse ou nan teren sa a’, pale SENYÈ a. Alò, pou sa, pran l e jete l nan teren an, selon pawòl SENYÈ a.”
Menm jan ayè, mwen te wè jan nou te touye Nabòt ak pitit gason l' yo, se konsa m'a ba ou sa ou merite a nan menm jaden an. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. Koulye a, pran kadav li, jete l' nan jaden Nabòt la, jan Seyè a te di l' la.
27 Lè Achazia, wa Juda a te wè li, li te sove ale pa chemen kay jaden an. Epi Jéhu te kouri dèyè li e te di: “Tire li tou, nan cha a.” Konsa, li te fèt sou ti pant Gur a, ki Jibleam nan. Men li te sove ale rive Méguiddo, e la li te mouri.
Lè Okozyas, wa peyi Jida a, wè sa ki te rive, li kouri nan cha lagè li a nan direksyon lavil Betagan. Men, Jeou pati dèyè l'. Li di: —Touye l' tou. Yo blese l' sou cha a nan ti moute ki mennen lavil Gour, toupre lavil Jibleyam. Men, Okozyas kenbe jouk li rive lavil Megido. Se la li mouri.
28 Sèvitè li yo te pote li nan yon cha rive Jérusalem e yo te antere li nan tonm pa li avèk zansèt li yo nan vil David la.
Apre sa, chèf li yo mete kadav la sou cha a, yo mennen l' lavil Jerizalèm. Yo antere l' nan kavo fanmi li nan lavil David la.
29 Alò, nan onzyèm ane règn Joram la, fis Achab la, Achazia te devni wa sou Juda.
Joram, pitit Akab la, t'ap mache sou onzan depi li te wa peyi Izrayèl lè Okozyas te moute wa nan peyi Jida.
30 Lè Jéhu te vini Jizréel, Jézabel te tande sa. Li te pentire zye li, li te byen dekore tèt li e li te gade deyò fenèt la.
Jeou rive lavil Jizreyèl. Lè Jezabèl vin konn sa, li pase fa bò je li, li ranje tèt li, l' al kanpe bò yon fennèt ap gade.
31 Lè Jéhu te antre nan pòtay la, li menm Jézabel te di: “Èske tout bagay byen, Zimri, asasen mèt pa w la?”
Lè Jeou antre nan pòtay lavil la, Jezabèl di l' konsa: —Ban m' nouvèl ou non, Zimri, ansasen mèt ou!
32 Jéhu te leve figi li vè fenèt la e te di: “Se kilès ki pou mwen? Kilès?” Konsa, de oswa twa linik ren nan te gade anba kote li.
Jeou leve je l' gade bò fennèt la, li di: —Ki moun ki avè m'? De twa gad palè a parèt tèt yo nan yon fennèt.
33 Li te di: “Jete li anba.” Konsa, yo te jete li anba e kèk nan san li te vòltije jis sou miray la ak sou cheval yo, epi li te foule anba pye yo.
Jeou di yo: —Voye Jezabèl jete anba! Yo voye Jezabèl jete anba. San li gaye sou tout miray la ak sou chwal yo. Jeou fè chwal li yo ak cha lagè li a pase sou kadav la.
34 Lè Jéhu te antre, li te manje e bwè. Konsa, li te di: “Okipe koulye a de fanm modi sila a e antere li; paske se fi a wa a ke li ye.”
Li antre nan palè a, li manje, li bwè. Apre sa li di: —Al okipe fanm madichon an! Antere l'. Tout jan, se pitit fi yon wa li ye.
35 Yo te ale antere l, men yo pa t jwenn plis ke zo tèt la, pye yo avèk pla men yo.
Men, lè mesye yo ale pou antere l' yo pa jwenn anyen pase zo bwa tèt li, de pye l' ak de pla men l' yo.
36 Pou sa, yo te retounen pou te pale li. Konsa, li te di: “Sa se pawòl SENYÈ a, ke Li te pale pa sèvitè li, Élie, Tichbit la. Li te di: ‘Nan teren Jizréel la, chen yo va manje chè Jézabel,
Yo tounen al fè rapò yo bay Jeou. Jeou di konsa: —Se sa menm Seyè a te di ki pou te rive l' lè li te bay Eli, moun Tichbe a mesaj sa a pou li: Chen va manje Jezabèl nan peyi Jizreyèl.
37 epi kadav Jézabel va tankou fimye bèt sou sifas chan nan teren Jizréel la, jiskaske yo pa ka di: “Sa se Jézabel.”’”
Kadav li pral tounen fimye gaye nan tout jaden zòn Jizreyèl la. Konsa pesonn p'ap ka rekonèt li.

< 2 Wa 9 >