< 2 Wa 4 >
1 Alò, yon sèten fanm pami madanm fis a pwofèt yo te kriye kont Élisée: “Sèvitè ou a, mari mwen an mouri e ou konnen ke sèvitè ou te gen lakrent SENYÈ a. Konsa, mesye ki vèse prè kòb la, gen tan parèt pou pran de pitit mwen yo kòm esklav li.”
有一個先知弟子的妻子,前來哀求厄里叟說:「你的僕人,我的丈夫死了,你知道你的僕人是一個敬畏上主的人;現在債主前來,要帶走我的兩個孩子,作他的奴隸。」
2 Élisée te di li: “Kisa pou m ta fè pou ou? Di mwen kisa ou gen nan kay la?” Epi li te di: “Sèvant ou pa gen anyen nan kay la sof ke yon bokal lwil.”
厄里叟對她說:「我能為你做什麼﹖你告訴我:你家裏還有什麼﹖」她答說:「你的婢女家裏除一瓶油外,什麼也沒有。」
3 Alò, li te di: “Ale, prete veso vid toupatou pou kont ou nan men tout vwazen ou yo. Pa manke pran anpil.
厄里叟說:「你去,到外面向你所有的鄰居借些空器皿,不要少借;
4 Ou va antre anndan, fèmen pòt la dèyè ou avèk fis ou yo, vide nan tout veso sa yo, e sa ki plen yo, mete yo akote.”
然後回家,關上門,你和你的兒子在家裏,將油倒在所有的那些器皿內,把裝滿了的,放在一邊。」
5 Konsa, li te ale kite li e te fèmen pòt la dèyè li avèk fis li yo. Yo t ap mennen veso kote li pou l te plen.
她於是辭別厄里叟,回去照辦。她和她的兒子關上門,兒子給她遞器皿,她只顧倒油,
6 Lè tout veso yo te plen li te di a fis li yo: “Mennen ban mwen yon lòt veso.” Epi li reponn li: “Nanpwen menm yon veso ankò.” Konsa, lwil la te sispann.
器皿都裝滿了,她對兒子說:「再遞給我器皿! 」兒子答說:「沒有了。」同時油也止住了。
7 Alò, li te vin pale nonm Bondye a. Li te di l: “Ale vann lwil la pou peye dèt ou. Epi ou menm avèk fis ou yo kab viv sou sa ki rete a.”
婦人就去告訴天主的人。厄里叟對她說:「你去把油賣了,還了你的債;剩下的,你和你的兒子可用來過活。」
8 Alò, te vin rive yon jou lè Élisée te pase bò kote Sunem, kote te gen yon fanm enpòtan. Konsa, fanm nan te konvenk li manje pen. Se konsa li te vin rive, ke nenpòt lè li te pase, li te vire antre la pou manje pen.
有一天,厄里叟路過叔能,那裏有一個富貴的婦人,曾挽留他吃飯;因此,厄里叟每次路過那裏,總到她家裡吃飯。
9 Fanm nan te di a mari li: “Gade byen, mwen apèsi ke sa se yon nonm sen a Bondye k ap pase bò kote nou tout tan.
婦人對丈夫說:「現在我看出:這個時常路過我們這裏的天主的人,是位聖者。
10 Souple, annou fè yon ti chanm sou twati kay la. Annou mete yon kabann pou li la, avèk yon tab ak chèz avèk yon chandelye. Konsa li va ye ke lè li vini kote nou, li kapab vire antre la.”
我們可以在房頂上,給他蓋一間小房,裏面放一張床,一張桌子,一把椅子和一盞燈;這樣,他幾時來到我們這裏,可在那裏休息。」
11 Yon jou, li te vini la e te vire antre nan chanm anwo a pou te repoze.
一天,厄里叟又到了那裏,就進入那間小房休息。
12 Konsa li te di a Guéhazi, sèvitè li a: “Rele fanm Sinamit lan.” Epi lè li te fin rele li, li te parèt kanpe devan l.
厄里叟吩咐自己的僕人革哈齊說:「你叫這位叔能婦人來。」僕人叫了婦人來,婦人站在先知面前,
13 Li te di Guéhazi: “Koulye a di li: ‘Gade, ou te byen pran swen nou avèk tout swen sila a. Se kisa nou kapab fè pou ou? Èske ou ta renmen m pale ak wa a pou ou, oswa kapitèn lame a?’” Li te reponn: “Mwen rete pami pwòp pèp pa m.”
厄里叟吩咐僕人說:「現在你對她說:看,你照顧我們既然這樣周到,我們可為你作什麼呢﹖要不要我們在君王或軍長前為你說句話﹖」那婦人答說:「我住在我本國人民中很平安。」
14 Konsa, li te mande: “Alò, se kisa ki kab fèt pou li?” Epi Guéhazi te reponn: “Anverite, li pa gen fis, e mari li fin granmoun.”
厄里叟就問革哈齊:「我們究竟能為她作什麼﹖」革哈齊說:「可憐她沒有兒子,丈夫又老了。」
15 Li te di: “Rele li.” Lè li te rele li, li te kanpe nan pòtay la.
厄里叟說:「快再叫她來! 」僕人又將婦人叫來,這次她卻站在門口,
16 Epi li te di: “Nan sezon sila nan ane k ap vini an, ou va anbrase yon fis.” Epi li te reponn: “Non, mèt mwen, O nonm Bondye a, pa bay manti a sèvant ou.”
厄里叟對她說:「明年這時,你必懷抱著一個兒子。」婦人答說:「我主,天主的人哪! 不會! 你別哄騙你的婢女! 」
17 Konsa, Fanm nan te vin ansent e te fè yon fis nan menm sezon sa a nan ane ki vini an, jan Élisée te pale li a.
這婦人果然懷了孕;過了一年,在厄里叟對她所說的時候,生了一個兒子。
18 Lè pitit la te fin grandi, jou a te rive pou li te ale kote papa li avèk moun rekòlt yo.
孩子漸漸長大,一天,他出去到收割的人那裏找他父親,
19 Li te di a papa li: “Tèt mwen, tèt mwen.” Epi papa l te pale sèvitè li: “Pote li bay manman li.”
孩子忽然對他父親喊說:「我的頭! 我的頭啊!」他父親吩咐僕人說:「把孩子送到他母親那裏去! 」
20 Lè li te pran li pou te mennen li bay manman l, li te chita sou jenou li jis rive midi e li te mouri.
僕人將他抱起,送給他母親,孩子坐在母親膝上,到了中午,就死了。
21 Li te monte anlè a, li te kouche li sou kabann nonm Bondye a, li te fèmen pòt la dèyè l e li te sòti.
他母親遂上了樓,將孩子放在天主的人的床上,關上門,出來,
22 Konsa, li te rele mari li, e li te di l: “Souple, voye ban m youn nan bourik yo pou m ka al jwenn nonm Bondye a epi tounen.”
叫自己的丈夫來說:「請你給我派一個僕人,牽一匹驢來,我要快去見見天主的人,就回來。」
23 Li te di, “Poukisa ou w ap al kote l jodi a? Lalin pa nèf, ni li pa Saba a.” Li te reponn: “L ap bon.”
她丈夫說:「為什麼今天要去見他,既不是朔日,又不是安息日﹖」婦人答說:「你放心好了! 」
24 Alò, li te sele yon bourik e te di a sèvitè li: “Kondwi pou avanse! Pa ralanti vitès sof ke se mwen ki di ou sa.”
於是,她把驢備好,對僕人說:「你快趕著走,我若不吩咐,在路上不要停下來。」
25 Konsa li te ale e te vin kote nonm Bondye a sou Mòn Carmel. Lè nonm Bondye a te wè li a yon distans li te di a Guéhazi, sèvitè li a: “Men vwala se Sinamit lan.
婦人於是來到加爾默耳山見天主的人。天主的人自遠處看見她,就對自己的僕人革哈齊說:「看,那是叔能婦人!
26 Souple, kouri koulye a rankontre li, epi mande li: ‘Èske tout bagay byen pou ou? Èske sa byen pou mari ou? Èske sa byen pou fis ou a?’” Konsa, li te reponn: “L ap bon”.
現在你跑去迎接她,向她問安說:你好嗎﹖你的丈夫好嗎﹖你的孩子好嗎﹖」她回答說:好。」
27 Lè l te rive kote nonm Bondye a sou ti mòn nan, li te kenbe de pye li. Guéhazi te parèt pou pouse l fè l sòti; men nonm Bondye a te di: “Kite li, paske nanm li twouble anndan l. SENYÈ a te kache sa de mwen sa, e pa t di m sa.”
婦人上到山上,來到天主的人跟前,就抱住他的腳;革哈齊前來想推開她,可是天主的人說:「由她罷! 因為她心中很痛苦;上主隱瞞了我,什麼也沒有告訴我。」
28 Fanm nan te di: “Èske mwen te mande mèt mwen pou yon fis? Èske mwen pa t di ou: ‘Pa twonpe m’?”
那婦人說:「我何嘗向我主求過一個兒子﹖我豈不是說過:你不要哄騙我嗎﹖」
29 Alò, li te di a Guéhazi: “Mare senti ou, pran baton mwen nan men ou pou al fè wout ou. Si ou rankontre nenpòt moun, pa salye li, e si nenpòt moun salye ou, pa reponn li. Al mete baton mwen an kouche sou figi gason an.”
厄里叟對革哈齊說:「你束上腰,手裏拿著我的棍杖前去;不論遇見誰,不要向他請安;不論誰向你請安,你也不要回答。你去把我的棍杖放在孩子的臉上。」
30 Manman a gason an te di: “Jan SENYÈ a viv la, e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa, li te leve e te swiv li.
孩子的母親說:「我指著永生的上主及你的性命起誓:你不去,我決不離開。」厄里叟就起身跟她去了。
31 Guéhazi te pase devan yo e te kouche baton an sou figi a gason an, men li pa t fè bwi, ni li pa t reponn. Konsa, li te retounen rankontre Élisée e te di li: “Gason an pa t leve.”
革哈齊在他們以前去了。將棍杖放在孩子的臉上,但是沒有聲音,沒有反應;他便回來見厄里叟,告訴他說:「孩子沒有醒來。」
32 Lè Élisée te vini nan kay la, men vwala, gason an te kouche tou mouri sou kabann li an.
厄里叟一來到她家,看見孩子死了,躺在自己的床上,
33 Pou sa, li te antre fèmen pòt la dèyè yo toude a, e te priye a SENYÈ a.
就進去,關上門,房內只有他和孩子;先知哀求了上主,
34 Konsa, li te pwoche kouche sou pitit la, li te mete bouch li sou bouch pa li, zye li sou zye pa li, men li sou men pa li. Li te lonje kò li sou li, e chè pitit la te kòmanse vin cho.
然後上床,伏在孩子身上,自己的口對住孩子的口,自己的眼對住孩子的眼,自己的手按住孩子的手,屈身伏在孩子身上,孩子的肉身便漸漸溫暖了。
35 Li te retounen nan kay la e te mache yon fwa ale retou, epi li te monte lonje li menm sou li. Gason an te touse sèt fwa e gason an te ouvri zye li.
然後他下來,在屋內來回走了一趟;又上去,屈身伏在孩子身上,對著孩子呵了七口氣,孩子就睜開了眼睛。
36 Li te rele Guéhazi e te di: “Rele Sinamit lan.” Konsa, li te rele li. Lè li te antre kote li, li te di: “Ranmase pran pitit ou a.”
厄里叟叫革哈齊來,對他說:「你叫叔能婦人來。」他便去叫那婦人,婦人就來了。厄里叟說:「抱起你的孩子來! 」
37 Alò, fanm nan te antre anndan; li te tonbe nan pye li e li te bese li menm jis atè. Epi li te pran fis li, e te sòti.
婦人一進來,就俯伏在他腳前,叩首至地;然後起來,抱起自己的孩子出去了。
38 Lè Élisée te retounen Guilgal, te gen yon gwo grangou nan peyi a. Pandan fis a pwofèt yo te chita devan l, li te di a sèvitè li a: “Mete gwo bonm nan e fè yon bouyon pou fis a pwofèt yo.”
厄里叟又來到基貝加耳,那地方正遭受肌荒;眾先知的弟子坐在他面前,他吩咐自己的僕人說:「你在火上放一個火鍋,給眾先知的弟子煮些菜湯。」
39 Epi youn te ale nan chan an pou ranmase epis yo e yo te twouve yon lyann sovaj. Li te ranmase sou li kont joumou pou plen vètman li. Li te vin koupe yo, pou fè yo antre nan bouyon, paske yo pa t rekonèt yo.
有一個弟子出去到田間採菜,看見一棵葡萄樹,從上面採了一滿兜野果子回來,切碎放在菜鍋裏,並不知道是什麼東西。
40 Konsa, yo te vide li pou mesye yo manje. Epi pandan yo t ap bwè bouyon an, yo te kriye fò. Yo te di: “O nonm Bondye, gen lanmò nan po a.” Epi yo pa t kab manje.
以後,他們把菜湯倒出來給眾人吃。眾人一嘗菜湯,都喊叫說:「天主的人,鍋裏有致死的毒物啊! 」眾人都不能吃。
41 Men li te di: “Alò, pote sereyal moulen an.” Li te jete li nan bonm nan e te di: “Vide li pou pèp la pou yo kab manje.” Epi pa t gen okenn mal nan po a.
那時厄里叟說:「拿點麵來! 」他把麵撒在鍋裏說:「倒出來給眾人吃罷! 」鍋裏就再沒有什麼毒了。
42 Alò, yon mesye te sòti Baal-Shalisha, e li te pote pou nonm Bondye a, pen premye fwi yo, ven pen lòj avèk tèt sereyal nèf nan sak li. Epi li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje.”
有一個人從巴耳沙里來,在自己的行囊裏,給天主的人帶來了初熟大麥作的二十個餅和一些新麥穗。厄里叟說:「分給眾人吃罷! 」
43 Asistan li an te di: “Kisa, èske mwen va mete sa a devan san moun?” Men li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje, paske se konsa SENYÈ a pale: ‘Yo va manje e va genyen ki rete.’”
僕人說:「我怎能將這一點東西擺在一百人面前呢﹖」厄里叟說:「你儘管分給中人吃,因此上主這樣說:眾人吃了,還有剩餘。」
44 Konsa, li te mete li devan yo, yo te manje e te genyen ki te rete, selon pawòl SENYÈ a.
於是僕人將食物擺在眾人面前,他們都吃了,並且還有剩餘,全應驗了上主的話。