< 2 Wa 25 >

1 Alò nan nevyèm ane règn li an, nan dizyèm jou ak nan dezyèm mwa a, Nebucadnetsar, wa Babylone nan te vini. Li menm avèk tout lame li te fè kan kont Jérusalem, e li te bati yon miray syèj ki te antoure li.
И тако девете године његовог царовања, десетог месеца десетог дана дође Навуходоносор, цар вавилонски са свом војском својом на Јерусалим, и стадоше у логор под њим, и начинише опкопе око њега.
2 Konsa, vil la te anba syèj jis rive nan onzyèm ane a Wa Sédécias la.
И град би опкољен до једанаесте године царовања Седекијиног.
3 Nan nevyèm jou ak nan katriyèm mwa a, grangou te tèlman rèd nan vil la ke pa t gen manje pou pèp peyi a.
И деветог дана месеца четвртог поста велика глад у граду, те народ земаљски немаше хлеба.
4 Konsa, yo te kase vil la antre e tout mesye lagè yo te sove ale nan nwit lan pa pòtay antre de mi yo akote jaden a wa a, malgre Kaldeyen yo te antoure tout vil la. Konsa, yo te sòti pa chemen dezè a.
Тада град би проваљен, а војници сви побегоше ноћу на врата између два зида уз врт царев; а Халдеји беху свуда око града; и цар отиде путем к пустињи.
5 Men lame Kaldeyen yo te kouri dèyè wa a. Yo te rive pran li nan plèn Jéricho a, e tout lame li a te gaye kite li.
Али војска халдејска потера цара, и стигоше га у пољу јерихонском, а сва војска што беше с њим разбеже се од њега.
6 Yo te kaptire wa a e yo te mennen li kote wa Babylone nan Ribla e yo te pase jijman sou li.
И ухватише цара, и одведоше га к цару вавилонском у Ривлу, и онде му судише.
7 Yo te touye fis a Sédécias yo devan zye li, yo te pete zye a Sédécias, yo te mare l avèk chenn an bwonz yo, e yo te mennen li Babylone.
И синове Седекијине поклаше на његове очи, па онда Седекији ископаше очи, и свезаше га у два ланца бронзана, и одведоше га у Вавилон.
8 Alò, nan setyèm jou ak nan senkyèm mwa a, ki se te diznevyèm ane Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Nebuzaradan, kapitèn gad yo, yon sèvitè a wa Babylone nan, te rive Jérusalem.
А седмог дана петог месеца године деветнаесте царовања Навуходоносора, цара вавилонског дође у Јерусалим Невузардан заповедник стражарски, слуга цара вавилонског.
9 Li te brile lakay SENYÈ a, lakay wa a ak tout kay Jérusalem yo. Menm tout gwo kay yo, li te brile yo avèk dife.
И попали дом Господњи и дом царски и све домове у Јерусалиму; све велике куће попали огњем.
10 Epi tout lame Kaldeyen yo ki te avèk kapitèn gad la te kraze, chire, tout mi ki te antoure Jérusalem yo.
И зидове јерусалимске унаоколо развали сва војска халдејска, која беше са заповедником стражарским.
11 Epi tout rès nan moun ki te kite lavil yo, sila ki te dezète al jwenn wa Babylone nan e tout rès pèp la ki te rete, Nébuzaraden, kapitèn gad la, te pote yo ale an egzil.
А остатак народа што оста у граду, и пребеге што пребегоше к цару вавилонском, и остали прости народ одведе Навузардан, заповедник стражарски.
12 Men kapitèn gad la te kite kèk moun pami pi malere yo pou sèvi kòm ouvriye nan chan rezen yo ak pou raboure tè a.
Само од сиромаха у земљи остави заповедник стражарски који ће бити виноградари и ратари.
13 Alò, pilye an bwonz ki te lakay SENYÈ yo ak baz avèk lanmè an bwonz ki te lakay SENYÈ a, Kaldeyen yo te kase yo an mòso e te pote bwonz lan Babylone.
И ступове бронзане што беху у дому Господњем, и подножја, и море бронзано које беше у дому Господњем, изломише Халдејци, и бронзу од њих однесоше у Вавилон.
14 Yo te retire po yo, pèl yo, etennwa yo, kiyè yo ak tout veso an bwonz ki te konn sèvi nan sèvis tanp lan.
И лонце и лопате и виљушке и кадионице и све судове бронзане којима служаху, узеше,
15 Kòmandan gad la, anplis, te pran tout plato pou resevwa sann yo, avèk basen yo, sila ki te an lò fen ak sila ki te an ajan fen yo.
И клешта и котлиће, шта год беше златно и шта год беше сребрно, узе заповедник стражарски,
16 De pilye yo, yon sèl lanmè a ak baz ke Salomon te fè pou lakay SENYÈ a, bwonz nan veso sila yo te depase kapasite pou peze.
Два ступа, једно море и подножја, што начини Соломун за дом Господњи; не беше мере бронзи од свих тих судова;
17 Wotè a yon pilye te di-zuit koude e yon tèt an bwonz te sou li. Wotè a tèt an bwonz lan te twa koude, avèk yon griyaj ak grenad ki te antoure li an bwonz. Epi dezyèm pilye a te tankou sila yo avèk yon sistèm griyaj.
Осамнаест лаката беше висок један ступ, и озго на њему беше оглавље бронзано, и оглавље беше високо три лакта, и плетенице и шипци око оглавља, све од бронзе; такав беше и други ступ с плетеницом.
18 Alò, kapitèn gad la te pran Seraja, wo prèt la, avèk Sophonie, dezyèm prèt la, avèk twa ofisye a tanp lan.
Узе заповедник стражарски и Серају првог свештеника и Софонију другог свештеника, и три вратара.
19 Depi nan vil la, li te pran yon ofisye ki te chèf mesye lagè yo ak senk nan konseye a wa yo ki te twouve nan vil la; epi grefye a kapitèn lame ki te responsab anrejistre moun nan peyi a; epi swasant moun nan pèp peyi a te twouve nan vil la.
А из града узе једног дворанина, који беше над војницима и пет људи који стајаху пред царем, који се нађоше у граду, и првог писара војничког, који пописиваше народ по земљи у војску, и шездесет људи из народа земаљског, који се нађоше у граду.
20 Nebuzaradan, kapitèn gad la, te pran yo pou te mennen yo kote wa Babylone nan Ribla.
Узе их Невузардан, заповедник стражарски, и одведе к цару вавилонском у Ривлу.
21 Alò, wa Babylone nan te frape yo e te mete yo a lanmò nan Ribla nan peyi Hamath. Konsa, Juda te mennen an egzil soti nan peyi li.
А цар их вавилонски поби и погуби у Ривли у земљи ематској. Тако би пресељен Јуда из земље своје.
22 Alò, moun ki te rete nan peyi Juda yo, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te kite, li te chwazi Guedalia, fis a Achikam nan, fis a Schaphan an sou yo.
А над народом који оста у земљи Јудиној, који остави Навуходоносор цар вавилонски, над њим постави Годолију, сина Ахикама, сина Сафановог.
23 Lè tout kapitèn yo avèk sòlda pa yo te tande ke wa Babylone nan te chwazi Guedalia kòm gouvènè, yo te vin kote Guedalia nan Mitspa; pa non, Ismaël fis a Nethania a, avèk Jochanan, fis a Karéach la, Seraja, fis a Thanhumeth la, Netofayit la, avèk Jaazania, fis a Maakatyen an, yo menm avèk mesye pa yo.
А кад чуше све војводе и људи њихови да је цар вавилонски поставио Годолију, дођоше ка Годолији у Миспу, на име: Исмаило син Нетанијин, и Јоанан син Каријајев и Сераја син Тануметов из Нетофата, и Јазанија син Махатов, они и људи њихови.
24 Guedalia te sèmante a yo avèk mesye pa yo a, e te di yo: “Pa pè vin sèvitè a Kaldeyen yo. Viv nan peyi a, sèvi wa Babylone nan e sa va ale byen pou nou.”
И Годолија се закле њима и људима њиховим и рече: Не бојте се службе Халдејима; седите у земљи и служите цару вавилонском, и биће вам добро.
25 Men li te vin rive nan setyèm mwa a, ke Ismaël, fis a Nethania yo, fis a Élischama yo nan fanmi wayal la, te rive avèk dis òm pou te frape Guedalia e li te mouri ansanm avèk Jwif ak Kaldeyen ki te avèk li nan Mitspa yo.
Али седмог месеца дође Исмаило, син Нетаније сина Елисамовог, рода царског, и десет људи с њим, и убише Годолију, те погибе; тако и Јудеје и Халдеје који беху с њим у Миспи.
26 Alò, tout pèp la, ni gran ni piti, avèk kapitèn a fòs soulèvman yo te leve ale an Égypte; paske yo te pè Kaldeyen yo.
Тада се подиже сав народ, мало и велико, и војводе, те отидоше у Мисир, јер се побојаше Халдеја.
27 Alò, li te vin rive nan trant-setyèm ane an egzil a Jojakin, wa Juda a, nan douzyèm mwa a, nan venn-setyèm jou nan mwa a, ke Évil-Merodac, wa Babylone nan, nan lane ke li te vin wa a, li te lage Jojakin, wa Juda a, soti nan prizon.
А тридесет седме године откако се зароби Јоахин, цар Јудин, дванаестог месеца, двадесет седмог дана Евил-Меродах цар вавилонски исте године зацаривши се извади из тамнице Јоахина, цара Јудиног.
28 Konsa, li te pale avèk dousè anvè li e li te leve twòn li an piwo pase lòt wa ki te avèk li Babylone yo.
И лепо говори с њим, и намести му престо више престола других царева који беху код њега у Вавилону.
29 Jojakin te chanje rad prizonye li yo, e li te vin pran repa l nan prezans a wa a pandan tout rès jou lavi li.
И промени му хаљине тамничке, и он јеђаше свагда с њим свега века свог.
30 Epi pou bous li, yon bous nòmal te bay a li menm pa wa a, yon pòsyon pou chak jou pandan tout jou lavi li.
И храна му се једнако даваше од цара сваки дан свега века његовог до смрти његове.

< 2 Wa 25 >