< 2 Wa 24 >

1 Nan jou pa li yo, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte e Jojakim te vin sèvitè li pandan twazan. Epi, konsa, li te vire fè rebèl kont li.
Za dnů jeho přitáhl Nabuchodonozor král Babylonský, i učiněn jest Joakim služebníkem jeho za tři léta. Potom odvrátiv se, zprotivil se jemu.
2 SENYÈ a te voye kont li twoup a Kaldeyen yo, twoup a Siryen yo, twoup Moabit yo ak twoup Amonit yo. Li te voye yo kont Juda pou detwi li, selon pawòl ke SENYÈ a te pale pa sèvitè li yo, pwofèt yo.
Protož poslal Hospodin na něj lotříky Kaldejské a lotříky Syrské, i lotříky Moábské a lotříky synů Ammon, poslal je, pravím, na Judu, aby ho zkazili vedlé řeči Hospodinovy, kterouž byl mluvil skrze služebníky své proroky.
3 Anverite, sou kòmand SENYÈ a, li te rive Juda, pou retire yo devan zye Li akoz peche a Manassé yo selon tout sa ke li te fè yo,
A jistě podlé řeči Hospodinovy to se dálo proti Judovi, aby jej zavrhl od tváři své pro hříchy Manassesovy, vedlé toho všeho, což byl činil,
4 anplis, ak san inosan li te vèse yo. Paske li te ranpli Jérusalem avèk san inosan e SENYÈ a pa t padone sa.
Ano i pro krev nevinnou, kterouž vylil, naplniv Jeruzalém krví nevinnou, čehož nechtěl Hospodin prominouti.
5 Alò, tout lòt zèv a Jojakim yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?
O jiných pak věcech Joakimových, a cožkoli činil, psáno jest v knize o králích Judských.
6 Konsa, Jojakim te dòmi avèk papa zansèt li yo e Jojakin, fis li a, te vin wa nan plas li.
A tak usnul Joakim s otci svými, a kraloval Joachin syn jeho místo něho.
7 Wa Égypte la pa t sòti nan peyi li ankò, paske wa Babylone nan te kaptire tout sa ki te pou wa Égypte la soti nan flèv Égypte la jis rive nan Rivyè Euphrate la.
Král pak Egyptský nikdy více nevytáhl z země své; nebo král Babylonský pobral od řeky Egyptské až k řece Eufraten všecko, cožkoli měl král Egyptský.
8 Jojakin te gen di-zuit ane lè li te devni wa e li te renye twa mwa Jérusalem. Non manman li se te Néhuschtha, fi a Elnathan an Jérusalem.
V osmnácti letech byl Joachin, když počal kralovati, a tři měsíce kraloval v Jeruzalémě. Jméno matky jeho Nechusta, dcera Elnatanova z Jeruzaléma.
9 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, selon tout sa ke papa li te konn fè yo.
I činil to, což jest zlého před očima Hospodinovýma, všecko tak, jakž byl činil otec jeho.
10 Nan tan sa a, sèvitè a wa Babylone yo te monte Jérusalem e vil la te antre anba syèj.
Toho času vytáhli služebníci Nabuchodonozora krále Babylonského proti Jeruzalému, a obleženo jest město.
11 Epi Nebucadnetsar, wa Babylone nan te rive nan vil la pandan sèvitè li yo t ap fè syèj li.
Ano i Nabuchodonozor král Babylonský přitáhl proti městu, když služebníci jeho leželi vůkol něho.
12 Jojakin, wa Juda a, te sòti kote wa a Babylone nan, li menm avèk manman li, sèvitè li yo avèk kapitèn li yo ak ofisye li yo. Konsa, wa a Babylone nan te pran li an kaptivite nan uityèm ane règn pa li a.
Tedy vyšel Joachin král Judský k králi Babylonskému, i s matkou svou i s služebníky, knížaty i komorníky svými, kteréhož vzal král Babylonský léta osmého kralování svého.
13 Li te pote fè sòti depi la, tout trezò lakay SENYÈ a ak trezò lakay wa a. Li te koupe an mòso tout veso lò ke Salomon, wa Israël la, te fè nan tanp SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te di a.
A vynesl odtud všecky poklady domu Hospodinova, a poklady domu královského, a ztloukl všecky nádoby zlaté, jichž byl nadělal Šalomoun král Izraelský do domu Hospodinova, jakož byl mluvil Hospodin.
14 Konsa, li te mennen an egzil tout Jérusalem avèk tout kapitèn ak tout moun avèk gwo kouraj yo; di-mil kaptif, avèk tout mèt ouvriye ak tout sila ki konn fòme oswa fonn metal yo.
Při tom přenesl všecken Jeruzalém a všecka knížata i všecky muže udatné, deset tisíců zajatých, i všecky tesaře a kováře. Žádného nezanechal, kromě chaterných lidí země.
15 Konsa, li te mennen Jokajin sòti an egzil Babylone, anplis, manman a wa a avèk madanm li yo, ofisye li yo ak tout mesye ki te chèf dirijan peyi yo. Li te mennen yo ale an egzil soti Jérusalem jis rive Babylone.
Zavedl také i Joachina do Babylona, a matku jeho i ženy královské i komorníky jeho; silné také země zavedl do vězení z Jeruzaléma do Babylona.
16 Tout mesye gwo kouraj ak pwisans yo, sèt-mil, mèt ouvriye yo, mil, tout te plen avèk fòs e pare pou fè lagè. Tout sila yo, wa Babylone nan te mennen an egzil Babylone.
Všech také mužů udatných sedm tisíců, tesařů také a kovářů tisíc, všecky též zmužilé bojovníky zavedl jaté král Babylonský do Babylona.
17 Epi wa Babylone nan te fè tonton Jokajin nan, Matthania, wa nan plas li e li te chanje non li an Sédécias.
Ustanovil pak král Babylonský Mataniáše, strýce jeho, králem místo něho, a změnil mu jméno, aby sloul Sedechiáš.
18 Sédécias te gen laj a venteyen ane lè l te devni wa a, e li te renye pandan onzan Jérusalem. Non manman li se te Hamuthal, fis a Jérémie an nan Libna.
V jedenmecítma letech byl Sedechiáš, když počal kralovati a jedenácte let kraloval v Jeruzalémě. Jméno matky jeho bylo Chamutal, dcera Jeremiášova z Lebna.
19 Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke Jojakim te konn fè yo.
I činil to, což jest zlého před očima Hospodinovýma, všecko tak, jakž byl dělal Joakim.
20 Paske akoz kòlè SENYÈ a, tout sa te rive Jérusalem avèk Juda jiskaske Li te jete yo deyò prezans Li. Epi Sédécias te fè rebèl kont wa Babylone nan.
Nebo se to dálo pro rozhněvání Hospodinovo proti Jeruzalému a Judovi, až je i zavrhl od tváři své. V tom opět zprotivil se Sedechiáš králi Babylonskému.

< 2 Wa 24 >