< 2 Wa 2 >

1 Li te vin rive lè SENYÈ a te prèt pou ranmase Élie monte nan syèl nan yon van toubiyon, ke Élie te ale avèk Élisée sòti Guilgal.
Lè a te rive pou Seyè a te fè Eli moute nan syèl nan yon toubouyon. Eli ak Elize pati ansanm, yo kite lavil Gilgal.
2 Epi li te rive ke Élie te di a Élisée: “Rete isit la, souple; paske SENYÈ a te voye mwen jis Béthel.” Men Élisée te di: “Jan SENYÈ a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa, yo te desann Béthel.
Eli di Elize konsa: —Ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a ban m' lòd pou m' al Betèl. Men, Elize reponn li: —Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Betèl.
3 Alò, fis a pwofèt ki te Béthel yo te vin sòti kote Élisée e te di li: “Èske ou konnen ke SENYÈ a va pran mèt ou a soti anwo ou jodi a?” Konsa, li te di: “Wi, mwen konnen. Pa pale!”
Men, yon gwoup pwofèt ki te rive lavil Betèl vin kontre Elize, yo di l' konsa: —Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn yo: —Mwen konn sa wi. Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò!
4 Élie te di li: “Élisée, souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen Jéricho.” Men li te di: “Jan SENYÈ a viv la, mwen p ap kite ou”. Konsa, yo te vini Jéricho.
Apre sa, Eli di Elize: —Koulye a ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a te ban m' lòd pou m' al Jeriko. Men, Elize reponn li: —Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Jeriko.
5 Fis a pwofèt ki te Jéricho yo te vin kote Élisée e te di li: “Èske ou konnen ke SENYÈ a va retire mèt ou a soti anwo ou jodi a?” Li te reponn: “Wi, mwen konnen; pa pale.”
Yon gwoup pwofèt ki te rete lavil Jeriko vin kontre Elize, yo di l' konsa: —Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn: —Mwen konn sa wi! Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò.
6 Konsa, Élie te di li: “Souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen nan Jourdain an.” Li te reponn: “Jan Senyè a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa yo de a te avanse.
Apre sa, Eli di Elize: —Koulye a ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a ban m' lòd pou m' al bò larivyè Jouden. Men, Elize reponn li: —Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm ankò.
7 Alò senkant mesye nan fis a pwofèt yo te ale kanpe anfas yo nan yon distans, pandan yo de a te kanpe akote Jourdain an.
Senkant nan pwofèt Jeriko yo t'ap mache dèyè yo. Eli ak Elize rete bò larivyè Jouden an. Senkant pwofèt yo menm rete yon ti distans lwen yo.
8 Élie te pran manto li, li te pliye li ansanm, li te frape dlo yo e yo te vin divize isit e la, jiskaske yo de a te travèse sou tè sèch.
Eli wete gwo rad ki te sou li a, li woule l', li frape dlo a avè l'. Dlo a fann de bò. Eli ak Elize janbe lòt bò larivyè a san pye yo pa mouye.
9 Lè yo te fin travèse, Élie te di a Élisée: “Mande sa ke m ta fè pou ou avan mwen retire m de ou.” Konsa, Élisée te di: “Souple, kite yon pòsyon doub nan lespri ou a rete sou mwen.”
Lè yo fin janbe, Eli di Elize konsa: —Di m' kisa ou ta vle m' fè pou ou anvan Bondye pran m'. Elize reponn li: —Mwen ta renmen resevwa yon pòsyon doub nan lespri ki sou ou a.
10 Li te di: “Ou te mande yon bagay ki difisil. Si ou wè m lè m retire kite ou, se konsa l ap ye pou ou; men si se pa sa, sa p ap fèt.”
Eli di li: —Sa ou mande m' la a pa fasil. Men, si ou wè m' ak je ou lè m'ap kite ou la, w'ap jwenn sa ou mande a. Men, si ou pa wè m', w'a konnen ou p'ap jwenn li.
11 Pandan yo t ap fè wout yo e t ap prale, men vwala, yon cha dife avèk cheval dife te separe yo de a. Konsa, Élie te monte nan yon toubiyon nan syèl la.
Yo t'ap mache ansanm, yo t'ap pale yonn ak lòt lè yon cha dife ak chwal dife vin nan mitan yo. Epi li pote Eli moute nan syèl nan yon gwo toubouyon.
12 Élisée te wè e te kriye fò: “Papa m, papa m, cha Israël yo avèk chevalye li yo!” Epi li pa t wè Élie ankò. Alò, li te kenbe rad li e te chire li an de bout.
Lè Elize wè sa, li rele Eli, li di: —Papa mwen! papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, ou ale! Epi li pa wè Eli ankò. Yon sèl lapenn pran Elize, li chire rad ki te sou li a fè de moso.
13 Anplis, li te pran manto Élie ki te sòti tonbe de li, lè l t ap prale a, e li te retounen kanpe akote rebò larivyè Jourdain an.
Lèfini, li ranmase gwo rad ki te soti sou zepòl Eli tonbe atè a, epi li tounen. Rive bò larivyè Jouden an li kanpe.
14 Li te pran manto Élie ki te tonbe de li menm nan, e li te frape dlo yo e te di: “Kote SENYÈ a, Bondye Élie a?” Epi lè l te frape dlo a ankò, yo te divize isit e la, epi Élisée te travèse rive lòtbò.
Li frape dlo a ak rad ki te soti sou zepòl Eli a, epi li di byen fò: —Kote Seyè a, Bondye Eli a? Li frape dlo a yon dezyèm fwa ak rad Eli a. Dlo a fann de bò. Elize janbe lòt bò larivyè a.
15 Alò, lè fis a pwofèt ki te Jéricho yo te wè li, yo te di: “Lespri Élie a poze sou Élisée.” Epi yo te vin rankontre li e te bese yo menm atè devan li.
Lè pwofèt Jeriko yo ki te pi devan an wè sa, yo di: —Lespri Eli a sou Elize! Yo vin jwenn li, yo bese tèt yo jouk atè devan l'.
16 Yo te di li: “Men vwala, genyen avèk ou senkant sèvitè ak gwo fòs, souple, kite yo ale chache mèt ou a. Petèt lespri a SENYÈ a te pran li e te jete li sou yon mòn, oswa nan yon vale.” Li te di: “Ou p ap voye yo.”
Yo di li: —Koute. Gen senkant nan nou la a. Nou tout se vanyan gason. Kite n' al chache mèt ou a. Ou pa janm konnen. Lespri Bondye a ka pran l' al lage sou yon mòn osinon nan yon fon. Men, Elize di yo: —Non. Pa voye pesonn dèyè l'.
17 Men lè yo te bourade li jiskaske li te wont, li te di yo: “Voye yo”. Konsa, yo te voye senkant mesye. Yo te chache pandan twa jou, men yo pa t jwenn li.
Men yo kenbe la avè l' jouk li di yo: —Bon. Nou mèt ale! Se konsa yo voye senkant moun yo al chache Eli. Yo pase twa jou ap chache, yo pa jwenn li.
18 Yo te retounen kote li pandan li te rete Jéricho a. Li te di yo: “Èske mwen pa t di nou ‘Pa ale’?”
Yo tounen al jwenn Elize ki te rete ap tann yo lavil Jeriko. Elize di yo: —Mwen pa t' di nou nou pa t' bezwen ale!
19 Konsa, mesye lavil yo te di a Élisée: “Gade byen koulye a, sikonstans vil sa a byen bon, jan mèt mwen konn wè a; men dlo a pa bon e tè a pa pwodwi anyen.”
Moun lavil Jeriko yo vin di Elize: —Mèt, lavil la bati nan yon bon pozisyon, jan ou ka wè l' la. Men, dlo a pa bon, li fè tè a pa bay anyen.
20 Li te di: “Mennen ban m yon veso nèf e mete sèl ladann.” Konsa, yo te mennen ba li.
Elize di yo: —Pote ti gout sèl nan yon bòl tou nèf ban mwen! Yo pote veso sèl la bay Elize.
21 Li te ale nan sous dlo a. Li te jete sèl la ladann e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te pirifye dlo sa yo! P ap gen lanmò ni move tè a ankò.’”
Elize moute nan sous la, li voye sèl jete nan dlo a. Lèfini, li di: —Men sa Seyè a di: M'ap netwaye dlo sa a. Li p'ap janm touye moun ankò, ni li p'ap fè tè a rete san donnen anyen.
22 Konsa, dlo yo rete bon jis jodi a, selon pawòl Élisée te pale a.
Depi lè sa a dlo a vin bon jouk jounen jòdi a, jan Elize te di l' la.
23 Alò, soti la, li te monte Béthel. Pandan li t ap monte nan chemen an, jenn gason yo te sòti deyò soti lavil la. Yo te moke li e te di li: “Ale monte, tèt chòv! Ale monte, tèt chòv!”
Elize kite lavil Jeriko, l' ale lavil Betèl. Li t'ap mache sou chemen an konsa, lè yon bann ti gason soti lavil la, yo pran pase l' nan betiz, yo t'ap rele: —Al fè wout ou, tèt chòv! Al fè wout ou, tèt chòv!
24 Lè li te gade dèyè li pou l te wè yo, li te modi yo nan non SENYÈ a. Konsa, de lous femèl te sòti nan forè a, e te chire karann-de nan jenn gason pami yo.
Elize vire, li gade ti gason yo, li ba yo madichon nan non Seyè a. Lamenm, de lous soti nan rakbwa a, yo dechire karannde nan ti gason yo.
25 Li te kite la pou rive Mòn Carmel, e soti la, li te rive Samarie.
Apre sa, Elize ale mòn Kamèl. Lèfini li tounen lavil Samari.

< 2 Wa 2 >