< 2 Wa 16 >

1 Nan di-setyèm ane a Pékach, fis a Remalia a, Achaz, fis Jotham nan, wa Juda a, te devni wa.
इस्राएलचा राजा रमाल्याचा मुलगा पेकह याच्या सतराव्या वर्षी, योथामाचा मुलगा आहाज यहूदावर राज्य करू लागला.
2 Achaz te gen ventan lè li te devni wa, a e li te renye sèzan nan Jérusalem. Li pa t fè sa ki bon nan zye a SENYÈ a, jan David te konn fè a.
आहाज तेव्हा वीस वर्षांचा होता. त्याने यरूशलेमामध्ये सोळा वर्षे राज्य केले. परमेश्वराने जी कृत्ये वाईट म्हणून सांगितली ती त्याने केली. आपला पूर्वज दावीद याच्यासारखे तो परमेश्वराच्या दृष्टीने नीट ते तो करत नसे.
3 Men li te mache nan chemen wa Israël yo. Li menm te fè fis li pase nan dife, tankou abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo.
त्याऐवजी तो इस्राएलाच्या राजांच्या मार्गात चालला. आणि जी राष्ट्रे परमेश्वराने इस्राएलाच्या लोकांपुढून घालवली होती, त्यांच्या तिरस्करणीय कर्मांस अनुसरून त्याने आपल्या मुलाचे अग्नीतून अर्पण केले
4 Li te fè sakrifis e li te brile lansan sou wo plas yo ak sou ti mòn anba chak pyebwa vèt yo.
तो उंचस्थळी, टेकड्यांवर तसेच प्रत्येक हिरव्यागर्द वृक्षाखाली यज्ञ करीत असे व धूप जाळत असे.
5 Alò, Retsin, wa Syrie a avèk Pékach, fis a Remalia a, wa Israël la, te monte Jérusalem pou fè lagè. Yo te fè syèj sou Achaz, men yo pa t kab venk li.
अरामाचा राजा रसीन आणि इस्राएलाचा राजा रमाल्याचा मुलगा पेकह यरूशलेमेवर स्वारी करून आले. आणि त्यांनी आहाजला घेरले, पण ते त्याचा पराभव करु शकले नाहीत.
6 Nan tan sa a Retsin, wa Syrie a, te reprann Élath pou Syrie e li te netwaye retire Jwif yo nèt nan Élath. Epi Siryen yo te vini Élath e yo rete la jis rive jodi a.
अरामाचा राजा रसीन याने यावेळी एलाथ हा भूभाग परत मिळवला आणि तेथून त्याने सर्व यहूद्यांना हुसकावून लावले. मग अरामी लोक एलाथात स्थायिक झाले आणि अजूनही त्यांची तिथे वस्ती आहे.
7 Konsa, Achaz te voye mesaje yo kote Tiglath-Piléser, wa Assyrie a. Li te di: “Mwen se sèvitè ou ak fis ou; vin delivre mwen soti nan men a wa Syrie a, avèk men a wa Israël la k ap fè soulèvman kont mwen.”
अश्शूरचा राजा तिग्लथ-पिलेसर याच्याकडे आहाजने दूतामार्फत संदेश पाठवला की, “मी तुझा दास व तुझा मुलगा आहे. अराम आणि इस्राएलचे राजे माझ्यावर चाल करून आले आहेत. तेव्हा माझ्या मदतीला वर ये आणि मला वाचव.”
8 Achaz te pran ajan avèk lò ki te twouve lakay SENYÈ a ak nan kès lakay wa a pou te voye yon kado bay wa Assyrie a.
आहाजने याखेरीज परमेश्वराच्या मंदिरातले आणि राजवाड्याच्या खजिन्यातले सोनेरुपे बाहेर काढले. ते त्याने अश्शूरच्या राजाला नजराणा म्हणून पाठवले.
9 Konsa, wa Assyrie a te koute li, epi wa Assyrie a te monte kont Damas pou te kaptire li. Li te pote pèp li a deyò an egzil nan Kir, e li te mete Retsin a lanmò.
तेव्हा अश्शूरच्या राजाने आहाजाचे ऐकले आणि दिमिष्कावर स्वारी करून ते काबीज केले आणि तेथील लोकांस त्याने कीर येथे पकडून नेले. रसीन यालाही त्याने ठार केले.
10 Alò, Wa Achaz te ale kote Damas pou rankontre Tiglath-Piléser, wa Assyrie, e li te wè lotèl ki te Damas la. Konsa, Wa Achaz te voye bay Urie, prèt la, plan lotèl la avèk yon modèl li, selon tout mendèv pa li.
१०अश्शूरचा राजा तिग्लथ-पिलेसर याला भेटायला आहाज दिमिष्काला गेला. तेव्हा तेथील वेदी त्याने पाहिली आणि तिचा नमुना आणि आराखडा त्याने उरीया या याजकाला पाठवला.
11 Konsa, Urie, prèt la te bati yon lotèl selon tout sa ke Wa Achaz te voye soti Damas, e konsa Urie, prèt la, te fè li, avan wa Achaz te vini soti Damas.
११दिमिष्काहून आहाजने पाठवलेल्या त्या नमुन्याप्रमाणे उरीया याजकाने वेदी उभारली. राजा आहाज दिमिष्काहून परत येण्यापूर्वी त्याने काम पूर्ण केले.
12 Lè wa a te antre sòti Damas, wa a te wè lotèl la. Alò, wa a te pwoche lotèl la e te fè ofrann sou li.
१२मग राजा दिमिष्काहून आला तेव्हा त्याने ती वेदी पाहिली. तिच्याजवळ जाऊन तिच्यावर यज्ञ अर्पण केला.
13 Li te brile ofrann brile li a avèk ofrann sereyal la, li te vide ofrann bwason li an e li te flite san a ofrann lapè li yo sou lotèl la.
१३त्या वेदीवर त्याने होमार्पण आणि अन्नार्पण केले. त्याचे पेयार्पण ओतले तसेच शांत्यर्पणाचे रक्त वेदीवर शिंपडले.
14 Lotèl bwonz lan, ki te devan SENYÈ a, li te mennen soti devan kay la, soti nan antre lotèl pa li a, lakay Senyè a e li te mete li sou kote nò lotèl pa li a.
१४जी पितळी वेदी परमेश्वराच्या समोर होती, ती त्याने आपली वेदी आणि परमेश्वराचे प्रार्थनामंदिर यांच्यामधून, काढली आणि आपल्या वेदीच्या उत्तरेला आणून ठेवली.
15 Epi Wa Achaz te kòmande Urie, prèt la, e li te di: “Sou gran lotèl la, brile ofrann brile maten an ak ofrann sereyal aswè a; epi ofrann brile wa a avèk ofrann sereyal pa li a, avèk ofrann brile a tout pèp peyi a avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason yo; epi flite sou li tout san a ofrann brile a e tout san a sakrifis la. Men lotèl bwonz lan va sèlman pou mwen pou m kab mande konsèy ladann.
१५मग राजा आहाजाने उरीया याजकाला आज्ञा केली, “मोठ्या वेदीवर सकाळचे होमार्पण, संध्याकाळचे अन्नार्पण, देशातील सर्व लोकांचे होमार्पण व त्यांचे अन्नार्पण व त्यांची पेयार्पणे, राजाचे होमार्पण व त्याचे अन्नार्पण करीत जा. तसेच होमार्पणाचे आणि यज्ञाचे रक्त त्या वेदीवर शिंपडत जा. पितळेची वेदी देवाला प्रश्न विचारण्याकरिता माझ्यासाठी असावी.”
16 Pou sa, Urie, prèt la, te fè tout bagay selon sa ke Wa Achaz te kòmande a.”
१६उरीया याजकाने आहाज राजाची आज्ञा मानून त्याप्रमाणे सर्वकाही केले.
17 Alò, Wa Achaz te koupe retire arebò a baz yo e li te retire basen lave a sou yo. Li te osi desann lanmè a soti sou bèf bwonz ki te anba li yo, e li te mete li sou yon pave an wòch.
१७मग आहाज राजाने बैठकीवरले नक्षीकाम काढून टाकले आणि गंगाळ काढले आणि गंगाळसागर पितळी बैलांवरून काढून खाली फरसबंदीवर ठेवला.
18 Li te retire osi chemen machpye Saba a ke yo te bati nan kay la e antre eksteryè a wa a, li te retire li soti lakay SENYÈ a akoz wa Assyrie a.
१८शब्बाथ दिवसासाठी मंदिराच्या आत बांधलेली आच्छादित जागा काढून टाकली. राजासाठी असलेले बाहेरचे प्रवेशही त्याने अश्शूरच्या राजासाठी परमेश्वराच्या मंदिरापासून फिरवला.
19 Alò, tout lòt zèv Achaz te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa A Juda yo?
१९यहूदाच्या राजांचा इतिहास, या पुस्तकात आहाजचे सर्व पराक्रम लिहिलेले आहेत.
20 Konsa, Achaz te dòmi avèk zansèt pa li yo, e li te antere avèk zansèt pa li yo nan lavil David la. Fis li, Ézéchias, te renye nan plas li.
२०आहाजच्या निधनानंतर त्याचे दाविदाच्या नगरात पूर्वजांशेजारी दफन करण्यात आले. आहाजनंतर त्याचा मुलगा हिज्कीया नवा राजा झाला.

< 2 Wa 16 >