< 2 Wa 15 >

1 Nan venn-setyèm ane a Jéroboam, wa Israël la, Azaria, fis a Amatsia a, wa Juda a, te devni wa.
İsrail Kralı Yarovam'ın krallığının yirmi yedinci yılında Amatsya oğlu Azarya Yahuda Kralı oldu.
2 Li te gen laj sèzan lè li te devni wa e li te renye pandan senkann-dezan Jérusalem. Non manman l se te Jecolia, moun Jérusalem.
Azarya on altı yaşında kral oldu ve Yeruşalim'de elli iki yıl krallık yaptı. Annesi Yeruşalimli Yekolya'ydı.
3 Azaria te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa li, Amatsia te fè.
Babası Amatsya gibi, Azarya da RAB'bin gözünde doğru olanı yaptı.
4 Sèlman wo plas yo ki pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan sou wo plas yo.
Ancak alışılagelen tapınma yerleri henüz kaldırılmamıştı ve halk oralarda hâlâ kurban kesip buhur yakıyordu.
5 SENYÈ a te frape wa a pou l te gen yon lalèp jis rive jou ke li te mouri an. Epi li te viv nan yon kay apa pandan fis a wa a, Jotham te nan kay la, e t ap jije pèp peyi a.
RAB Kral Azarya'yı cezalandırdı. Kral ölünceye kadar deri hastalığından kurtulamadı. Bu yüzden ayrı bir evde yaşadı. Sarayı ve ülke halkını oğlu Yotam yönetti.
6 Alò, tout lòt zèv a Azaria yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa A Juda yo?
Azarya'nın krallığı dönemindeki öteki olaylar ve bütün yaptıkları Yahuda krallarının tarihinde yazılıdır.
7 Epi Azaria te dòmi avèk zansèt li yo. Yo te antere li avèk papa li nan vil David la, e Jotham, fis li a, te devni wa nan plas li.
Azarya ölüp atalarına kavuşunca, Davut Kenti'nde atalarının yanına gömüldü. Yerine oğlu Yotam kral oldu.
8 Nan tran-tuityèm ane Azaria, wa Juda a, Zacharie, fis a Jéroboam nan te devni wa an Israël nan Samarie pandan si mwa.
Yahuda Kralı Azarya'nın krallığının otuz sekizinci yılında Yarovam oğlu Zekeriya Samiriye'de İsrail Kralı oldu ve altı ay krallık yaptı.
9 Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou zansèt li yo te fè. Li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo.
Ataları gibi, RAB'bin gözünde kötü olanı yaptı ve Nevat oğlu Yarovam'ın İsrail'i sürüklediği günahlardan ayrılmadı.
10 Epi Schallum, fis a Jabesch la, te fè konplo kont li e te frape li devan pèp la pou te touye li e renye nan plas li.
Yaveş oğlu Şallum Zekeriya'ya bir düzen kurdu; halkın önünde saldırıp onu öldürdü, yerine kendisi kral oldu.
11 Alò, tout lòt zèv a Zacharie yo, gade byen, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël Yo?
Zekeriya'nın krallığı dönemindeki öteki olaylar İsrail krallarının tarihinde yazılıdır.
12 Sa se pawòl SENYÈ a te pale a Jéhu e te di: “Fis ou yo jis rive nan katriyèm jenerasyon va chita sou twòn Israël la.” Epi se konsa sa te ye.
Böylece RAB'bin Yehu'ya, “Senin soyun dört kuşak İsrail tahtında oturacak” diye verdiği söz yerine gelmiş oldu.
13 Schallum, fis a Jabesch la te devni wa nan trant-nevyèm ane a Ozias, wa Juda a e li te renye yon mwa Samarie.
Yahuda Kralı Azarya'nın krallığının otuz dokuzuncu yılında Yaveş oğlu Şallum İsrail Kralı oldu ve Samiriye'de bir ay krallık yaptı.
14 Epi Menahem, fis a Gadi a te monte soti Thirtsa pou te vini Samarie, li te frape Schallum, fis a Jabesch la Samarie e li te touye li pou te devni wa nan plas li.
Gadi oğlu Menahem Tirsa'dan Samiriye'ye gelip Yaveş oğlu Şallum'a saldırdı. Onu öldürüp yerine kendisi kral oldu.
15 Alò, tout lòt zèv a Schallum yo avèk konplo li te fè yo, men vwala, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo?
Şallum'un krallığı dönemindeki öteki olaylar ve kurduğu düzen İsrail krallarının tarihinde yazılıdır.
16 Epi Menahem te frape Thiphsach avèk tout moun ladann avèk lizyè li yo soti Thirtsa, akoz yo pa t ouvri pou li; pou sa, li te frape li e chire tout fanm li yo ki te ansent.
O sırada Menahem, Tirsa Kenti'nden başlayarak, Tifsah Kenti'ne ve çevresinde yaşayan herkese saldırdı. Çünkü kentin kapısını kendisine açmamışlardı. Herkesi öldürüp gebe kadınların karınlarını bile yardı.
17 Nan trant-nèf ane a Azaria yo, wa Juda a, Menahem, fis a Gadi a, te renye sou Israël pandan dizan Samarie.
Yahuda Kralı Azarya'nın krallığının otuz dokuzuncu yılında Gadi oğlu Menahem İsrail Kralı oldu ve Samiriye'de on yıl krallık yaptı.
18 Li te fè mal nan zye SENYÈ a; li pa t kite pandan tout jou li yo peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo.
RAB'bin gözünde kötü olanı yaptı ve yaşamı boyunca Nevat oğlu Yarovam'ın İsrail'i sürüklediği günahlardan ayrılmadı.
19 Pul, wa Assyrie a, te vini kont peyi a e Menahem te bay Pul mil talan ajan pou men li ta kapab avèk li pou ranfòse wayòm nan anba règn pa l la.
Asur Kralı Tiglat-Pileser İsrail'e saldırdı. Menahem, Tiglat-Pileser'in desteğini sağlayıp krallığını güçlendirmek için, ona bin talant gümüş verdi.
20 Alò, Menahem te egzije lajan an nan men Israël, menm a tout mesye enpòtan avèk mwayen, soti nan chak moun senkant sik ajan pou peye wa Assyrie a. Konsa, wa Assyrie a te retounen e pa t rete la nan peyi a.
İsrail'deki bütün zenginleri adam başı elli şekel gümüş ödemekle yükümlü kılarak Asur Kralı'na verilen gümüşü karşıladı. Böylece Asur Kralı İsrail topraklarından çekilip ülkesine döndü.
21 Alò, tout rès zak a Menahem yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo?
Menahem'in krallığı dönemindeki öteki olaylar ve bütün yaptıkları İsrail krallarının tarihinde yazılıdır.
22 Epi Menahem te dòmi avèk zansèt li yo e Pekachia, fis li a, te devni wa nan plas li.
Menahem ölüp atalarına kavuşunca, yerine oğlu Pekahya kral oldu.
23 Nan senkyèm ane a Azaria a, wa Juda a, Pekachia, fis a Menahem nan, te devni wa sou Israël nan Samarie e li te renye pandan dezan.
Yahuda Kralı Azarya'nın krallığının ellinci yılında Menahem oğlu Pekahya Samiriye'de İsrail Kralı oldu ve iki yıl krallık yaptı.
24 Li te fè mal nan zye SENYÈ a; li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis Nebat la, avèk sila li te fè Israël peche yo.
Pekahya RAB'bin gözünde kötü olanı yaptı ve Nevat oğlu Yarovam'ın İsrail'i sürüklediği günahlardan ayrılmadı.
25 Alò, Pékach, fis a Remalia a, ofisye pa li a, te fè konplo kont li e te frape li Samarie nan fò kay wa a avèk Argob ak Arié; ansanm ak li, te gen senkant mesye Galaadit yo e li te touye li pou te devni wa nan plas li.
Komutanlarından biri olan Remalya'nın oğlu Pekah kendisine düzen kurdu. Argov ve Arye'nin işbirliğiyle yanına Gilatlı elli adam alarak Pekahya'yı Samiriye'deki sarayın kalesinde öldürdü, yerine kendisi kral oldu.
26 Alò, tout lòt zèv a Pékach yo avèk tout sa li te fè yo, men gade, yo ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo.
Pekahya'nın krallığı dönemindeki öteki olaylar ve bütün yaptıkları İsrail krallarının tarihinde yazılıdır.
27 Nan senkann-dezyèm ane a Azaria, wa Juda a, Pékach, fis a Remalia a, te devni wa sou Israël nan Samarie e li te renye pandan ventan.
Yahuda Kralı Azarya'nın krallığının elli ikinci yılında Remalya oğlu Pekah Samiriye'de İsrail Kralı oldu ve yirmi yıl krallık yaptı.
28 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a; li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo.
RAB'bin gözünde kötü olanı yaptı ve Nevat oğlu Yarovam'ın İsrail'i sürüklediği günahlardan ayrılmadı.
29 Nan jou a Pékach yo, wa Israël la, Tiglath-Piléser, wa Assyrie a, te parèt e te kaptire Ijjon avèk Abel-Beth-Maaca e Janoach avèk Kédesch, Hatsor, Galaad avèk Galilée ak tout peyi Nephtali a; epi li te pote yo kaptif nan Assyrie.
İsrail Kralı Pekah'ın krallığı sırasında, Asur Kralı Tiglat-Pileser İsrail'in İyon, Avel-Beytmaaka, Yanoah, Kedeş, Hasor kentleriyle Gilat, Celile ve Naftali bölgelerini ele geçirerek halkı Asur'a sürdü.
30 Epi Osée, fis Ela a, te fè yon konplo kont Pékach, fis a Remalia a, li te frape li e te mete li a lanmò pou te devni wa nan plas li, nan ventyèm ane a Jotham, fis a Ozias la.
Yahuda Kralı Azarya oğlu Yotam'ın krallığının yirminci yılında Ela oğlu Hoşea, Remalya oğlu Pekah'a düzen kurdu ve onu öldürüp yerine kendisi kral oldu.
31 Alò, tout lòt zèv a Pékach yo avèk tout sa li te fè yo, gade byen, yo ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo.
Pekah'ın krallığı dönemindeki öteki olaylar ve bütün yaptıkları İsrail krallarının tarihinde yazılıdır.
32 Nan dezyèm ane a Pékach la, fis a Remalia a, wa Israël la, Jotham, fis a Ozias la, wa Juda a, te devni wa.
İsrail Kralı Remalya oğlu Pekah'ın krallığının ikinci yılında Azarya oğlu Yotam Yahuda Kralı oldu.
33 Li te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa a e li te renye sèzan nan Jérusalem. Non manman li se te Jeruscha, fi a Tsadok la.
Yotam yirmi beş yaşında kral oldu ve Yeruşalim'de on altı yıl krallık yaptı. Annesi Sadok'un kızı Yeruşa'ydı.
34 Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a; li te fè selon tout sa ke papa li, Ozias te fè.
Babası Azarya gibi, Yotam da RAB'bin gözünde doğru olanı yaptı.
35 Se sèlman wo plas yo ki pa t retire; pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan nan wo plas yo. Li te bati pòtay pa anwo lakay SENYÈ a.
Ancak alışılagelen tapınma yerleri henüz kaldırılmamıştı ve halk oralarda hâlâ kurban kesip buhur yakıyordu. Yotam RAB'bin Tapınağı'nın Yukarı Kapısı'nı onardı.
36 Alò, tout lòt zèv a Jotham yo avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?
Yotam'ın krallığı dönemindeki öteki olaylar ve yaptıkları Yahuda krallarının tarihinde yazılıdır.
37 Nan jou sa yo, SENYÈ a te kòmanse voye Retsin, wa Syrie a avèk Pékach, fis a Remalia a kont Juda.
RAB işte o günlerde Aram Kralı Resin'le İsrail Kralı Remalya oğlu Pekah'ı Yahuda üzerine göndermeye başladı.
38 Epi Jotham te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David, papa zansèt li a; epi Achaz, fis li a, te devni wa nan plas li.
Yotam ölüp atalarına kavuşunca, atası Davut'un Kenti'nde atalarının yanına gömüldü. Yerine oğlu Ahaz kral oldu.

< 2 Wa 15 >