< 2 Wa 14 >
1 Nan dezyèm ane Joas la, fis a Joachaz la, wa Israël la, Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, te devni wa.
W drugim roku Joasza, syna Jehoachaza, króla Izraela, zaczął królować Amazjasz, syn Joasza, króla Judy.
2 Li te gen laj a venn-senkan lè li te devni wa, e li te renye vent-nèf ane Jérusalem. Manman li te rele Joaddan, yon moun Jérusalem.
Miał dwadzieścia pięć lat, kiedy zaczął królować, i królował dwadzieścia dziewięć lat w Jerozolimie. Jego matka [miała] na imię Jehoaddan, [była] z Jerozolimy.
3 Amatsia te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, men pa tankou David, zansèt li a. Li te fè menm selon tout sa ke Joas, papa li te konn fè yo.
Czynił on to, co słuszne w oczach PANA, ale nie tak jak Dawid, jego ojciec. Czynił wszystko tak, jak czynił Joasz, jego ojciec.
4 Se sèl wo plas yo ki pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan nan wo plas yo.
Wyżyn jednak nie zniesiono i lud jeszcze składał ofiary, i palił kadzidło na tych wyżynach.
5 Alò, li te vin rive ke depi wayòm nan te byen solid nan men l, ke li te touye sèvitè li yo ki te touye wa a, papa li.
A gdy królestwo umocniło się w jego ręku, zabił tych spośród swoich sług, którzy zabili króla, jego ojca.
6 Men fis a sila ki te mouri yo, li pa t mete yo a lanmò, an akò avèk sa ki ekri nan liv Lalwa Moïse la, jan SENYÈ a te kòmande a lè l te di: “Papa yo p ap mete a lanmò pou fis yo, ni fis yo p ap mete a lanmò pou papa yo, men chak moun va mete a lanmò pou pwòp peche pa l.”
Lecz synów morderców nie zabił zgodnie z tym, co jest napisane w księdze Prawa Mojżesza, gdzie PAN rozkazał: Ojcowie nie poniosą śmierci za synów ani synowie nie poniosą śmierci za ojców, ale każdy poniesie śmierć za swój grzech.
7 Li te touye di-mil moun Édom nan Vale Sèl la, epi te pran Séla nan lagè. Li te rele li Yoqthéel, e se sa li ye jis rive jodi a.
On też pobił dziesięć tysięcy Edomitów w Dolinie Soli i zdobył w walce Selę, i nadał jej nazwę Jokteel, [i tak nazywa się] aż do dziś.
8 Epi Amatsia te voye mesaje yo kote Joas, fis a Joachaz la, fis a Jéhu a, wa a Israël la. Li te di: “Vini, annou parèt fasafas.”
Wtedy Amazjasz wysłał posłańców do Jehoasza, syna Jehoachaza, syna Jehu, króla Izraela, ze słowami: Chodź, spójrzmy sobie w twarze.
9 Joas, wa Israël la, te voye kote Amatsia, wa Juda a, e te di: “Bwa pikan ki te Liban an te voye kote sèd ki te Liban an, e li te di: ‘Bay fi ou an maryaj a fis mwen an.’ Men te pase pa la yon bèt sovaj ki te Liban, e li te kraze bwa pikan an anba pye l.
Jehoasz zaś, król Izraela, wysłał do Amazjasza, króla Judy, taką odpowiedź: Oset w Libanie posłał do cedru w Libanie prośbę: Daj swoją córkę mojemu synowi za żonę. Lecz dziki zwierz w Libanie przeszedł i podeptał oset.
10 Anverite, ou te bat Édom e kè ou vin plen ògèy. Rete lakay ou pou fè kè kontan. Pou ki rezon ou ta pwovoke twoub la jiskaske ou menm, ou ta tonbe, e Juda ansanm avèk ou?”
Rzeczywiście, pobiłeś Edomitów i twoje serce uniosło się pychą. Chwal się [tym] i siedź w domu. Po co masz wdawać się w nieszczęście, abyś upadł ty i Juda z tobą?
11 Men Amatsia te refize koute. Pou sa, wa Israël la te monte. Li menm avèk wa Juda a te parèt fasafas nan Beth-Schémesch ki pou Juda a.
Lecz Amazjasz nie posłuchał. Wyruszył więc Jehoasz, król Izraela, i spojrzeli sobie w twarze, on i Amazjasz, król Judy, w Bet-Szemesz, które należy do Judy.
12 Juda te bat pa Israël e yo te sove ale, yo chak nan pwòp tant pa yo.
I Juda został pobity przez Izraela, i uciekł – każdy do swego namiotu.
13 Epi Joas, wa Israël la, te kaptire Amatsia, wa Juda a, fis a Joas la, fis a Achazia a, nan Beth-Schémesch, li te rive Jérusalem e li te chire miray Jérusalem nan soti nan Pòtay Ephraïm nan jis rive nan Pòtay Kwen an, distans a kat-san koude.
A Jehoasz, król Izraela, pojmał Amazjasza, króla Judy, syna Jehoasza, syna Achazjasza, w Bet-Szemesz, przyszedł do Jerozolimy i zburzył mur Jerozolimy od Bramy Efraim aż do Bramy Narożnej, na czterysta łokci.
14 Li te pran tout lò avèk tout ajan ak tout zouti ki te twouve lakay SENYÈ a, nan trezò lakay wa a, ansanm ak kaptif yo e li te retounen Samarie.
I zabrał całe złoto i srebro oraz wszystkie naczynia, które znajdowały się w domu PANA i w skarbcach domu królewskiego, a także zakładników, po czym wrócił do Samarii.
15 Alò, tout lòt zèv ke Joas te fè yo, avèk pwisans li, ak jan li te goumen avèk Amatsia, wa Juda a, èske yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Israël yo?
A pozostałe dzieje Jehoasza, które czynił, i jego potęga, i [to], jak walczył z Amazjaszem, królem Judy, czy nie są zapisane w księdze kronik królów Izraela?
16 Konsa, Joas te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere Samarie avèk wa Israël yo. Jéroboam, fis li a, te devni wa nan plas li.
I Jehoasz zasnął ze swymi ojcami, i został pogrzebany w Samarii wraz z królami Izraela, a jego syn Jeroboam królował w jego miejsce.
17 Amatsia, fis a Joas la, Wa Juda a, te viv kenzan apre lanmò Joas, fis a Joachaz la, wa Israël la.
Amazjasz zaś, syn Joasza, król Judy, żył piętnaście lat po śmierci Jehoasza, syna Jehoachaza, króla Izraela.
18 Alò, tout lòt zèv a Amatsia yo, èske yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa A Juda yo?
A pozostałe dzieje Amazjasza – czy nie są zapisane w księdze kronik królów Judy?
19 Yo te fè konplo kont li Jérusalem e li te sove ale rive Lakis. Men yo te voye dèyè li Lakis pou te touye li la.
Potem uknuto przeciwko niemu spisek w Jerozolimie. Uciekł do Lakisz, lecz posłano za nim do Lakisz i tam go zabito.
20 Epi yo te mennen kò li sou cheval yo, e li te antere Jérusalem avèk zansèt li yo nan vil David la.
Przywieziono go na koniach i został pogrzebany w Jerozolimie ze swymi ojcami, w mieście Dawida.
21 Tout pèp Juda a te pran Azaria, nan laj sèzan, e yo te fè li wa nan plas a papa li, Amatsia.
Cały lud Judy wziął Azariasza, który miał szesnaście lat, i ustanowili go królem po jego ojcu Amazjaszu.
22 Li te bati Élath e li te remèt li bay Juda apre wa a te dòmi avèk zansèt li yo.
On odbudował Elat i przywrócił je Judzie, po tym jak król zasnął ze swymi ojcami.
23 Nan kenzyèm ane règn Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la te devni wa Samarie, e li te renye pandan karanteyen ane.
W piętnastym roku Amazjasza, syna Joasza, króla Judy, Jeroboam, syn Joasza, króla Izraela, [zaczął] królować w Samarii i [królował] czterdzieści jeden lat.
24 Li te fè mal nan zye SENYÈ a. Li pa t kite tout peche Jéroboam yo, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche yo.
Czynił on to, co złe w oczach PANA. Nie odstąpił od żadnego z grzechów Jeroboama, syna Nebata, który przywiódł Izraela do grzechu.
25 Li te restore lizyè Israël la soti nan antre Hamath jis rive nan Lamè Araba, selon pawòl SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pale pa sèvitè li Jonas, fis a Amitthaï a nan Gath-Hépher.
On przywrócił granice Izraela od wejścia do Chamat aż do Morza Stepowego, według słowa PANA, Boga Izraela, które wypowiedział przez swego sługę Jonasza, syna Amittaja, proroka z Gat-ha-Chefer.
26 Paske SENYÈ a te wè soufrans Israël ki te tèlman anmè; paske pa t gen ni esklav, ni lib, ni pa t gen okenn moun ki pou ede Israël.
PAN bowiem widział gorzkie utrapienie Izraela. Nie było ani więźnia, ani opuszczonego, ani kogokolwiek, kto by pomógł Izraelowi.
27 SENYÈ a pa t di ke li ta efase non Israël anba syèl la; men Li te delivre yo pa men Jéroboam, fis a Joas la.
A PAN nie powiedział, że miał wymazać imię Izraela spod niebios. Wybawił ich więc przez rękę Jeroboama, syna Joasza.
28 Alò, tout lòt zèv Jéroboam yo avèk tout sa ke li te fè ak pouvwa li, jan li te goumen ak jan li te reprann pou Israël Damas avèk Hamath nan Juda, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo?
A pozostałe dzieje Jeroboama i wszystko, co czynił, oraz jego potęga, [to], jak walczył i jak przywrócił Izraelowi Damaszek i Chamat judzkie – czy nie są zapisane w księdze kronik królów Izraela?
29 Epi Jéroboam te dòmi avèk zansèt pa li yo, menm ak wa a Israël yo. Epi Zacharie, fis li a, te devni wa nan plas li.
I Jeroboam zasnął ze swymi ojcami, z królami Izraela, a Zachariasz, jego syn, królował w jego miejsce.