< 2 Wa 11 >
1 Lè Athalie, manman Achazia te wè ke fis li a te mouri, li te leve detwi tout pitit a fanmi wayal yo.
Agora, quando Ataliah, mãe de Acazias, viu que seu filho estava morto, levantou-se e destruiu toda a descendência real.
2 Men Yehoshéba, fi a Wa Joram nan, sè Achazia a, te pran Joas, fis a Achazia a e li te rachte li pami fis a wa ki t ap mete a lanmò yo, e li te plase li avèk fanm nouris pa li nan chanm dòmi an. Konsa, yo te kache li soti Athalie pou li pa t mete a lanmò.
Mas Jeoseba, filha do rei Jorão, irmã de Acazias, levou Joás, filho de Acazias, e o roubou do meio dos filhos do rei que foram mortos, até mesmo ele e sua enfermeira, e os colocou no quarto; e o esconderam de Atalia, para que ele não fosse morto.
3 Konsa, li te kache avèk li pandan sizan lakay SENYÈ a, pandan Athalie t ap renye sou peyi a.
Ele esteve com ela escondido na casa de Iavé seis anos, enquanto Atalia reinou sobre a terra.
4 Alò, nan setyèm ane a, Joïada te voye mennen kapitèn a santèn yo, a Karyen yo ak nan gad yo. Li te mennen yo kote li lakay SENYÈ a, e li te montre yo fis a wa a.
No sétimo ano Jehoiada mandou buscar e trazer os capitães sobre centenas de caritas e da guarda, e os trouxe até ele na casa de Iavé; e fez um pacto com eles, e fez um pacto com eles na casa de Iavé, e mostrou-lhes o filho do rei.
5 Li te kòmande yo e te di: “Men bagay ke ou oblije fè: yon tyè nan nou, ki vin antre nan Saba a, veye sou lakay wa a;
Ele lhes ordenou, dizendo: “Isto é o que vocês devem fazer: um terço de vocês, que entram no sábado, serão guardas da guarda da casa do rei;
6 yon tyè tou, nan Pòtay ki rele Sur a, ak yon tyè nan pòtay dèyè gad yo, ki va veye sou kay la kòm defans.
um terço de vocês estará no portão Sur; e um terço de vocês no portão atrás da guarda. Portanto, guardareis a guarda da casa e sereis uma barreira.
7 De pati ladann nan, tout moun ki sòti nan Saba a, va osi veye sou lakay SENYÈ a pou wa a.
As duas empresas de vocês, mesmo todos os que saírem no sábado, vigiarão a casa de Yahweh ao redor do rei.
8 Epi nou va antoure wa a, chak moun avèk zam li nan men l; epi nenpòt moun ki antre nan ran pa nou, yo va mete a lanmò. Epi rete avèk wa a lè l sòti ak lè l lantre.”
Cercareis o rei, cada homem com suas armas na mão; e aquele que entrar nas fileiras, deixai-o ser morto. Esteja com o rei quando ele sair, e quando ele entrar”.
9 Konsa, kapitèn a santèn yo te fè selon tout sa ke Jehojada, prèt la, te kòmande li. Yo chak nan yo te pran mesye pa li yo ki te genyen pou antre nan Saba a, avèk sila ki te gen pou sòti nan Saba yo pou te rive kote Jehojada, prèt la.
Os capitães de mais de centenas fizeram de acordo com tudo o que Jehoiada, o sacerdote, ordenou; e cada um deles levou seus homens, aqueles que deveriam entrar no sábado com aqueles que deveriam sair no sábado, e vieram a Jehoiada, o sacerdote.
10 Prèt la te bay kapitèn a santèn yo lans avèk boukliye, sòti lakay SENYÈ a ki te konn pou Wa David la.
O sacerdote entregou aos capitães mais de centenas de lanças e escudos que haviam sido do rei David, que estavam na casa de Yahweh.
11 Gad yo te kanpe chak avèk zam pa yo nan men yo, soti sou kote dwat kay la, jis rive sou kote goch kay la, akote lotèl la e akote kay la, yo te antoure wa a.
O guarda ficou de pé, cada homem com suas armas na mão, do lado direito da casa para o lado esquerdo da casa, junto ao altar e à casa, ao redor do rei.
12 Epi li te mennen fè parèt deyò fis a wa a e te mete kouwòn nan sou tèt li, avèk temwen an; epi yo te fè li wa e te onksyone li. Yo te bat men yo e te di: “Viv wa a!”
Então ele trouxe o filho do rei, colocou a coroa sobre ele e lhe deu o pacto; fizeram-no rei e o ungiram; bateram palmas, e disseram: “Viva o rei!
13 Lè Athalie te tande bwi a gad la ak pèp la, li te vin kote moun yo lakay SENYÈ a.
Quando Atalia ouviu o barulho da guarda e do povo, veio ao povo na casa de Iavé;
14 Li te gade, e men vwala, wa a te kanpe akote pilye a, selon koutim nan, avèk kapitèn yo ak twonpèt yo akote wa a. Epi tout moun peyi a t ap rejwi e sone twonpèt yo. Athalie te chire rad li e te kriye: “Trayizon, Trayizon!”
e olhou, e eis que o rei estava junto ao pilar, como era tradição, com os capitães e as trombetas do rei; e todo o povo da terra se alegrou, e tocou trombetas. Então Athaliah rasgou suas roupas e gritou: “Traição! Traição!”.
15 Jehojada, prèt la, te kòmande kapitèn a santèn ki te chwazi sou lame a. Li te di yo: “Mennen li deyò antre nan ran sòlda yo e nenpòt moun ki swiv li, mete li a lanmò avèk nepe.” Paske prèt la te di: “Pa kite li mete a lanmò nan kay SENYÈ a.”
Jehoiada o padre comandou os capitães de centenas que estavam no exército, e disse-lhes: “Tragam-na para fora das fileiras”. Matem qualquer um que a siga com a espada”. Pois o padre disse: “Não a deixem ser assassinada na casa de Yahweh”.
16 Pou sa, yo te sezi li, lè li te rive kote antre cheval lakay wa yo, li te mete a lanmò la.
Então eles a apreenderam; e ela foi pelo caminho da entrada dos cavalos na casa do rei, e ela foi morta lá.
17 Epi Jehojada te fè yon akò antre SENYÈ a, wa a ak pèp la, pou yo ta devni pèp SENYÈ a, e osi antre pèp la avèk wa a.
Jehoiada fez um pacto entre Javé e o rei e o povo, de que eles deveriam ser o povo de Javé; também entre o rei e o povo.
18 Tout pèp peyi a te ale kote kay Baal la, yo te chire li. Lotèl li ak imaj li yo, yo te kraze an mòso nèt, e yo te touye Matthan, prèt Baal la, devan lotèl yo. Prèt la te chwazi ofisye yo sou kay SENYÈ a.
Todo o povo da terra foi para a casa de Baal, e a quebrou. Eles quebraram seus altares e suas imagens completamente em pedaços, e mataram Mattan, o sacerdote de Baal, antes dos altares. O padre nomeou oficiais sobre a casa de Yahweh.
19 Li te pran kapitèn a santèn yo avèk Karyen yo, avèk gad yo ak tout pèp peyi a. Konsa, yo te mennen wa a desann soti lakay SENYÈ a e yo te vini pa chemen pòtay gad yo rive lakay wa a. Epi li te chita sou twòn a wa yo.
Ele tomou os capitães por centenas, e os caritas, e a guarda, e todo o povo da terra; e eles derrubaram o rei da casa de Javé, e vieram pelo caminho do portão da guarda até a casa do rei. Ele se sentou no trono dos reis.
20 Konsa, tout pèp peyi a te rejwi e vil la te vin kalm. Paske yo te mete Athalie a lanmò pa nepe a lakay wa a.
Então todo o povo da terra se alegrou, e a cidade ficou quieta. Eles tinham matado Ataliah com a espada na casa do rei.
21 Joas te genyen laj sèt ane lè l te vin wa a.
Jehoash tinha sete anos de idade quando ele começou a reinar.