< 2 Wa 10 >
1 Alò, Achab te gen swasann-dis fis Samarie. Epi Jéhu te ekri lèt pou te voye Samarie, kote chèf Jizréel yo, ansyen yo e vè gadyen pitit Achab yo, e te di:
Now there were in Samaria seventy of Ahab's sons. And Jehu sent letters to Samaria, to the rulers of the town, and to the responsible men, and to those who had the care of the sons of Ahab, saying,
2 “Alò, lè lèt sa a rive kote ou, akoz fis a mèt ou yo avè w, menm jan avèk cha yo, cheval yo ak yon vil fòtifye avèk zam,
Straight away, when you get this letter, seeing that your master's sons are with you, and that you have carriages and horses and a walled town and arms;
3 chwazi pi bon ak pi kapab pami fis a mèt ou yo, mete li sou twòn papa l, e batay pou lakay mèt ou.”
Take the best and most upright of your master's sons, and make him king in his father's place, and put up a fight for your master's family.
4 Men yo te pè anpil. Yo te di: “Men gade, de wa sila yo pa t kanpe devan li! Alò, kijan nou kab kanpe?”
But they were full of fear, and said, The two kings have gone down before him: how may we keep our place?
5 Epi sila ki te sou tout kay la ak sila ki te sou vil la, ansyen yo ak gadyen zanfan yo, te voye kote Jéhu e te di: “Nou se sèvitè ou. Tout sa ou mande nou, nou va fè l. Nou p ap fè okenn moun wa. Fè sa ki bon nan zye ou.”
So the controller of the king's house, with the ruler of the town, and the responsible men, and those who had the care of Ahab's sons, sent to Jehu, saying, We are your servants and will do all your orders; we will not make any man king; do whatever seems best to you.
6 Alò, li te ekri yon lèt yon dezyèm fwa. Li te di: “Si ou sou kote pa m, ou va koute vwa m, pran tèt a mesye yo, fis a mèt ou yo, e vin kote mwen Jizréel demen vè lè sa a.” Alò, fis a wa yo, swasann-dis moun, te avèk moun enpòtan ki nan vil yo ki t ap leve yo.
Then he sent them a second letter, saying, If you are on my side, and if you will do my orders, come to me at Jezreel by this time tomorrow, with the heads of your master's sons. Now the king's seventy sons were with the great men of the town, who had the care of them.
7 Lè lèt la te rive kote yo, yo te pran fis a wa yo e te touye yo; swasann-dis moun, e te mete tèt pa yo nan panyen pou te voye yo kote li Jizréel.
And when the letter came to them, they took the king's sons and put them to death, all the seventy, and put their heads in baskets and sent them to him at Jezreel.
8 Lè mesaje a te vin pale li, li te di: “Yo gen tan pote tèt a fis a wa yo.” Li te di yo: “Mete yo nan de pil nan antre pòtay la jis rive nan maten.”
And a man came and said to him, They have come with the heads of the king's sons. And he said, Put them down in two masses at the doorway of the town till the morning.
9 Alò, nan maten, li te ale deyò pou te kanpe pale a tout pèp la: “Nou inosan. Gade byen, mwen te fè konplo kont mèt mwen, e mwen te touye li. Men se kilès ki te touye tout sila yo?
And in the morning he went out and, stopping, said to all the people there, You are upright men: it is true that I made designs against my master, and put him to death; but who is responsible for the death of all these?
10 Pou sa, konnen byen ke anyen p ap tonbe atè nan pawòl ke SENYÈ a te pale selon lakay Achab la, paske SENYÈ a te fè sa li te pale ak sèvitè li a, Élie.”
You may be certain that nothing which the Lord has said about the family of Ahab will be without effect; for the Lord has done what he said by his servant Elijah.
11 Konsa, Jéhu te touye tout sila ki te rete lakay Achab nan Jizréel yo ak tout moun pwisan pa li yo, avèk sila ki te konnen li yo, avèk prèt li yo, jiskaske pa t gen moun pa l vivan.
So Jehu put to death all the rest of the seed of Ahab in Jezreel, and all his relations and his near friends and his priests, till there were no more of them.
12 Epi li te leve sòti ale Samarie. Nan chemen an, pandan li te Beth-Eked ki te pou bèje yo,
Then he got up and came to Samaria. And he was at the meeting-place of the keepers of sheep, by the way,
13 Jéhu te rankontre fanmi a Achazia, wa Juda a. Li te mande: “Se kilès nou ye?” Yo te reponn: “Nou se fanmi a Achazia. Nou te vin desann pou salye fis a wa yo avèk fis a rèn nan.”
When he came across the brothers of Ahaziah, king of Judah, and said, Who are you? And they said, We are the brothers of Ahaziah, king of Judah; we are going down to see the children of the king and of the queen.
14 Li te di: “Pran yo vivan.” Konsa, yo te pran yo vivan e te touye yo nan fòs ki rele Beth-Eked la; karann-de mesye, e li pa t kite youn nan yo.
And he said, Take them living. So they took them living, and put them to death in the water-hole of Beth-eked; of the forty-two men he put every one to death;
15 Alò, lè li te kite la, li te rankontre Jonadab, fis a Récab ki te vin rankontre li a. Li te salye li, e te di li: “Èske kè ou bon, jan kè m avèk kè ou a?” Jonadab te reponn: “Li konsa.” Jéhu te di: “Si li konsa, ban mwen men ou.” Epi li te pran li fè l monte nan cha li a.
And when he had gone away from there, he came across Jehonadab, the son of Rechab: and he said good-day to him, and said to him, Is your heart true to mine, as mine is to yours? And Jehonadab in answer said, It is; and Jehu said, If it is, give me your hand. And he gave him his hand, and he made him come up into his carriage.
16 Li te di: “Vini avè m pou wè zèl mwen pou SENYÈ a.” Konsa, li te fè li ale nan cha li a.
And he said, Come with me and see how I am on fire for the Lord's cause. So he made him go with him in his carriage.
17 Lè li te rive Samarie, li te touye tout moun ki te rete pou Achab Samarie yo, jiskaske li te fin detwi li nèt, selon pawòl SENYÈ a te pale a Élie a.
And when he came to Samaria, he put to death all those of Ahab's family who were still in Samaria, till there were no more of them, as the Lord had said to Elijah.
18 Konsa, Jéhu te rasanble tout pèp la e li te pale yo: “Achab te sèvi Baal yon tikras; Jéhu va sèvi li anpil.
Then Jehu got all the people together and said to them, Ahab was Baal's servant in a small way, but Jehu will be his servant on a great scale.
19 Pou sa, voye fè parèt tout pwofèt a Baal yo, tout sila ki sèvi l avèk tout prèt li yo. Pa kite youn nan yo pa la. Paske mwen gen yon gran sakrifis pou Baal. Nenpòt moun ki pa la, p ap viv.” Men se avèk riz Jéhu te fè sa, jis pou li ta kapab detwi fidèl a Baal yo.
Now send for all the prophets of Baal and all his servants and all his priests, to come to me; let no one keep away: for I have a great offering to make to Baal; anyone who is not present, will be put to death. This Jehu did with deceit, his purpose being the destruction of the servants of Baal.
20 Jéhu te di: “Anonse yon fèt sen pou Baal.” Epi yo te anonse l.
And Jehu said, Let there be a special holy meeting for the worship of Baal. So a public statement was made.
21 Konsa, Jéhu te voye toupatou an Israël e tout sèvitè a Baal yo te vini, jis pa t gen yon moun ki rete ki pa t vini. Lè yo te antre nan kay Baal la, kay Baal la te ranpli jis sòti nan yon pwent pou rive nan yon lòt pwent.
And Jehu sent out through all Israel; and all the servants of Baal came, not one kept away. And they came into the house of Baal, so that it was full from end to end.
22 Li te di a sila ki te sou chaj vètman yo: “Mennen vètman yo deyò pou tout sèvitè Baal yo.” Konsa, li te mennen vètman yo deyò pou yo.
And Jehu said to him who kept the robes, Get out robes for all the servants of Baal. So he got out robes for them.
23 Jéhu te antre lakay Baal avèk Jonadab, fis a Récab la, epi li te di a sèvitè Baal yo: “Chache pou wè ke pa gen pami nou okenn nan sèvitè SENYÈ a; men sèlman sèvitè a Baal yo.”
And Jehu, with Jehonadab, the son of Rechab, went into the house of Baal; and he said to the servants of Baal, Make a search with care, to see that no servant of the Lord is with you, but only servants of Baal.
24 Epi yo te antre ladann pou ofri sakrifis avèk ofrann brile. Alò, Jéhu te estasyone pou li, katre-ven òm deyò a, e li te di: “Sila ki kite nenpòt nan mesye yo ke m mennen nan men nou yo chape, li menm va bay lavi li an echanj.”
Then they went in to make offerings and burned offerings. Now Jehu had put eighty men outside, and said to them, If any man whom I give into your hands gets away, the life of him who lets him go will be the price of his life.
25 Li te vin rive ke depi li te fin fè ofrann brile a, Jéhu te di a gad avèk ofisye wayal yo, “Antre ladann e touye yo! Pa kite pèsòn sòti!” Konsa, yo te touye yo avèk lam nepe, epi gad avèk ofisye wayal yo te jete yo deyò e te antre nan chanm enteryè nan kay Baal la.
Then when the burned offering was ended, straight away Jehu said to the armed men and the captains, Go in and put them to death; let not one come out. So they put them to the sword; and, pulling the images to the earth, they went into the holy place of the house of Baal.
26 Yo te pran pilye sakre lakay Baal yo e te mennen yo deyò pou te brile yo.
And they took out the image of Asherah from the house of Baal, and had it burned.
27 Anplis, yo te kraze pilye sakre a Baal la, yo te kraze kay Baal la e te fè l tounen yon latrin jis rive jodi a.
The altar of Baal was pulled down and the house of Baal was broken up and made an unclean place, as it is to this day.
28 Konsa, Jéhu te rache Baal sòti an Israël.
So Jehu put an end to the worship of Baal in Israel.
29 Men peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche a, depi sila yo, Jéhu pa t kite yo, menm jenn bèf an lò ki te Béthel e ki te Dan.
But Jehu did not keep himself from all the sins of Jeroboam, the son of Nebat, and the evil he made Israel do; the gold oxen were still in Beth-el and in Dan.
30 SENYÈ a te di a Jéhu: “Akoz ou te fè sa ki bon nan acheve sa ki bon nan zye m, e ou te fè a lakay Achab selon tout sa ki te nan kè M, fis ou yo jis rive nan katriyèm jenerasyon va chita sou twòn Israël la.”
And the Lord said to Jehu, Because you have done well in doing what is right in my eyes and effecting all my purpose for the family of Ahab, your sons will be kings of Israel to the fourth generation.
31 Men Jéhu pa t fè atansyon mache avèk tout kè li nan lalwa SENYÈ a, Bondye Israël la. Li pa t kite peche a Jéroboam yo, avèk sila li te fè Israël peche yo.
But Jehu did not take care to keep the law of the Lord with all his heart: he did not keep himself from the sin which Jeroboam did and made Israel do.
32 Nan jou sa yo, SENYÈ a te kòmanse koupe retire li nan peyi Israël la. Hazaël te bat yo toupatou nan teritwa Israël la,
In those days the Lord was angry first with Israel; and Hazael made attacks on all the land of Israel,
33 soti nan Jourdain an pou ale vè lès, tout peyi Galaad la, Gadit yo, Ribenit yo ak Manasit yo, soti nan Aroër, ki akote vale Arnon an, menm Galaad avèk Basan.
East of Jordan, in all the land of Gilead, the Gadites and the Reubenites and the Manassites, from Aroer by the valley of the Arnon, all Gilead and Bashan.
34 Alò, tout lòt zèv a Jéhu yo ak tout sa li te fè avèk tout pwisans li, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
Now the rest of the acts of Jehu, and all he did, and his great power, are they not recorded in the book of the history of the kings of Israel?
35 Konsa, Jéhu te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li Samarie. Joachaz, fis li a, te devni wa nan plas li.
And Jehu went to rest with his fathers, and was put into the earth in Samaria. And Jehoahaz his son became king in his place.
36 Alò, tan ke Jéhu te renye sou Israël Samarie a se te venn-tuitan.
And the time of Jehu's rule over Israel in Samaria was twenty-eight years.