< 2 Wa 1 >
1 Lè Achab te fin mouri, Moab te fè rebelyon kont Israël.
亞哈死後,摩押背叛以色列。
2 Konsa, Achazia te tonbe sou treyi a soti nan chanm anwo ki te nan Samarie a e li te vin malad. Konsa, li te voye mesaje yo. Li te di yo: “Ale mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an si m ap geri de maladi sa a.”
亞哈謝在撒馬利亞,一日從樓上的欄杆裏掉下來,就病了;於是差遣使者說:「你們去問以革倫的神巴力‧西卜,我這病能好不能好。」
3 Men zanj SENYÈ a te di a Élie, Tichbit la: “Leve, ale monte pou rankontre mesaje a wa Samarie yo. Di yo: ‘Èske se akoz nanpwen Dye an Israël ke ou prale mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an?’
但耶和華的使者對提斯比人以利亞說:「你起來,去迎着撒馬利亞王的使者,對他們說:『你們去問以革倫神巴力‧西卜,豈因以色列中沒有上帝嗎?』
4 Alò, se pou sa, pale SENYÈ a: ‘Ou p ap desann soti nan kabann kote ou te monte a, men ou va anverite, mouri.’” Konsa, Élie te pati.
所以耶和華如此說:『你必不下你所上的床,必定要死!』」以利亞就去了。
5 Lè mesaje yo te retounen bò kote li, li te di yo: “Se poukisa ke nou tounen an?”
使者回來見王,王問他們說:「你們為甚麼回來呢?」
6 Yo te di li: “Yon nonm te vin rankontre nou e te di nou: ‘Ale retounen kote wa ki te voye nou an e di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Èske se akoz nanpwen Dye an Israël ke w ap voye mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an? Pou sa, ou p ap desann Kabann kote ou fin monte a, men anverite, ou va mouri.’”’”
使者回答說:「有一個人迎着我們來,對我們說:『你們回去見差你們來的王,對他說:耶和華如此說,你差人去問以革倫神巴力‧西卜,豈因以色列中沒有上帝嗎?所以你必不下所上的床,必定要死。』」
7 Li te di yo: “Ki kalite moun sa a ki te monte rankontre nou an pou te pale pawòl sila yo a nou?”
王問他們說:「迎着你們來告訴你們這話的,是怎樣的人?」
8 Yo te reponn li: “Yon nonm avèk anpil cheve ak yon sentiwon an kwi mare nan ren li.” Li te di: “Se Élie, Tichbit la.”
回答說:「他身穿毛衣,腰束皮帶。」王說:「這必是提斯比人以利亞。」
9 Konsa, wa a te voye kote li, yon kapitèn a senkant avèk senkant pa li yo. Li te monte kote li; men vwala, li te chita sou do ti mòn nan. Konsa, li te di li: “O nonm Bondye a, wa a di ou: ‘Desann.’”
於是,王差遣五十夫長,帶領五十人去見以利亞,他就上到以利亞那裏;以利亞正坐在山頂上。五十夫長對他說:「神人哪,王吩咐你下來!」
10 Élie te reponn a kapitèn a senkant lan: “Si se yon nonm Bondye mwen ye, ke dife vin desann nan syèl la e manje ou menm avèk senkant pa ou yo.” Epi dife te desann soti nan syèl la e te manje li nèt avèk senkant pa li yo.
以利亞回答說:「我若是神人,願火從天上降下來,燒滅你和你那五十人!」於是有火從天上降下來,燒滅五十夫長和他那五十人。
11 Konsa, li te voye kote li yon lòt kapitèn a senkant ansanm ak senkant pa li yo. Epi li te di li: “O nonm Bondye, konsa pale wa a: ‘Desann vit.’”
王第二次差遣一個五十夫長,帶領五十人去見以利亞。五十夫長對以利亞說:「神人哪,王吩咐你快快下來!」
12 Élie te reponn yo: “Si mwen se yon nonm Bondye, ke dife desann nan syèl la e manje ou avèk senkant pa ou yo.” Epi dife Bondye a te desann sòti nan syèl la e te manje li nèt avèk senkant pa l yo.
以利亞回答說:「我若是神人,願火從天上降下來,燒滅你和你那五十人!」於是上帝的火從天上降下來,燒滅五十夫長和他那五十人。
13 Konsa, li te voye ankò kapitèn a senkant avèk senkant pa li yo. Lè twazyèm kapitèn nan te monte, li te vini e te bese ba sou jenou li devan Élie. Li te sipliye li e te mande li: “O nonm Bondye, souple kite lavi mwen avèk senkant sèvitè ou yo gade kòm presye nan zye ou.
王第三次差遣一個五十夫長,帶領五十人去。這五十夫長上去,雙膝跪在以利亞面前,哀求他說:「神人哪,願我的性命和你這五十個僕人的性命在你眼前看為寶貴!
14 Gade byen, dife te desann soti nan syèl la e te manje premye de kapitèn a senkant yo avèk senkant pa yo. Men koulye a, kite lavi mwen parèt presye nan zye ou.”
已經有火從天上降下來,燒滅前兩次來的五十夫長和他們各自帶的五十人;現在願我的性命在你眼前看為寶貴!」
15 Zanj SENYÈ a te di a Élie: “Ale desann avèk li. Pa pè li.” Pou sa, li te leve e te desann avèk li kote wa a.
耶和華的使者對以利亞說:「你同着他下去,不要怕他!」以利亞就起來,同着他下去見王,
16 Epi li te di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te voye mesaje yo pou mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an—-èske se akoz nanpwen Dye an Israël pou mande pawòl Li? Pou sa, ou p ap desann kabann kote ou te monte a, men anverite, ou va mouri.’”
對王說:「耶和華如此說:『你差人去問以革倫神巴力‧西卜,豈因以色列中沒有上帝可以求問嗎?所以你必不下所上的床,必定要死!』」
17 Konsa, Achazia te mouri selon pawòl SENYÈ a ke Élie te pale a. Epi akoz li pa t gen fis, Joram te devni wa nan plas li nan dezyèm ane a Joram, fis a Josaphat a, wa Juda a.
亞哈謝果然死了,正如耶和華藉以利亞所說的話。因他沒有兒子,他兄弟約蘭接續他作王,正在猶大王約沙法的兒子約蘭第二年。
18 Alò, tout lòt zèv ke Achazia te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
亞哈謝其餘所行的事都寫在以色列諸王記上。