< 2 Jan 1 >
1 Ansyen an k ap ekri madanm chwazi a, ansanm ak pitit li yo, ke mwen renmen anverite; pa mwen sèlman, men tout sila ki konnen laverite yo,
我長老致書給蒙選的主母和她的子女,就是我在真理內所愛的,不但我一個人,而且也是所有認識真理的人所愛的;
2 pou koz laverite a, ki rete nan nou, e ki va avèk nou jis pou tout tan: (aiōn )
這愛的因由,就是那存在我們內,並永遠與我們同在的真理。 (aiōn )
3 Lagras, mizerikòd, ak lapè va avèk nou, ki sòti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri, Fis a Papa a, nan verite, ak nan lamou.
願恩寵、仁愛與平安由天主父及天父之子耶穌基督,在真理與愛情內與我們同在。
4 Mwen te tèlman kontan pou twouve kèk nan timoun ou yo ki t ap mache nan laverite a, jis jan ke Papa a te kòmande nou fè a.
我很喜歡,因為我遇見了你的一些子女,照我們由天父所領受的命令,在真理內生活。
5 Konsa, koulye a mwen mande ou, madanm, pa tankou mwen t ap ekri yon kòmandman tounèf, men menm sila ke nou te gen depi nan kòmansman an, pou nou renmen youn lòt.
主母,我現在請求你,我們應該彼此相愛;這不是我寫給你的一條新命令,而是我們從起初就有的命令。
6 Men sa se lanmou, pou nou mache selon kòmandman Li yo. Sa se kòmandman an, jis jan ke ou te tande li depi nan kòmansman an, pou ou ta mache nan li.
我們按照他的命令生活,這就是愛;你們應在愛中生活,這就是那命令,正如你們從起初聽過的。
7 Paske anpil sediktè gen tan antre nan mond lan, sa yo ki pa rekonèt ke Jésus Kri te vini nan lachè a. Sila a se sediktè a, ak antikris la.
的確,有許多迷惑人的,來到了世界上,他們不承認耶穌基督是在肉身內降世的;這樣的人就是迷惑人的,就是假基督。
8 Veye nou menm pou nou pa pèdi sa ke nou gen tan fin reyalize a, men pou nou resevwa tout rekonpans lan.
你們要謹慎,不要喪失你們勞苦所得的,反要領受圓滿的賞報。
9 Nenpòt moun ki fin ale byen lwen e ki pa kontinye nan doktrin Kris la, pa gen Bondye. Sila ki rete nan doktrin nan, li gen ni Papa a, ni Fis la.
凡是越規而不存在基督道理內的,就沒有天主;那存在這道理內的,這人有父也有子。
10 Si nenpòt moun vini a nou, ki pa pote doktrin sila a, pa resevwa li nan kay nou, e pa menm salye li,
若有人來到你們中,不帶著這個道理,你們不要接他到家中,也不要向他請安,
11 paske sila ki salye li a patisipe nan zak malveyan li yo.
因為誰若向他請安,就是有分於他的邪惡工作。
12 Malgre ke mwen gen anpil bagay pou m ta ekri nou, mwen pa vle fè sa avèk papye ak lank; men mwen espere ke m va vini a nou menm pou nou pale fasafas, jis pou jwa nou kapab vin akonpli.
雖然我還有許多事,要寫給你們,但我不願意用紙用墨,只希望到你們那裏去,親口面談,好使我們的喜樂圓滿無缺。
13 Pitit a sè chwazi yo salye nou. Amen
你那蒙選的姊妹的子女問候你。