< 2 Korint 9 >

1 Paske se pa nesesè pou m ta ekri nou sou ministè sa a pou sen yo,
It is indeed unnecessary for me to write to you concerning the service to the saints,
2 paske mwen konnen volonte nou. Pou sa menm, mwen fè nou konpliman devan pèp Macédoine lan, anfèt ke Achaïe te deja prepare depi ane pase, e ke zèl nou te eksite pifò nan yo.
for I know your readiness, of which I boast on your behalf to them of Macedonia, that Achaia has been prepared for a year past. Your zeal has stirred up very many of them.
3 Men mwen te voye frè yo, pouke konpliman nou an pa ta fèt nan vid nan ka sa a, pouke jan mwen t ap di a, nou kapab byen prepare.
But I have sent the brothers that our boasting on your behalf may not be in vain in this respect, that, just as I said, you may be prepared,
4 Pou si li pa t fèt, epi nenpòt nan Masedonyen yo ta parèt avè m, nou pa t ap desi (ak ou menm tou) e soufri wont akoz sa ki te anvizaje.
so that I won't by any means, if there come with me any of Macedonia and find you unprepared, we (to say nothing of you) should be disappointed in this confidence.
5 Donk, mwen te panse ke li te nesesè pou ankouraje frè yo pou yo ta ale devan nou menm pou òganize davans kado jenewozite ke nou te deja pwomèt la. Epi konsa, kado sa a ta kapab parèt kon yon kado jenewozite ki pa afekte pa lanvi de nou menm.
I thought it necessary therefore to entreat the brothers that they would go before to you, and arrange ahead of time the generous gift that you promised before, that the same might be ready as a matter of generosity, and not of greediness.
6 Sonje, sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans.
Remember this: he who sows sparingly will also reap sparingly. He who sows bountifully will also reap bountifully.
7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa.
Each person should give according as he has determined in his heart; not grudgingly, or under compulsion; for God loves a cheerful giver.
8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv.
And God is able to make all grace abound to you, that you, always having all sufficiency in everything, may abound to every good work.
9 Jan sa ekri a: “Li te gaye toupatou. Li te bay a malere yo. Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.” (aiōn g165)
As it is written, "He has scattered, he has given to the poor; his righteousness endures forever." (aiōn g165)
10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an.
Now he who supplies seed to the sower and bread for food, will supply and multiply your seed for sowing, and increase the fruits of your righteousness;
11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye.
you being enriched in everything to all liberality, which works through us thanksgiving to God.
12 Paske ministè sèvis don sa a se pa sèlman pou byen founi bezwen a sen yo, men va osi pou debòde atravè anpil remèsiman a Bondye.
For this service of giving that you perform not only makes up for lack among the saints, but abounds also through many thanksgivings to God;
13 Akoz de prèv ki te bay pa ministè sèvis sila a, yo va bay Bondye glwa pou obeyisans konfesyon levanjil a Kris la, ak jenewozite don pa nou pou yo menm, ak tout lòt yo.
seeing that through the proof given by this service, they glorify God for the obedience of your confession to the Good News of Christ, and for the liberality of your contribution to them and to all;
14 Pandan yo menm osi, nan lapriyè pou nou, y ap gen dezi wè nou akoz ke gras Bondye ki anndan nou an ki depase tout bagay.
while they themselves also, with petition on your behalf, yearn for you by reason of the exceeding grace of God in you.
15 Remèsiman a Bondye pou don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.
Thanks be to God for his inexpressible gift.

< 2 Korint 9 >