< 2 Korint 7 >

1 Konsa, paske nou gen pwomès sa yo byeneme, annou netwaye tèt nou de tout salte lachè ak lespri, e vin konplete lasentete nan lakrent Bondye.
Having therefore these promises, dearly beloved, let us cleanse ourselves from all defilement of the flesh and of the spirit, perfecting sactification in the fear of God.
2 Fè espas pou nou nan kè nou. Nou pa t fè pèsòn mal. Nou pa t fè pèsòn vin konwonpi, ni nou pa t pran avantaj sou okenn moun.
Receive us. We have injured no man, we have corrupted no man, we have overreached no man.
3 Mwen pa pale pou kondane nou, paske Mwen te di avan sa, nou nan kè nou jis nou rive mouri ansanm e viv ansanm.
I speak not this to your condemnation. For we have said before, that you are in our hearts, to die together, and to live together.
4 Konfyans mwen gen nan nou an gran. Fyète m lè m nonmen non nou an gran. Mwen ranpli avèk rekonfò. M ap debòde avèk lajwa nan tout afliksyon nou yo.
Great is my confidence for you, great is my glorying for you. I am filled with comfort: I exceedingly abound with joy in all our tribulation.
5 Paske menm lè nou te vini Macédoine, chè nou pa t gen okenn repo, men nou te aflije toupatou: konfli deyò, laperèz anndan.
For also when we were come into Macedonia, our flesh had no rest, but we suffered all tribulation; combats without, fears within.
6 Men Bondye, ki rekonfòte sila k ap viv nan afliksyon yo, te rekonfòte nou lè Tite te vini an.
But God, who comforteth the humble, comforted us by the coming of Titus.
7 Pa sèlman vini li an, men osi pa rekonfò avèk sila li te rekonfòte nou an, lè li te bannou rapò de dezi nou genyen an, tristès nou, zèl ke nou te gen pou mwen an; pou m te rejwi plis toujou.
And not by his coming only, but also by the consolation, wherewith he was comforted in you, relating to us your desire, your mourning, your zeal for me, so that I rejoiced the more.
8 Paske malgre ke m te koze tristès pa lèt mwen an, mwen pa regrèt sa; sepandan mwen te regrèt li. Paske mwen wè ke lèt sa a te koze tristès nou, malgre sèlman pou yon ti tan.
For although I made you sorrowful by my epistle, I do not repent; and if I did repent, seeing that the same epistle (although but for a time) did make you sorrowful;
9 Koulye a, mwen rejwi, pa paske mwen te fè nou tris, men ke nou te vin tris jis pou mennen nou a larepantans. Paske mwen te fè nou tris selon volonte Bondye, jis pou nou pa ta soufri pèt nan okenn bagay akoz nou menm.
Now I am glad: not because you were made sorrowful; but because you were made sorrowful unto penance. For you were made sorrowful according to God, that you might suffer damage by us in nothing.
10 Paske tristès ki selon volonte Bondye a prodwi yon repantans ki san regrè, ki mennen nan sali; men tristès a mond lan prodwi lanmò.
For the sorrow that is according to God worketh penance, steadfast unto salvation; but the sorrow of the world worketh death.
11 Paske gade byen avèk ki senserite menm bagay sa a, tristès sa ki sòti nan Bondye a, te vin prodwi nan nou. Kèl jistifikasyon pou nou menm, kèl endiyasyon, kèl krent, kèl dezi, kèl zèl, kèl retribisyon kont lemal. Nan tout bagay nou te montre a tèt nou, nou inosan nan zafè sila a.
For behold this selfsame thing, that you were made sorrowful according to God, how great carefulness it worketh in you; yea defence, yea indignation, yea fear, yea desire, yea zeal, yea revenge: in all things you have shewed yourselves to be undefiled in the matter.
12 Donk, malgre m te ekri nou, se pa t pou koz a sila ki te fè ofans lan, ni pou koz a sila ki te donmaje a, men pou Bondye ta kapab konfime nan ou senserite ou anvè nou menm.
Wherefore although I wrote to you, it was not for his sake that I did the wrong, nor for him that suffered it; but to manifest our carefulness that we have for you
13 Pou rezon sa a, nou te rekonfòte. Epi anplis de rekonfò nou, nou te rejwi menm plis pou lajwa a Tite, paske lespri li te vin rafrechi pa nou tout.
Before God: therefore we were comforted. But in our consolation, we did the more abundantly rejoice for the joy of Titus, because his spirit was refreshed by you all.
14 Paske si nan yon bagay mwen te fè nou konpliman a li menm, nou pa t fè m wont. Men menm jan ke nou te pale tout bagay anverite a nou menm nan, menm jan an osi tout konpliman nou te pale Tite de nou te vin fè prèv ke se te verite.
And if I have boasted any thing to him of you, I have not been put to shame; but as we have spoken all things to you in truth, so also our boasting that was made to Titus is found a truth.
15 Afeksyon Li anvè nou ap vin plis toujou lè li sonje obeyisans nou tout, jan nou te resevwa li avèk lakrent e avèk tranbleman.
And his bowels are more abundantly towards you; remembering the obedience of you all, how with fear and trembling you have received him.
16 Mwen rejwi ke nan tout bagay mwen gen konfyans nan nou.
I rejoice that in all things I have confidence in you.

< 2 Korint 7 >