< 2 Korint 6 >

1 Epi nan travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven.
Working together, we entreat also that you do not receive the grace of God in vain.
2 Paske Li di: “Nan tan akseptab la Mwen te koute nou, e nan jou sali a Mwen te ede nou”. Gade byen, koulye a se “tan akseptab la”. Gade byen, koulye a se “jou sali a”.
For he says, “At an acceptable time I listened to you. In a day of salvation I helped you.” Behold, now is the acceptable time. Behold, now is the day of salvation.
3 Konsa, Nou p ap bay kòz pou ofans nan anyen, pou ministè a pa vin pèdi valè li.
We give no occasion of stumbling in anything, that our service may not be blamed,
4 Men nan tout bagay pou n ap rekòmande tèt nou kòm sèvitè a Bondye: nananpil andirans, nan afliksyon, difikilte, ak detrès
but in everything commending ourselves as servants of God: in great endurance, in afflictions, in hardships, in distresses,
5 nan pran kou, nan pran prizon, nan twoub, nan travay di, nan san dòmi nan grangou
in beatings, in imprisonments, in riots, in labors, in watchings, in fastings,
6 nan lavi dwat, nan konesans, nan pasyans, nan bonte, nan Lespri Sen an, nan vrè lanmou an
in pureness, in knowledge, in perseverance, in kindness, in the Holy Spirit, in sincere love,
7 nan pawòl verite a, nan pwisans Bondye a; ak zam ladwati pou men dwat ak men goch yo,
in the word of truth, in the power of God, by the armor of righteousness on the right hand and on the left,
8 pa laglwa ak wont, pa move rapò ak bon rapò, gade kòm mantè yo, malgre sa nan verite a;
by glory and dishonor, by evil report and good report, as deceivers and yet true,
9 kòm enkoni malgre byen koni, kòm moun k ap mouri men gade, nou byen vivan; kon sila ke y ap pini, men poko mete a lanmò,
as unknown and yet well known, as dying and behold—we live, as punished and not killed,
10 kòm plen ak tristès men toujou ap rejwi, kòm pòv, men ap fè anpil moun rich, kòm yon moun ki pa genyen anyen men ki posede tout bagay.
as sorrowful yet always rejoicing, as poor yet making many rich, as having nothing and yet possessing all things.
11 Bouch nou pale avèk libète ak nou menm, o Korentyen yo. Kè nou ouvri byen laj.
Our mouth is open to you, Corinthians. Our heart is enlarged.
12 Nou pa anpeche nou, men ou anpeche nan pwòp afeksyon pa w.
You are not restricted by us, but you are restricted by your own affections.
13 Koulye a, nan yon echanj konsa—-m ap pale kòmsi se ak timoun mwen yo—-ouvri kè nou laj pou nou tou.
Now in return—I speak as to my children—you also open your hearts.
14 Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb?
Do not be unequally yoked with unbelievers, for what fellowship do righteousness and iniquity have? Or what fellowship does light have with darkness?
15 Oubyen ki amitye Kris gen avèk Bélial, oswa kisa yon kwayan gen an komen avèk yon enkwayan?
What agreement does Christ have with Belial? Or what portion does a believer have with an unbeliever?
16 Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: “Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.”
What agreement does a temple of God have with idols? For you are a temple of the living God. Even as God said, “I will dwell in them and walk in them. I will be their God and they will be my people.”
17 Konsa, “‘Soti nan mitan yo, e separe de yo’, di Senyè a. ‘Pa touche sa ki enpi. Mwen va akeyi nou.
Therefore “‘Come out from among them, and be separate,’ says the Lord. ‘Touch no unclean thing. I will receive you.
18 Mwen va yon Papa pou nou, e nou va fis ak fi pou Mwen,’ di Senyè Tou Pwisan an.”
I will be to you a Father. You will be to me sons and daughters,’ says the Lord Almighty.”

< 2 Korint 6 >