< 2 Korint 5 >
1 Paske nou konnen ke si tant tèrès la ki se lakay nou an vin demoli, nou gen yon kay ki sòti nan Bondye; yon kay ki pa fèt avèk men, ki etènèl nan syèl la. (aiōnios )
FOR we know that if our earthly house of this body were dissolved, we have nevertheless a building that is by Aloha; a house which is not made with hands, in the heaven, eternal. (aiōnios )
2 Paske vrèman, nan kay sila a, nou plenyen avèk lanvi pou nou abiye nou ak kay nou ki nan syèl la;
For concerning this also we groan, and long to put on our house which is from heaven,
3 kòmsi nou konnen ke lè nou fin mete li, nou p ap janm toutouni ankò.
if, when that we have clothed, we may not be found naked.
4 Paske vrèman, pandan nou nan tant kò sa a, nou plenyen, nou anba gwo fado, paske nou pa vle dezabiye nou, men abiye nou, jis pou sa ki mòtèl la kapab anglouti pa lavi etènèl.
For now while we are in this house, we groan from the weight of it: yet are we not willing to cast it off, but to be clothed upon of it, that its mortality might be swallowed up in life.
5 Alò, Sila ki te prepare nou pou menm bi sa a, se Bondye, ki te bannou Lespri Sen kòm yon pwomès la.
And he who prepareth us for this is Aloha, who hath given to us the earnest-pledge of his Spirit.
6 Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a,
For therefore do we know and are persuaded, that so long as we remain in the body we are in pilgrimage from our Lord.
7 paske nou mache pa lafwa, e pa selon sa nou wè.
For by faith we walk, and not by sight.
8 Men, mwen di nou, nou gen bon kouraj. Nou prefere pito absan de kò a pou prezan lakay nou avèk Senyè a.
On this account we confide, and long to pass away from the body, and to be with our Lord.
9 Konsa nou gen osi kòm dezi, pou, kit nou lakay, kit nou absan, pou fè Li menm plezi.
We give diligence, that whether we are pilgrims or inhabitants, we may be pleasing unto Him.
10 Paske nou tout dwe parèt devan chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.
For we are all to stand before the tribunal of the Meshiha, that every man may be recompensed in his body (for) that which is done in it, whether of good or of evil.
11 Konsa, avèk konesans lakrent Senyè a, nou menm ap fè tout moun kwè, men nou vin rekonèt devan Bondye; epi mwen espere ke nou rekonèt nan konsyans pa nou yo tou.
THEREFORE, because we know the terror of our Lord, we persuade men; and to Aloha we are manifest; but I hope that to your minds also we are manifest.
12 Nou p ap vin pale byen de pwòp tèt nou bannou ankò, men n ap bannou yon okazyon pou vin fyè de nou, pou nou kab gen yon repons a sila ki jwenn fyète nan aparans, men pa nan kè.
For we commend not ourselves again to you, but we give you cause to be boastful of us to them who in appearance boast, but not in heart.
13 Paske si nou vin debòde, se pou Bondye. Epi si nou nan bon sans nou, se pou nou menm.
For if we be beside ourselves, (it is) unto Aloha; and if we be right, (it is) unto you.
14 Paske lanmou Kris la k ap bourade nou. Konsa li mennen nou a konklizyon sa a; ke yon moun te mouri pou tout moun, kidonk, tout moun te mouri.
For the love of the Meshiha constraineth us, because we judge this, That if one for every man hath died, then (was) every man dead.
15 Li te mouri pou tout moun, pouke sila ki vivan yo pa ta viv pou tèt yo ankò, men pou Li menm ki te mouri an e ki te leve ankò pou yo a.
And for every man he died, that they who live should not live to themselves, but to him who on their behalf died and arose.
16 Pou sa a, depi koulye a nou pa rekonèt okenn moun selon lachè. Malgre ke nou te konnen Kris selon lachè, deja koulye a nou pa konnen Li fason sa a ankò.
And henceforth we no man know according to the flesh; and if we have known the Meshiha according to the flesh, yet from now we know not.
17 Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf.
Whoever therefore is in the Meshiha is a new creature; the old things have passed, and every thing hath become new
18 Konsa, tout bagay sa yo sòti nan Bondye ki te rekonsilye nou a Li menm pa Kris la, e ki te bannou ministè rekonsilyasyon an.
from Aloha, who hath reconciled us to himself in the Meshiha, and given to us the ministry of reconciliation.
19 Kòmsi ke Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an.
For Aloha is in the Meshiha, who hath reconciled the world with his greatness; and he hath not reckoned unto them their sins, and hath put in us the word of reconciliation.
20 Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la pou nou vin rekonsilye ak Bondye.
WE are ambassadors then for the Meshiha, and as if Aloha himself besought you by us: instead of the Meshiha, therefore, we beseech, Be you reconciled unto Aloha.
21 Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.
For Him who knew not sin, on our account hath he made sin, that we might be in him the righteousness of Aloha.