< 2 Korint 3 >
1 Èske n ap kòmanse bay pwòp tèt nou lwanj ankò? Oswa èske nou menm bezwen, tankou kèk lòt moun, lèt rekòmandasyon pou nou menm, oswa petèt ki sòti de nou menm?
Recommençons-nous à nous recommander nous-même. Aurions-nous par hasard besoin, comme certaines gens, de lettres de recommandation pour vous, ou de votre part?
2 Nou menm nan legliz Korent se lèt nou, ki ekri nan kè nou, ki rekonèt e ki li pa tout moun.
Vous êtes, vous-mêmes, notre lettre de recommandation, une lettre écrite dans notre coeur, connue et lue de tout le monde.
3 Li parèt klè ke nou se yon lèt ki sòti nan Kris la, ki pran swen pa nou menm, ki pa t ekri avèk lank, men avèk Lespri Bondye vivan an, pa sou tablèt wòch, men sou tablèt kè lòm.
Il est manifeste que vous êtes une lettre de Christ, tracée par nous, ses ministres, écrite, non avec de l'encre, mais avec l'Esprit du Dieu vivant; non sur des tables de pierre, mais sur des tables de chair, sur vos coeurs.
4 Yon konfyans konsa ke nou genyen atravè Kris la vè Bondye.
Cette haute assurance, nous l'avons par Christ en Dieu;
5 Se pa ke nou ase fò nan nou menm pou konsidere ke tout bagay kapab sòti nan nou menm, men fòs nou an soti nan Bondye.
non que nous soyons capables de rien concevoir par nous-même, comme si nous le tirions de notre propre fonds, mais c'est de Dieu que nous vient notre capacité.
6 Ki te osi fè nou ase fò tankou sèvitè a yon akò tounèf, pa selon lèt la, men selon Lespri a. Paske lèt la touye, men Lespri a bay lavi.
C'est lui également qui nous a rendu capables d'être ministres d'une nouvelle alliance, non d'une lettre, mais de l'esprit; car la lettre tue, mais l'esprit vivifie.
7 Men si zèv lanmò a, ak lèt la byen grave sou wòch te vini avèk glwa, jis pou fis Israël yo pa t kapab fikse atansyon yo sou figi Moïse akoz de glwa a figi li, malgre briyans lan te kòmanse ap bese,
Si le ministère de mort, gravé en lettres sur des tables de pierre, a été entouré d'assez de gloire pour que les fils d'Israël ne pussent fixer leurs regards sur la face de Moïse, à cause de l’éclat passager de son visage,
8 kòman zèv Lespri a p ap vin pi fò avèk laglwa a?
comment le ministère de l'esprit ne sera-t-il pas revêtu d'une gloire supérieure?
9 Paske si zèv kondanasyon an gen glwa, konbyen anplis zèv ladwati a p ap ranpli avèk glwa?
Si le ministère de la condamnation est glorieux, le ministère de la justification le surpasse de beaucoup en gloire:
10 Paske anverite, sa ki te gen glwa a, nan ka sa a pa gen glwa, akoz glwa ki depase l la.
sous ce rapport, la gloire dont le premier a été entouré est totalement éclipsée par la gloire infinie du second;
11 Paske si sa ki disparèt la te avèk glwa, bokou plis sa ki rete a gen glwa.
car, si ce qui se passe n'a pas été sans éclat, ce qui demeure est bien autrement glorieux.
12 Konsa, akoz ke nou gen yon espwa parèy a sa a, nou sèvi ak gran kouraj nan pawòl nou yo.
Ayant donc une telle espérance, nous parlons et nous agissons avec une grande liberté:
13 Se pa tankou Moïse ki te konn mete yon vwal sou figi l pou fis Israël yo pa t kab gade avèk atansyon sou fen sa ki t ap disparèt la.
nous ne faisons pas comme Moïse qui se mettait un voile sur le visage, pour que les fils d'Israël ne vissent pas la fin de ce qui était passager.
14 Men tèt yo te vin di; paske jis rive nan jou sa a, nan lekti ansyen akò a, menm vwal la rete toujou san leve, paske se jis nan Kris li vin leve.
Malheureusement leur intelligence s'est aveuglée; car, jusqu’à ce jour, ce même voile demeure, lorsqu'ils lisent l'Ancien Testament. Il ne leur est point dévoilé que l'alliance a pris fin en la personne de Christ;
15 Men jis rive nan jou sa a, lè ekriti Moïse la vin li, yon vwal kouvri kè yo.
mais aujourd'hui encore, un voile est étendu sur leurs coeurs:
16 Men nenpòt lè yon moun vire vè Senyè a, vwal la vin sòti.
quand leurs coeurs se tourneront vers le Seigneur, le voile tombera.
17 Alò, Senyè a se Lespri a; e kote Lespri Senyè a ye, gen libète.
Or le Seigneur est l'esprit; et là où est l'esprit du Seigneur, là est la liberté.
18 Men nou tout, avèk figi devwale k ap gade tankou nan yon miwa laglwa Senyè a k ap transfòme nan menm imaj a glwa sa a, jis rive nan glwa ki sòti nan Senyè a, ki se Lespri a.
Quant à nous tous, qui, le visage découvert, contemplons en un miroir la gloire du Seigneur, nous sommes transformés en son image, avançant de gloire en gloire, comme on doit l’attendre de l'esprit du Seigneur.