< 2 Korint 13 >

1 Sa se twazyèm fwa m ap vin kote nou. “Chak sa ki fèt dwe konfime pa temwayaj a de oubyen twa temwen.”
این مرتبه سوم نزد شما می‌آیم. به گواهی دو سه شاهد، هر سخن ثابت خواهد شد.۱
2 Mwen te di nou oparavan lè m te la nan dezyèm fwa a, e byenke m pa la koulye a, mwen di davans a sila yo ki te peche nan tan pase yo e a tout rès moun yo tou, ke si m vini ankò, mwen p ap epagne pèsòn.
پیش گفتم و پیش می‌گویم که گویادفعه دوم حاضر بوده‌ام، هرچند الان غایب هستم، آنانی را که قبل از این گناه کردند و همه دیگران را که اگر بازآیم، مسامحه نخواهم نمود.۲
3 Paske se konsa nou ap chache prèv a Kris ki pale nan mwen an, e ki pa fèb anvè nou an, men byen pwisan nan nou.
چونکه دلیل مسیح را که در من سخن می‌گویدمی جویید که او نزد شما ضعیف نیست بلکه درشما تواناست.۳
4 Paske malgre Li te krisifye akoz de feblès, deja Li vivan akoz de pwisans Bondye a. Paske nou osi, nou fèb nan Li, malgre nou va viv avèk Li akoz de pwisans Bondye anvè nou.
زیرا هرگاه از ضعف مصلوب گشت، لیکن از قوت خدا زیست می‌کند. چونکه ما نیز در وی ضعیف هستیم، لیکن با او از قوت خدا که به سوی شما است، زیست خواهیم کرد.۴
5 Fè prèv tèt nou pou wè si nou nan lafwa. Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou—-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la?
خود را امتحان کنید که در ایمان هستید یا نه. خود را باز‌یافت کنید. آیا خود را نمی شناسید که عیسی مسیح در شما است اگر مردود نیستید؟۵
6 Men mwen gen konfyans ke ou va vin reyalize ke nou menm, nou pa echwe nan tès la.
اما امیدوارم که خواهید دانست که ما مردودنیستیم.۶
7 Koulye a, n ap priye Bondye pou ou pa fè okenn mal; se pa pou nou kapab parèt kòmsi nou vin apwouve, men pou ou kapab fè sa ki bon, menmsi li sanble nou pa apwouve.
و از خدا مسالت می‌کنم که شما هیچ بدی نکنید، نه تا ظاهر شود که ما مقبول هستیم، بلکه تا شما نیکویی کرده باشید، هرچند ما گویامردود باشیم.۷
8 Paske nou pa kapab fè anyen kont verite a, men sèlman pou verite a.
زیرا که هیچ نمی توانیم به خلاف راستی عمل نماییم بلکه برای راستی.۸
9 Paske nou rejwi lè nou fèb e ou menm vin gen fòs. Se pou sa n ap priye; ke ou kapab vin konplè.
وشادمانیم وقتی که ما ناتوانیم و شما توانایید. و نیزبرای این دعا می‌کنیم که شما کامل شوید.۹
10 Pou rezon sa a, mwen ap ekri bagay sa yo pandan mwen pa la a, jis pou lè m la, mwen p ap bezwen itilize severite mwen, selon otorite ke Senyè a te ban mwen pou bati e pa pou detwi.
ازاینجهت این را در غیاب می‌نویسم تا هنگامی که حاضر شوم، سختی نکنم بحسب آن قدرتی که خداوند بجهت بنا نه برای خرابی به من داده است.۱۰
11 Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou.
خلاصه‌ای برادران شاد باشید؛ کامل شوید؛ تسلی پذیرید؛ یک رای و با سلامتی بوده باشید و خدای محبت و سلامتی با شما خواهدبود.۱۱
12 Salye youn lòt avèk yon beze ki sen.
یکدیگر را به بوسه مقدسانه تحیت نمایید.۱۲
13 Tout sen yo salye nou.
جمیع مقدسان به شما سلام می‌رسانند.۱۳
14 Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.
فیض عیسی خداوند و محبت خدا وشرکت روح‌القدس با جمیع شما باد. آمین.۱۴

< 2 Korint 13 >