< 2 Korint 11 >
1 Mwen swete ke nou ta ban mwen pèmisyon pou yon ti foli; men anfèt nou ban mwen l deja.
I wish that you would bear with me in a little foolishness, but indeed you do bear with me.
2 Paske mwen jalou pou nou avèk yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske mwen te fyanse nou ak yon mari, pou m ta kapab prezante nou a Kris kòm yon vyèj ki san tach.
For I am jealous over you with a godly jealousy. For I married you to one husband, that I might present you as a pure virgin to Christ.
3 Men mwen pè pou menm jan ke Eve te twonpe pa riz sèpan an, pou panse nou ta de yon fason oubyen yon lòt detounen de devosyon sensè e san tach de Kris la.
But I am afraid that somehow, as the serpent deceived Eve in his craftiness, so your minds might be corrupted from the sincerity and purity that is in Christ.
4 Paske si yon moun vini pou preche yon lòt Jésus, ke nou menm pa t preche, oswa nou resevwa yon lòt lespri ke nou pa t resevwa, oswa yon lòt levanjil ke nou pa t aksepte, nou ase tolere sa.
For if he who comes preaches another Jesus, whom we did not preach, or if you receive a different spirit, which you did not receive, or a different "good news", which you did not accept, you put up with that well enough.
5 Paske mwen pa konsidere tèt mwen kòm enferyè a pi gran apot yo.
For I reckon that I am not at all behind the very best apostles.
6 Men menmsi mwen manke abil nan pale, deja mwen pa konsa nan konesans. Anfèt, nan tout aspè, sa te deja fèt klè de nou tout, nan tout bagay.
Even though I am unskilled in speech, I am not unskilled in knowledge. But in every way we have made this known to you in all things.
7 Oubyen èske mwen te fè yon peche lè m te aksepte imilye tèt mwen pou nou menm ta kapab egzalte, paske m te preche levanjil Bondye a nou menm san frè?
Or did I commit a sin in humbling myself that you might be exalted, because I preached to you God's Good News free of charge?
8 Okontrè, mwen te vòlè lòt legliz yo lè m te pran kòb soutyen lan nan men yo pou sèvi nou.
I robbed other churches, taking wages from them that I might serve you.
9 Lè m te prezan avèk nou nan nesesite, mwen pa t devni yon chaj pou okenn moun; paske lè frè yo te vini sòti Macédoine, yo te satisfè tout bezwen m yo, e nan tout bagay mwen te kenbe tèt mwen pou mwen pa t vin yon chaj pou nou menm, e m va kontinye fè menm bagay la.
When I was present with you and was in need, I was not a burden on anyone, for the brothers, when they came from Macedonia, supplied the measure of my need. In everything I kept myself from being burdensome to you, and I will continue to do so.
10 Jan verite Kris la nan mwen an vante tèt mwen an p ap tèmine fèt nan zòn Achaïe yo.
As the truth of Christ is in me, no one will stop me from this boasting in the regions of Achaia.
11 Poukisa? Paske mwen pa renmen nou? Bondye konnen ke m renmen nou!
Why? Because I do not love you? God knows.
12 Men m ap kontinye fè sa ke m ap fè a pou m kapab rachte okazyon de sila yo ki vle twouve yon okazyon pou moun konsidere yo egal avèk nou nan bagay ke y ap vante tèt yo.
But what I do, that I will do, that I may cut off occasion from them that desire an occasion, that in which they boast, they may be found even as we.
13 Paske moun konsa yo se fo apot yo ye, ouvriye twonpè k ap degize tèt yo tankou apot a Kris yo.
For such people are false apostles, deceitful workers, masquerading as Christ's apostles.
14 Sa pa yon gwo sipriz, paske menm Satan degize tèt li tankou yon zanj limyè.
And no wonder, for even Satan masquerades as an angel of light.
15 Konsa, se pa yon sipriz si sèvitè li yo degize tèt yo tankou sèvitè ladwati Bondye yo, ki va tèmine menm jan kon pwòp zèv pa yo.
It is no great thing therefore if his servants also masquerade as servants of righteousness, whose end will be according to their works.
16 Ankò mwen di, ke pèsòn pa panse ke mwen fou. Men si nou panse sa, resevwa m menm tankou moun fou, pou mwen tou kapab vante tèt mwen tou piti.
I say again, let no one think me foolish. But if so, yet receive me as foolish, that I also may boast a little.
17 Sa m ap di a, mwen p ap di li jan Senyè a ta pale, men yon jan fou, konsi, m ap vante tèt mwen an.
That which I speak, I do not speak according to the Lord, but as in foolishness, in this confidence of boasting.
18 Akoz ke anpil moun vante tèt yo selon lachè, mwen va vante tèt mwen konsa tou.
Seeing that many boast after the flesh, I will also boast.
19 Men nou menm ki tèlman saj, tolere foli a avèk kè kontan.
For you bear with the foolish gladly, being wise.
20 Paske nou tolere li si yon moun fè nou esklav, si yon moun devore nou, si yon moun pran avantaj de nou, si yon moun egzalte tèt li, menm si yon moun bannou kou nan figi.
For you put up with it if someone makes slaves of you, if someone exploits you, if someone takes advantage of you, if someone exalts himself, if someone strikes you on the face.
21 Nan wont mwen, mwen oblije di ke nou te twò fèb pa konparezon. Men nan nenpòt bagay respekte nenpòt lòt moun se plen ak kouraj (mwen pale ak foli), mwen menm, mwen gen kouraj menm jan an.
I speak by way of disparagement, as though we had been weak. Yet however any is bold (I speak in foolishness), I am bold also.
22 Èske se Ebre yo ye? Mwen menm tou, mwen Ebre. Èske se Izrayelit yo ye? Mwen menm tou, mwen se Izrayelit. Èske se desandan Abraham yo ye? Mwen menm tou.
Are they Hebrews? So am I. Are they Israelites? So am I. Are they descendants of Abraham? So am I.
23 Èske se sèvitè a Kris yo ye? (Mwen pale tankou moun fou) Mwen menm tou, plis nan travay, bokou plis nan pran prizon. Mwen te bat depase mezi, mwen te souvan nan danje lanmò.
Are they servants of Christ? (I speak as one beside himself) I am more so; in labors more abundantly, in prisons more abundantly, in stripes above measure, in deaths often.
24 Senk fwa mwen te resevwa nan men Jwif yo trant-nèf kout fwèt.
Five times from the Jews I received forty stripes minus one.
25 Twa fwa mwen te bat avèk baton, yon fwa mwen te lapide avèk wòch, twa fwa mwen te nan bato ki kraze nan lanmè, yon jou ak yon nwit mwen te pase nan fon lanmè.
Three times I was beaten with rods. Once I was stoned. Three times I suffered shipwreck. I have been a night and a day in the deep.
26 Souvan mwen te fè vwayaj, an danje nan rivyè, danje ak vòlè, danje ak pwòp moun peyi mwen, danje ak moun etranje yo danje nan vil yo, danje nan dezè, danje sou lanmè, e danje pami fo frè yo.
I have been in travels often, perils of rivers, perils of robbers, perils from my countrymen, perils from those who are not Jews, perils in the city, perils in the wilderness, perils in the sea, perils among false brothers;
27 Mwen te nan travay, nan sikonstans difisil, nan anpil nwit san dòmi, nan grangou ak swaf, souvan san manje, nan fredi e san rad.
in labor and travail, in watchings often, in hunger and thirst, in fastings often, and in cold and nakedness.
28 Apa kondisyon ekstèn sa yo, gen fòs opresyon chak jou sou mwen pou sousi mwen gen pou tout legliz yo.
Besides those things that are outside, there is that which presses on me daily, anxiety for all the churches.
29 Kilès ki vin fèb, san m pa fèb tou? Kilès ki lage nan peche, san gwo sousi mwen.
Who is weak, and I am not weak? Who is caused to stumble, and I do not burn with indignation?
30 Si mwen dwe vante tèt mwen, m ap vante tèt mwen de sa ki apatyen a feblès mwen.
If I must boast, I will boast of the things that concern my weakness.
31 Bondye e Papa a Senyè a Jésus Li menm ki beni pou tout tan an, konnen ke m p ap bay manti. (aiōn )
The God and Father of the Lord Jesus, he who is blessed forevermore, knows that I do not lie. (aiōn )
32 Nan Damas gouvènè anba Arétas, wa a t ap veye vil moun Damas yo pou l te kapab sezi mwen.
In Damascus the governor under Aretas the king guarded the city of the Damascenes, desiring to arrest me.
33 Se konsa mwen te kite lòt moun desann mwen nan yon panyen pa fenèt nan mi an, e se konsa m te chape nan men li.
Through a window I was let down in a basket by the wall, and escaped his hands.