< 2 Istwa 7 >

1 Alò, lè Salomon te fin fè priyè a, dife a te sòti nan syèl la pou te boule ofrann brile a avèk sakrifis yo; e glwa a SENYÈ a te ranpli kay la.
Lorsque Salomon eut achevé de prier, le feu descendit du ciel et consuma l'holocauste et les sacrifices; et la gloire de l'Éternel remplit la maison.
2 Prèt yo pa t kab antre lakay SENYÈ a akoz glwa SENYÈ a te ranpli kay la.
Et les sacrificateurs ne pouvaient entrer dans la maison de l'Éternel, parce que la gloire de l'Éternel avait rempli la maison de l'Éternel.
3 Tout fis Israël yo, lè yo te wè dife a desann, e glwa SENYÈ a sou kay la, yo te bese ba sou pave a avèk figi yo atè pou yo te adore e te bay lwanj a SENYÈ a. Yo te di: “Konsa Li bon, paske lanmou dous Li a dire pou tout tan,”
Tous les enfants d'Israël virent descendre le feu et la gloire de l'Éternel sur la maison; et ils se courbèrent, le visage en terre, sur le pavé, se prosternèrent, et louèrent l'Éternel, en disant: Car il est bon, car sa miséricorde demeure éternellement!
4 Epi wa a avèk tout pèp la te ofri sakrifis devan SENYÈ a.
Or le roi et tout le peuple offraient des sacrifices devant l'Éternel.
5 Wa Salomon te ofri yon sakrifis a venn-de-mil bèf ak san-ven-mil mouton. Konsa, wa a avèk tout pèp la te dedye kay Bondye a.
Et le roi Salomon offrit un sacrifice de vingt-deux mille bœufs, et cent vingt mille brebis. Ainsi le roi et tout le peuple firent la dédicace de la maison de Dieu.
6 Prèt yo te kanpe nan pòs pa yo, e Levit yo tou avèk enstriman mizik a SENYÈ a, ke Wa David te fè pou bay lwanj a SENYÈ a lè David te bay lwanj sèvis yo. E yo te di, “Paske lanmou dous Li a dire pou tout tan”. Konsa, prèt yo te soufle twonpèt devan yo, epi tout Israël te kanpe.
Et les sacrificateurs se tenaient à leurs postes, ainsi que les Lévites, avec les instruments de musique de l'Éternel, que le roi David avait faits pour louer l'Éternel en disant: Car sa miséricorde demeure éternellement! quand David le célébrait par leur moyen. Et les sacrificateurs sonnaient des trompettes vis-à-vis d'eux, et tout Israël se tenait debout.
7 Salomon te konsakre mitan lakou ki te devan kay SENYÈ a pou fè l sen. Paske la, li te ofri ofrann brile ak grès ofrann lapè yo akoz lotèl an bwonz ke Salomon te fè a pa t kab kenbe ofrann brile a, ofrann sereyal la ak grès la.
Salomon consacra le milieu du parvis, qui est devant la maison de l'Éternel; car il offrit là les holocaustes et les graisses des sacrifices de prospérités, parce que l'autel d'airain que Salomon avait fait ne pouvait contenir les holocaustes, les offrandes et les graisses.
8 Konsa, Salomon te obsève fèt la nan tan sa a pandan sèt jou e tout Israël avèk li; yon trè gran asanble ki te sòti depi nan antre Hamath jis rive nan flèv Égypte la.
Ainsi Salomon célébra, en ce temps-là, la fête pendant sept jours, avec tout Israël. Il y avait une fort grande assemblée, venue depuis l'entrée d'Hamath jusqu'au torrent d'Égypte.
9 Nan uityèm jou a, yo te kenbe yon asanble solanèl pou obsève dedikasyon lotèl la. Yo te obsève l pou sèt jou, e fèt la pandan sèt jou.
Le huitième jour, ils firent une assemblée solennelle; car ils firent la dédicace de l'autel pendant sept jours, et la fête pendant sept jours.
10 Epi sou venn-twazyèm jou nan setyèm mwa a, li te voye pèp la nan tant yo, ranpli avèk jwa e avèk kè kontan, akoz bonte ke SENYÈ a te montre a David, a Salomon e a pèp Li a, Israël.
Le vingt-troisième jour du septième mois, il renvoya le peuple dans ses tentes, joyeux et content, à cause du bien que l'Éternel avait fait à David, à Salomon, et à Israël, son peuple.
11 Se konsa Salomon te fini kay SENYÈ a avèk palè wa a, e li te acheve nèt tout sa ke li te fè plan pou fè lakay SENYÈ a ak nan kay pa li a.
Salomon acheva donc la maison de l'Éternel et la maison du roi; et il réussit dans tout ce qu'il avait eu dessein de faire dans la maison de l'Éternel et dans la sienne.
12 Konsa, SENYÈ a te parèt a Salomon nan nwit lan. Li te di l: “Mwen te tande lapriyè ou a, e Mwen te chwazi plas sa a pou Mwen menm kòm yon kay sakrifis.
Et l'Éternel apparut à Salomon pendant la nuit, et lui dit: J'ai exaucé ta prière, et je me suis choisi ce lieu pour une maison de sacrifices.
13 “Si Mwen vin fèmen syèl yo pou pa gen lapli, oswa si Mwen kòmande krikèt yo pou devore latè, oswa si Mwen voye toumant pami pèp Mwen an,
Si je ferme les cieux, et qu'il n'y ait point de pluie, et si je commande aux sauterelles de consumer le pays, et si j'envoie la peste parmi mon peuple;
14 epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo.
Et que mon peuple, sur lequel mon nom est invoqué, s'humilie, prie, et cherche ma face, et qu'il se détourne de ses mauvaises voies, alors je l'exaucerai des cieux, je pardonnerai ses péchés, et je guérirai son pays.
15 Koulye a, zye M va louvri e zòrèy Mwen va vin atantif a lapriyè ki ofri nan plas sa a.
Mes yeux seront désormais ouverts, et mes oreilles seront attentives à la prière faite en ce lieu.
16 Paske koulye a, Mwen gen tan chwazi e konsakre kay sila a pou non Mwen kapab la jis pou tout tan. Zye Mwen ak kè Mwen va la pou tout tan.
Maintenant j'ai choisi et j'ai sanctifié cette maison, afin que mon nom y soit à toujours; mes yeux et mon cœur seront toujours là.
17 “Epi pou ou menm, si ou mache devan M tankou papa ou, David te mache a, fè selon tout sa ke Mwen te kòmande ou yo, e kenbe règleman Mwen yo avèk òdonans Mwen yo,
Et toi, si tu marches devant moi comme David, ton père, a marché, faisant tout ce que je t'ai commandé, et si tu gardes mes lois et mes ordonnances,
18 alò, Mwen va etabli twòn wayal ou a jan Mwen te sèmante a David la, lè M te di: ‘Ou p ap manke yon nonm ki pou gouvène an Israël.’
J'affermirai le trône de ton royaume, comme je l'ai promis à David, ton père, en disant: Il ne te manquera point de successeur qui règne en Israël.
19 “Men si ou vire kite e abandone règleman Mwen yo, avèk kòmandman ke M te mete devan ou yo, pou ale sèvi lòt dye yo e adore yo,
Mais si vous vous détournez, et que vous abandonniez mes lois et mes commandements que je vous ai prescrits, et que vous alliez servir d'autres dieux, et vous prosterner devant eux,
20 alò, Mwen va dechouke ou soti nan peyi ke M te ba ou a, ak kay sa a, ke Mwen te konsakre pou non pa Mwen an, Mwen va jete l andeyò vizaj Mwen, e Mwen va fè li yon pwovèb ak yon rizib pami tout pèp yo.
Je vous arracherai de mon pays que je vous ai donné, je rejetterai loin de moi cette maison que j'ai consacrée à mon nom, et j'en ferai la fable et la risée de tous les peuples.
21 Epi pou kay sila a, ki egzalte tèlman wo, tout moun ki pase kote li va etone e va di: “Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi sila a, e a kay sila a?
Et pour ce qui est de cette maison, qui aura été si haut élevée, quiconque passera près d'elle sera étonné, et dira: Pourquoi l'Éternel a-t-il ainsi traité ce pays et cette maison?
22 Epi konsa, yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, ki te mennen yo soti nan peyi Égypte la, pou yo te adopte lòt dye yo, e te adore yo e te sèvi yo. Se pou sa, Li te mennen tout mal sila a sou yo.’”
Et on répondra: Parce qu'ils ont abandonné l'Éternel, le Dieu de leurs pères, qui les fit sortir du pays d'Égypte, et qu'ils se sont attachés à d'autres dieux, et qu'ils se sont prosternés devant eux, et les ont servis; c'est pour cela qu'il a fait venir sur eux tous ces maux.

< 2 Istwa 7 >