< 2 Istwa 5 >

1 Konsa, tout travay ke Salomon te acheve pou kay SENYÈ a te fini. Epi Salomon te mennen fè antre tout bagay ke David, papa li, te dedye yo, menm ajan avèk lò a, tout zouti yo e li te mete yo nan trezò lakay Bondye a.
A tak dokonáno jest všecko dílo, kteréž dělal Šalomoun k domu Hospodinovu, a vnesl tam Šalomoun věci posvěcené od Davida otce svého, též stříbro a zlato, a všecko nádobí, složiv je mezi poklady domu Božího.
2 Apre, Salomon te rasanble nan Jérusalem ansyen Israël yo, ak tout chèf a tribi yo, chèf lakay papa zansèt a fis Israël yo, pou mennen fè monte lach SENYÈ a sòti andeyò vil David la, ki se Sion.
Tedy shromáždil Šalomoun starší Izraelské, a všecky přední z pokolení, totiž knížata čeledí otcovských s syny Izraelskými do Jeruzaléma, aby přenesli truhlu smlouvy Hospodinovy z města Davidova, jenž jest Sion.
3 Tout mesye Israël yo te rasanble yo kote wa a nan fèt ki te nan setyèm mwa a.
I shromáždili se k králi všickni muži Izraelští na slavnost, kteráž bývá měsíce sedmého.
4 Konsa, tout ansyen Israël yo te vini. Levit yo te leve pran lach la.
Když pak přišli všickni starší Izraelští, vzali Levítové truhlu,
5 Yo te mennen lach la fè l monte avèk tant asanble a ak tout zouti sen ki te nan tant yo. Prèt Levit yo te mennen fè yo monte.
A nesli ji zhůru, též stánek úmluvy, i všecka nádobí posvátná, kteráž byla v stánku, přenesli to kněží a Levítové.
6 Epi Wa Salomon avèk tout asanble Israël ki te rasanble avèk li devan lach yo, t ap fè sakrifis a yon tèlman gran kantite mouton avèk bèf ke yo pa t kab kontwole ni konte.
Zatím král Šalomoun i všecko shromáždění Izraelské, kteréž se k němu sešlo, obětovali před truhlou ovce a voly, kteříž ani popisováni, ani vyčítáni nebyli pro množství.
7 Answit, prèt yo te mennen lach akò a SENYÈ a antre nan plas li, anndan sanktyè enteryè kay la, nan kote ki sen pase tout lòt yo anba zèl a cheriben yo.
A tak vnesli kněží truhlu smlouvy Hospodinovy na místo její, do vnitřního domu, do svatyně svatých, pod křídla cherubínů.
8 Paske cheriben yo te lonje zèl yo sou plas lach la, jiskaske cheriben yo te fè yon kouvèti sou lach la avèk poto li yo.
Nebo cherubínové měli roztažená křídla nad místem truhly, a přikrývali cherubínové truhlu i sochory její svrchu.
9 Poto yo te tèlman long ke pwent poto a lach yo te vizib devan sanktyè enteryè a, men yo pa t kab wè pa deyò. Epi yo toujou la jis rive jodi a.
A povytáhli sochorů, tak že vidíni byli koncové jejich z truhly, k předku svatyně svatých, vně však nebylo jich viděti. A byla tam až do tohoto dne.
10 Pa t gen anyen nan lach la sof ke de tablo ke Moïse te mete ladann nan Horeb yo, kote SENYÈ a te fè yon akò avèk fis Israël yo lè yo te sòti an Égypte la.
Nic nebylo v truhle, kromě dvou tabulí, kteréž tam složil Mojžíš na Orébě tehdáž, když učinil Hospodin smlouvu s syny Izraelskými, a oni vyšli z Egypta.
11 Lè prèt yo te vin sòti nan kote pi sen pase tout lòt kote yo, (paske tout prèt ki te prezan yo te deja sanktifye yo menm san kontwole divizyon sèvis pa yo),
I stalo se, když vycházeli kněží z svatyně, (nebo všickni kněží, kteříž se koli našli, byli se posvětili, aniž šetřili pořádku.
12 epi tout chantè Levit yo, Asaph, Héman, Jeduthun, fis pa yo avèk fanmi pa yo, te abiye an twal len fen, avèk senbal, ap, gita, yo te kanpe nan kote lès a otèl la e avèk yo, san-ven prèt ki t ap soufle twonpèt yo,
Tak i Levítové zpěváci všickni, kteříž byli při Azafovi, Hémanovi a Jedutunovi, i synové jejich i bratří jejich, odíni jsouce kmentem, stáli s cymbály a loutnami a harfami k východní straně oltáře, a s nimi kněží sto a dvadceti, troubících v trouby.
13 ansanm lè mesye twonpèt yo avèk chantè yo te gen pou fè son yo tande ansanm tankou yon sèl vwa pou lwanj avèk glwa SENYÈ a, lè yo te leve vwa yo akonpanye patwonpèt avèk senbal ak enstriman mizik yo, lè yo te louwe SENYÈ a e te di: “Paske Li bon, lanmou dous Li a dire pou tout tan!” Konsa, lakay SENYÈ a te ranpli avèk yon nwaj,
Nebo měli ti, kteříž spolu troubili v trouby, a zpěváci vydávati jeden zvuk k chválení a oslavování Hospodina); a když povyšovali hlasu na trouby a cymbály i jiné nástroje hudebné, chválíce Hospodina a řkouce, že dobrý jest, a že na věky trvá milosrdenství jeho: tedy oblak naplnil dům ten, dům totiž Hospodinův,
14 jiskaske prèt yo pa t kab kanpe pou fè sèvis akoz nwaj la. Paske glwa SENYÈ a te ranpli kay Bondye a.
Tak že nemohli kněží ostáti a sloužiti pro ten oblak; nebo sláva Hospodinova byla naplnila dům Boží.

< 2 Istwa 5 >