< 2 Istwa 4 >

1 Apre, li te fè yon lotèl an bwonz, ven koude nan longè, ven koude nan lajè ak dis koude nan wotè.
他又制造一座铜坛,长二十肘,宽二十肘,高十肘;
2 Anplis, li te fè yon lanmè an fè fòje, dis koude de lajè, tou won, wotè li te senk koude e sikonferans lan te trant koude.
又铸一个铜海,样式是圆的,高五肘,径十肘,围三十肘;
3 Yon estati sanblab a bèf yo te anba li, e te antoure li, dis koude, ki te antoure lanmè a nèt. Bèf yo te an de ranje, e yo te fòje yo tankou yon sèl pyès.
海周围有野瓜的样式,每肘十瓜,共有两行,是铸海的时候铸上的;
4 Lanmè a te kanpe sou douz bèf, twa avèk fas yo vè nò, twa avèk fas yo vè lwès, twa avèk fas yo vè sid, e twa avèk fas yo vè lès. Epi lanmè li te poze sou yo, e dèyè a tout bèt te pozisyone pa anndan.
有十二只铜牛驮海:三只向北,三只向西,三只向南,三只向东;海在牛上,牛尾向内;
5 Li te gen episè a yon men ouvri, epi rebò li te fèt tankou sila a yon tas, tankou yon flè lis k ap ouvri. Li te resevwa e te kenbe volim a twa-mil bat.
海厚一掌,边如杯边,又如百合花,可容三千罢特;
6 Anplis, li te fè dis basen kote pou lave e li te pozisyone senk sou kote dwat la e senk sou kote goch la pou lave bagay pou ofrann brile yo. Men lanmè a te pou prèt yo ta kab lave ladann.
又制造十个盆:五个放在右边,五个放在左边,献燔祭所用之物都洗在其内;但海是为祭司沐浴的。
7 Li te fè dis chandelye an lò selon òdonans ki te etabli yo e li te plase yo nan tanp lan, senk sou bò dwat la e senk sou bò goch la.
他又照所定的样式造十个金灯台放在殿里:五个在右边,五个在左边;
8 Anplis, li te fè dis tab e te plase yo nan tanp lan, senk sou kote dwat la e senk sou kote goch la. Epi li te fè san bòl an lò.
又造十张桌子放在殿里:五张在右边,五张在左边;又造一百个金碗;
9 Li te fè lakou prèt yo avèk gran lakou a avèk pòt pou lakou a, e li te kouvri pòt yo avèk bwonz.
又建立祭司院和大院,并院门,用铜包裹门扇;
10 Li te pozisyone lanmè a sou kote dwat kay la vè sidès.
将海安在殿门的右边,就是南边。
11 Anplis, Huram te fè bokit sann yo, pèl ak bòl yo. Konsa, Huram te fin fè travay ke li te fè pou Salomon lakay Bondye a:
户兰又造了盆、铲、碗。这样,他为所罗门王做完了 神殿的工。
12 de pilye yo, bòl yo, de gran tèt pilye sou pilye yo ak de sistèm griyaj treyi yo pou kouvri de bòl a tèt pilye ki te chita sou pilye yo,
所造的就是:两根柱子和柱上两个如球的顶,并两个盖柱顶的网子
13 epi kat-san grenad pou de sistèm griyaj yo, de ranje grenad pou chak sistèm griyaj pou kouvri de tèt pilye ki te sou pilye yo.
和四百石榴,安在两个网子上(每网两行盖着两个柱上如球的顶)。
14 Anplis, li te fè baz ak basen sou baz yo,
盆座和其上的盆,
15 ak yon sèl lanmè avèk douz bèf yo anba li.
海和海下的十二只牛,
16 Bokit yo, pèl yo, fouchèt yo ak tout zouti li yo, Huram te fè yo avèk bwonz poli pou wa Salomon pou kay SENYÈ a.
盆、铲子、肉锸子,与耶和华殿里的一切器皿,都是巧匠户兰用光亮的铜为所罗门王造成的,
17 Nan plèn Jourdain an, Wa a te fonn yo nan tè ajil ki te antre Succoth avèk Tseréda a.
是在约旦平原疏割和撒利但中间借胶泥铸成的。
18 Konsa, Salomon te fè tout zouti sila yo an gran kantite, jis pwa a bwonz lan pa t kab detèmine.
所罗门制造的这一切甚多,铜的轻重无法可查。
19 Anplis, Salomon te fè tout bagay ki te nan kay Bondye a: lotèl an lò a, tab yo avèk pen prezans lan sou yo,
所罗门又造 神殿里的金坛和陈设饼的桌子,
20 chandelye yo avèk lanp pa yo an lò pi, pou briye devan sanktyè enteryè a jan sa te òdone a;
并精金的灯台和灯盏,可以照例点在内殿前。
21 flè yo, lanp yo ak pens dife yo an lò byen rafine nèt;
灯台上的花和灯盏,并蜡剪都是金的,且是纯金的;
22 epi etennwa yo, bòl yo, kiyè yo, ak plato sann an lò rafine yo, epi antre kay la, pòt enteryè li yo pou kote ki pi sen pase tout lòt yo a, ak pòt kay yo, sa vle di, kote gwo sanktyè a te ye a, tout te an lò.
又用精金制造镊子、盘子、调羹、火鼎。至于殿门和至圣所的门扇,并殿的门扇,都是金子妆饰的。

< 2 Istwa 4 >