< 2 Istwa 35 >
1 Epi Josias te selebre fèt Pak a SENYÈ a Jérusalem. Yo te touye bèt pou Pak la sou katòzyèm jou nan premye mwa a.
És tartott Jósijáhú Jeruzsálemben pészachot az Örökkévalónak, s levágták a pészacháldozatot az első hónap tizennegyedikén.
2 Li te plase prèt yo nan pozisyon pa yo e te ankouraje yo nan sèvis lakay SENYÈ a.
És fölállította a papokat őrizetükre s megerősítette őket az Örökkévaló háza szolgálatára.
3 Anplis, li te di a Levit ki te enstwi tout Israël yo, e ki te sen a SENYÈ a: “Mete lach SENYÈ a nan kay ke Salomon, fis a David la, wa Israël la, te bati a. Li p ap ankò yon chaj sou zepòl nou. Alò, koulye a sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, avèk pèp Li a, Israël.
És meghagyta a levitáknak, akik értelmeztek egész Izraelnek, akik szentek voltak az Örökkévalónak: tegyétek a szent ládát a házba, melyet épített Salamon, Dávid fia, Izrael királya; nincs nektek vállatokra való teher; most szolgáljátok az Örökkévalót, a ti Istenteket, s népét Izraelt.
4 Prepare nou menm selon lakay papa zansèt nou yo nan divizyon nou yo selon ekriti a David la, wa Israël la e selon ekriti a fis li a, Salomon.
S legyetek kész atyai házaitok szerint, osztályaitokhoz képest, Dávidnak, Izrael királyának irata szerint s fia Salamon írása szerint,
5 Anplis, kanpe nan lye sen an selon divizyon lakay papa zansèt nou yo ak frè nou yo ak selon Levit yo, pa divizyon lakay papa zansèt nou yo.
s álljatok a szentélyben testvéreitek a nép fiai atyai házai szerint való csoportoknak megfelelően egy-egy atyai háznak osztálya a levitákból;
6 Alò, touye bèt Pak la, sanktifye nou e prepare pou frè nou yo pou fè selon pawòl SENYÈ a, selon Moïse.”
s vágjátok le a pészacháldozatot s szenteljétek meg magatokat s legyetek kész testvéreitek számára, cselekedvén az Örökkévalónak Mózes által adott igéje szerint.
7 Josias te fè kontribisyon pou pèp la, tout sa ki te prezan, bann jenn mouton yo ak jenn kabrit yo, tout pou ofrann Pak la, an kantite trant-mil, plis twa-mil towo. Sila yo te sòti nan byen ki te pou wa a.
És adományozott Jósijáhú a nép fiai számára juhokat s fiatal kecskéket, mindet pészacháldozatokul, mindazok számára, akik találtattak, szám szerint harmincezret és háromezer szarvasmarhát: ezeket a király vagyonából.
8 Anplis, ofisye pa li yo te fè kontribisyon a yon ofrann bòn volonte a pèp la, prèt yo avèk Levit yo. Hilkija, Zacharie, avèk Jehiel, chèf lakay Bondye yo, te bay a prèt yo pou Pak la, yon ofrann de-mil-sis-san bèt ki sòti nan bann mouton yo, avèk twa-san towo.
Nagyjai pedig fölajánlásképpen a nép számára, a papok számára s a leviták számára adományoztak; Chilkijáhú, Zekharjáhú és Jechíél, az Isten házának elöljárói, adtak a papoknak pészacháldozatokul kétezerhatszázat és háromszáz szarvasmarhát.
9 Conania osi avèk Schemaeja ak Nethaneel, frè li yo, Haschabia, Jeïel avèk Jozabad, ofisye Levit yo, te kontribye a Levit yo pou ofrann Pak la, senk-mil ki sòti nan bann mouton an ak senk-san towo.
És Kánanjáhú, meg Semájáhú és Netanél, az ő testvérei, és Chasabjáhú, meg Jeíél és Józábád, a leviták nagyjai adományoztak a leviták számára pészacháldozatokul ötezret és ötszáz szarvasmarhát.
10 Pou sa, sèvis la te fin prepare e prèt yo te kanpe nan estasyon pa yo avèk Levit yo nan divizyon pa yo selon lòd a wa a.
Így megszilárdult a szolgálat, s fölálltak a papok állásukra s a leviták osztályaikhoz, a király parancsolata szerint.
11 Yo te touye bèt Pak yo e pandan prèt yo t ap aspèje san ki te resevwa soti nan men Levit yo, epi Levit yo t ap retire pwal yo.
És levágták a pészacháldozatot, s a papok hintettek kezükből, a leviták pedig lehúzták a bőrt.
12 Yo te retire ofrann brile yo pou yo ta kab bay yo selon divizyon lakay papa zansèt yo pou pèp la pou prezante a SENYÈ a jan sa ekri nan liv Moïse la. Yo te fè sa tou avèk towo yo.
És elkülönítették az égőáldozatot, hogy odaadják a nép fiainak atyai házai szerint való csoportoknak, hogy bemutassák az Örökkévalónak, amint írva van Mózes könyvében; és így a szarvasmarhákat.
13 Konsa, yo te boukannen bèt Pak yo, sou dife selon règleman an, yo te bouyi bagay sen yo nan bonm, chodyè ak nan kaswòl e yo te pote yo avèk vitès a tout pèp òdinè yo.
És megfőzték a pészacháldozatot tűzön rendelet szerint; a szentségeket pedig megfőzték a fazekakban, üstökben s tálakban és sürögve hordták mind a nép fiainak.
14 Apre yo te prepare pou yo menm e pou prèt yo, akoz prèt yo, fis a Aaron yo t ap ofri ofrann brile avèk grès jis rive nan aswè. Pou sa, Levit yo te prepare pou yo menm ak pou prèt yo, fis a Aaron yo.
Azután pedig készítettek maguknak s a papoknak, mert a papok, Áron fiai, az égőáldozat s a zsiradékok bemutatásánál voltak éjjelig; a leviták tehát készítettek maguknak s a papoknak Áron fiainak.
15 Anplis, chantè yo, fis a Asaph yo te nan estasyon pa yo selon kòmand a David la, Asaph, Héman, avèk Jeudthun, konseye a wa a; epi gadyen pòtay te nan chak pòtay. Yo pa t oblije sòti nan sèvis pa yo akoz frè yo te prepare pou yo.
De az énekesek, Ászáf fiai, állásukon voltak, parancsolata szerint Dávidnak, Ászáfnak, Hémánnak meg Jedútunnak, a király látójának; a kapuőrök is egy-egy kapunál voltak; nem kellett eltávozniuk szolgálatuktól, mert testvéreik a leviták készítettek számukra.
16 Konsa, tout sèvis SENYÈ a te prepare nan jou sa a pou selebre Pak la e pou ofri ofrann brile yo sou lotèl SENYÈ a selon kòmand a Wa Josias la.
És megszilárdult az Örökkévaló szolgálata azon a napon, mert tartották a pészacháldozatot s bemutatták az égőáldozatokat az Örökkévaló oltárán Jósijáhú király parancsolata szerint.
17 Fis Israël ki te prezan yo te selebre Pak la nan lè sa a ak Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou.
S tartották Izrael fiai, az ottlevők, a pészacháldozatot abban az időben, meg a kovásztalan kenyerek ünnepét hét napon át.
18 Pa t janm gen yon selebrasyon Pak tankou sa an Israël depi jou a Samuel yo, pwofèt la. Ni pa te gen okenn nan wa Israël yo ki te selebre yon Pak jan Josias te fè avèk prèt yo, Levit yo, tout Juda, Israël ki te prezan yo ak pèp Jérusalem nan.
És nem tartatott Izraelben ilyen pészach Sámuél próféta napjai óta, s mind az Izrael királyai nem tartottak olyan pészachot, mint volt az, amelyet tartott Jócijáhú meg a papok és a leviták, meg egész Jehúda s Izrael, amely találtatott, meg Jeruzsálem lakói.
19 Se te nan uityèm ane règn Josias la, ke Pak sa a te selebre.
Jósijáhú uralkodásának tizennyolcadik évében tartatott ez a pészach.
20 Apre tout sa, lè Josias te mete tanp lan an lòd, Néco, wa Egypte la, te vin monte pou fè lagè Carkemisch, sou rivyè Euphrate la, e Josias te parèt deyò pou rankontre li.
Mindezek után, hogy Jósijáhú helyrehozta a házat, felvonult Nekhó, Egyiptom királya, hogy harcoljon az Eufrátes mellett levő Karkemisnál; s kivonult ellene Jósijáhú.
21 Men Néco te voye mesaje yo kote li. Li te di: “Kisa nou gen pou fè youn avèk lòt, O Wa Juda a? Se pa kont ou ke m ap vini jodi a, men kont kay avèk sila mwen angaje nan lagè yo. Bondye te kòmande mwen fè prese. Byen avèti ke se Bondye ki avè m nan, pou Li pa detwi ou.”
És amaz követeket küldött hozzá, mondván: mi közöm hozzád, Jehúda királya? Nem teellened megyek ma, hanem hadakozásom háza ellen, s Isten azt mondta, hogy siessek; állj el az Istentől, aki velem van, hogy meg ne rontson téged.
22 Sepandan, Josias te refize vire kite li, men li te kache idantite li pou l ta kab fè lagè avèk li. Li pa t koute pawòl a Néco ki soti nan bouch Bondye a, men li te vin fè lagè sou plèn Méguiddo a.
De Jósijáhú el nem fordította arcát tőle, hanem vele harcolni igyekezett, s nem hallgatott Nekhónak Isten szájából való szavaira s jött harcolni Megiddó síkságában.
23 Achè yo te tire Wa Josias, e wa a te di a sèvitè li yo: “Ale avè m, sòti, paske mwen blese byen grav.”
És az íjászok lőttek Jósijáhú királyra; s mondta a király a szolgáinak: Vigyetek el engem, mert nagyon megsebesültem.
24 Pou sa, sèvitè li yo te retire li nan cha a, e yo te pote li nan dezyèm cha li te genyen an. Yo te mennen li Jérusalem kote li te mouri, e li te antere nan tonm a papa zansèt li yo. Tout Juda avèk Jérusalem te kriye pou Josias.
És elvitték őt szolgái a szekérről s ráültették másodrendű szekerére s Jeruzsálembe vitték s meghalt s eltemették ősei sírjaiban; egész Jehúda pedig és Jeruzsálem gyászoltak Jóaijáhú fölött.
25 Konsa, Jérémie te chante yon lamantasyon pou Josias. Epi tout chantè yo, ni gason, ni fanm pale sou Josias nan lamantasyon yo jis rive jodi a. Konsa, yo te fè avèk yo yon òdonans an Israël. Men gade, yo ekri nan Lamantasyon yo.
És siralmat mondott Jirmejáhú Jósijáhú fölött, s mind az énekesek s énekesnők szóltak siralmaikban Jósijáhúról mind e mai napig, s törvényül tették meg Izraelben; s íme azok meg vannak írva a Siralmakban.
26 Alò, tout lòt zèv a Josias yo avèk zèv fidelite pa li yo, jan sa ki ekri nan lalwa SENYÈ yo,
És Jósijáhúnak egyéb dolgai s kegyes tettei, aszerint ami írva van az Örökkévaló tanában,
27 ak zèv li yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men vwala, yo ekri nan Liv Wa A Israël Avèk Juda yo.
és előbbi s utóbbi dolgai, íme meg vannak írva Izrael s Jehúda királyainak könyvében.