< 2 Istwa 34 >

1 Josias te gen laj a uitan lè l te devni wa a, e li te renye tran-te-yen nan Jérusalem.
یوشیا هشت ساله بود که پادشاه شد ودر اورشلیم سی و یکسال سلطنت نمود.۱
2 Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a. Li te mache nan chemen a David, papa zansèt pa li a e li pa t vire akote ni adwat ni agoch.
و آنچه در نظر خداوند پسند بود، به عمل آورد و به طریق های پدر خود داود سلوک نموده، به طرف راست یا چپ انحراف نورزید.۲
3 Paske nan uityèm ane règn pa li a, pandan li te toujou nan jenès li, li te kòmanse chache Bondye a papa zansèt li a, David. Epi nan douzyèm ane a, li te kòmanse pirifye Juda avèk Jérusalem sou afè a wo plas yo, Asherim nan, imaj taye yo ak imaj fonn yo.
و درسال هشتم سلطنت خود، حینی که هنوز جوان بود، به طلبیدن خدای پدر خود داود شروع کرد ودر سال دوازدهم به طاهر ساختن یهودا واورشلیم از مکان های بلند و اشیره‌ها و تمثالها وبتها آغاز نمود.۳
4 Yo te chire desann lotèl Baal yo nan prezans li, lotèl lansan ki te byen wo sou yo, li te koupe yo desann. Anplis, Asherim yo, imaj taye yo ak imaj fonn yo, li te kase yo an mòso, kraze yo fè poud e li te gaye l sou tonm a sila ki te fè sakrifis a yo menm yo.
و مذبح های بعلیم را به حضوروی منهدم ساختند، و تماثیل شمس را که بر آنهابود قطع نمود، و اشیره‌ها و تمثالها و بتهای ریخته شده را شکست، و آنها را خرد کرده، برروی قبرهای آنانی که برای آنها قربانی می‌گذرانیدند، پاشید.۴
5 Li te brile zo a prèt Baal yo sou lotèl la, e li te pirifye Juda avèk Jérusalem.
و استخوانهای کاهنان رابر مذبح های خودشان سوزانید. پس یهودا واورشلیم را طاهر نمود.۵
6 Nan vil a Manassé yo, Éphraïm, Siméon, jis rive Nephthali, nan mazi kraze yo,
و در شهرهای منسی وافرایم و شمعون حتی نفتالی نیز در خرابه هایی که به هر طرف آنها بود (همچنین کرد).۶
7 li te osi chire fè desann lotèl yo. Li te kraze Asherim avèk imaj taye yo jiskaske yo te fè poud, e te koupe desann lotèl lansan yo toupatou nan peyi Israël la. Anfen, li te retounen Jérusalem.
و مذبح هارا منهدم ساخت و اشیره‌ها و تمثالها را کوبیده، نرم کرد و همه تمثالهای شمس را در تمامی زمین اسرائیل قطع نموده، به اورشلیم مراجعت کرد.۷
8 Alò, nan di-zuityèm ane règn li a, lè li te fin pirifye peyi a avèk kay la, li te voye Schaphan, fis a Atsalia a avèk Maaséja, yon ofisye lavil la ak Joach, fis a Joachaz la, grefye a, pou repare lakay SENYÈ a, Bondye li a.
و در سال هجدهم سلطنت خود، بعد از آنکه زمین و خانه را طاهر ساخته بود، شافان بن اصلیا ومعسیا رئیس شهر و یوآخ بن یوآحاز وقایع نگاررا برای تعمیر خانه یهوه خدای خود فرستاد.۸
9 Yo te vin kote Hilkaja, wo prèt la, e yo te livre li lajan ki te pote lakay Bondye a, ke Levit yo, gadyen pòtay yo, te kolekte soti Manassé, Éphraïm, de tout retay Israël yo, e soti nan tout Juda avèk Benjamin ak pèp Jérusalem nan.
ونزد حلقیای رئیس کهنه آمدند و نقره‌ای را که به خانه خدا درآورده شده، و لاویان مستحفظان آستانه، آن را از دست منسی و افرایم و تمامی بقیه اسرائیل و تمامی یهودا و بنیامین و ساکنان اورشلیم جمع کرده بودند، به او تسلیم نمودند.۹
10 Yo te ba li nan men a ouvriye ki te sipèvize lakay SENYÈ a, epi ouvriye ki t ap travay lakay SENYÈ a te sèvi ak li pou restore e repare kay la.
و آن را به‌دست سرکارانی که بر خانه خداوندگماشته شده بودند، سپردند تا آن را به عمله هایی که در خانه خداوند کار می‌کردند، به جهت اصلاح و تعمیر خانه بدهند.۱۰
11 Yo menm, te remèt li a chapant avèk mason yo pou achte wòch taye avèk gwo bwa pou travès ak bwa mare pou kay ke wa nan Juda yo te kite detwi yo.
پس آن را به نجاران و بنایان دادند تا سنگهای تراشیده وچوب به جهت اردیها و تیرها برای خانه هایی که پادشاهان یهودا آنها را خراب کرده بودند، بخرند.۱۱
12 Mesye yo te fè travay la avèk bòn fwa ak fòmann ki sou yo pou sipèvize yo. Yo te sipèrvize pa Jachath avèk Abidias, Levit yo nan fis a Merari yo, Zacharie avèk Meschallam nan fis a Keatit yo ak Levit yo, tout moun ki te gen gwo kapasite, ak lòt ki te fò nan jwe enstriman mizik yo.
و آن مردان، کار را به امانت بجا می‌آوردند، وسرکاران ایشان که نظارت می‌کردند، یحت وعوبدیای لاویان از بنی مراری و زکریا و مشلام ازبنی قهاتیان بودند، و نیز از لاویان هر‌که به آلات موسیقی ماهر بود.۱۲
13 Anplis, yo te sou sila ki t ap pote chaj yo, e yo te sipèvize tout ouvriye soti de yon tach a yon lòt. Pami Levit yo te gen skrib, ofisye ak sipèvizè.
و ایشان ناظران حمالان ووکلاء بر همه آنانی که در هر گونه‌ای خدمت، اشتغال داشتند بودند، و از لاویان کاتبان وسرداران و دربانان بودند.۱۳
14 Lè yo t ap pote fè sòti lajan ki te antre lakay SENYÈ a, Hilkija, prèt la, te twouve liv lalwa SENYÈ a ki te bay pa Moïse la.
و چون نقره‌ای را که به خانه خداوند آورده شده بود، بیرون می‌بردند، حلقیای کاهن، کتاب تورات خداوند را که به واسطه موسی (نازل شده )بود پیدا کرد.۱۴
15 Hilkija te reponn e te di a Schaphan, sekretè a: “Mwen te twouve liv lalwa lakay SENYÈ a.” Epi Hilkija te bay liv la a Schaphan.
و حلقیا شافان کاتب را خطاب کرده، گفت: «کتاب تورات را در خانه خداوندیافته‌ام.» و حلقیا آن کتاب را به شافان داد.۱۵
16 Konsa, Schaphan te pote liv la kote wa a, e te bay yon rapò anplis a wa a. Li te di: “Tout sa ou te konfye a sèvitè ou yo, y ap fè l.
وشافان آن کتاب را نزد پادشاه برد و نیز به پادشاه خبر رسانیده، گفت: «هر‌آنچه به‌دست بندگانت سپرده شده است آن را بجا می‌آورند.»۱۶
17 Yo deja retire lajan yo te twouve lakay SENYÈ a, e te livre li nan men a sipèvizè yo ak ouvriye yo.”
ونقره‌ای را که در خانه خداوند یافت شد، بیرون آوردند و آن را به‌دست سرکاران و به‌دست عمله‌ها دادند.۱۷
18 Anplis, Schaphan, sekretè a te di wa a, “Hilkija, prèt la, te ban mwen yon liv.” Epi Schaphan te li ladann nan, nan prezans a wa a.
و شافان کاتب پادشاه را خبرداده، گفت: «حلقیای کاهن کتابی به من داده است.» پس شافان آن را به حضور پادشاه خواند.۱۸
19 Lè wa a te tande pawòl lalwa yo, li te chire rad li.
و چون پادشاه سخنان تورات را شنید، لباس خود را درید.۱۹
20 Epi wa a te kòmande Hilkija, Achikam, fis a Schaphan nan, Abdon, fis Michée a, Schaphan, sekretè a ak Asaja, sèvitè a wa a e te di:
و پادشاه، حلقیای کاهن واخیقام بن شافان و عبدون بن میکا و شافان کاتب وعسایا خادم پادشاه را امر فرموده، گفت:۲۰
21 “Ale fè ankèt a SENYÈ a pou mwen e pou sila ki rete Israël avèk Juda yo, konsènan pawòl a liv ki te twouve a; paske byen gwo, se kòlè SENYÈ a ki vide sou nou akoz papa zansèt nou yo pa t obsève pawòl a SENYÈ a, pou fè selon tout sa ki ekri nan liv sila a.”
«بروید و از خداوند برای من و برای بقیه اسرائیل و یهودا درباره سخنانی که در این کتاب یافت می‌شود، مسئلت نمایید زیرا غضب خداوند که بر ما ریخته شده است، عظیم می‌باشدچونکه پدران ما کلام خداوند را نگاه نداشتند و به هر‌آنچه در این کتاب مکتوب است عمل ننمودند.»۲۱
22 Konsa, Hilkija avèk sila ke wa a te pale yo te ale kote Hulda, pwofetès la, madanm a Schallum nan, fis a Thokehath la, fis a Hasra a, gadyen vètman yo, (alò, li te rete Jérusalem nan dezyèm katye); epi yo te pale avèk li konsa.
پس حلقیا و آنانی که پادشاه ایشان را امر فرمود، نزد حلده نبیه زن شلوم بن توقهه بن حسره لباس دار رفتند، و او در محله دوم اورشلیم ساکن بود و او را بدین مضمون سخن‌گفتند.۲۲
23 Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Di nonm ki te voye nou kote mwen an,
واو به ایشان گفت: «یهوه خدای اسرائیل چنین می‌فرماید: به کسی‌که شما را نزد من فرستاده است بگویید:۲۳
24 Konsa pale SENYÈ a: Veye byen, Mwen ap voye malè sou plas sa a ak sou pèp li a, menm tout malediksyon ki ekri nan liv ke yo te li nan prezans a wa Juda a.
خداوند چنین می‌فرماید: اینک من بلایی بر این مکان و ساکنانش خواهم رسانید، یعنی همه لعنتهایی که در این کتاب که آن را به حضور پادشاه یهودا خواندند، مکتوب است.۲۴
25 Akoz yo te abandone Mwen, e te brile lansan a lòt dye yo, pou yo ta kapab pwovoke Mwen a lakòlè avèk tout zèv a men yo; pou sa, kòlè Mwen va vin vide sou plas sa a e li p ap etenn.’”’
چونکه مرا ترک کرده، برای خدایان دیگربخور‌سوزانیدند تا به تمامی اعمال دستهای خودخشم مرا به هیجان بیاورند، پس غضب من بر این مکان افروخته شده، خاموشی نخواهد پذیرفت.۲۵
26 “Men pou wa Juda ki te voye nou fè ankèt devan SENYÈ a, konsa nou va pale a li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la selon pawòl ke ou te tande yo,
لیکن به پادشاه یهودا که شما را به جهت مسئلت نمودن از خداوند فرستاده است، بگویید: یهوه خدای اسرائیل چنین می‌فرماید: درباره سخنانی که شنیده‌ای،۲۶
27 akoz kè ou te mou e ou te imilye ou menm devan Bondye lè ou te tande pawòl Li yo kont plas sa a, e kont pèp li a, akoz ou te imilye ou menm devan Mwen, ou te chire vètman ou e ou te kriye devan M, Mwen anverite te tande ou’, deklare SENYÈ a.
چونکه دل تو نرم بود وهنگامی که کلام خداوند را درباره این مکان وساکنانش شنیدی، در حضور وی تواضع نمودی و به حضور من متواضع شده، لباس خود رادریدی و به حضور من گریستی، بنابراین خداوندمی گوید: من نیز تو را اجابت فرمودم.۲۷
28 Tande byen, Mwen va ranmase ou a papa zansèt ou yo, e ou va ranmase a tonm ou an anpè, pou zye ou pa wè tout malè ke Mwen va pote sou plas sa a avèk pèp li a.” Yo te pote bay wa a mesaj sila a.
اینک من تو را نزد پدرانت جمع خواهم کرد و در قبر خودبه سلامتی گذارده خواهی شد، و چشمان توتمامی بلا را که من بر این مکان و ساکنانش می رسانم نخواهد دید.» پس ایشان نزد پادشاه جواب آوردند.۲۸
29 Epi wa a te voye rasanble tout ansyen a Juda avèk Jérusalem yo.
و پادشاه فرستاد که تمامی مشایخ یهودا واورشلیم را جمع کردند.۲۹
30 Wa a te monte vè lakay SENYÈ a, e tout mesye Juda yo, pèp Jérusalem nan, prèt yo, Levit yo, e tout moun soti nan pi gran jis rive nan pi piti yo—epi li te li nan zòrèy yo, tout pawòl liv akò ki te twouve lakay SENYÈ a.
و پادشاه و تمامی مردان یهودا و ساکنان اورشلیم و کاهنان و لاویان و تمامی قوم، چه کوچک و چه بزرگ، به خانه خداوند برآمدند و او همه سخنان کتاب عهدی راکه در خانه خداوند یافت شد، در گوش ایشان خواند.۳۰
31 Wa a te kanpe nan plas li a, e te fè yon akò devan SENYÈ a pou mache nan chemen SENYÈ a, pou kenbe kòmandman Li yo avèk temwayaj Li yo, avèk règleman Li yo avèk tout kè li ak tout nanm li, pou reyisi fè tout pawòl a akò ki ekri nan liv sila yo.
و پادشاه بر منبر خود ایستاد و به حضور خداوند عهد بست که خداوند را پیروی نموده، اوامر و شهادات و فرایض او را به تمامی دل و تمامی جان نگاه دارند و سخنان این عهد راکه در این کتاب مکتوب است، بجا آورند.۳۱
32 Anplis, li te fè tout moun ki te prezan Jérusalem avèk Benjamin yo kanpe avèk li. Konsa, pèp Jérusalem la te fè selon akò Bondye a, Bondye a papa zansèt yo a.
وهمه آنانی را که در اورشلیم و بنیامین حاضربودند، بر این متمکن ساخت و ساکنان اورشلیم، برحسب عهد خدا یعنی خدای پدران خود، عمل نمودند.۳۲
33 Josias te retire tout abominasyon soti nan tout peyi ki te apatyen a fis Israël yo e te fè tout moun ki te prezan an Israël yo sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a. Pandan tout lavi li, yo pa t detounen nan swiv SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a.
و یوشیا همه رجاسات را ازتمامی زمینهایی که از آن بنی‌اسرائیل بودبرداشت، و همه کسانی را که در اسرائیل یافت شدند، تحریض نمود که یهوه خدای خود راعبادت نمایند و ایشان در تمامی ایام او از متابعت یهوه خدای پدران خود انحراف نورزیدند.۳۳

< 2 Istwa 34 >