< 2 Istwa 31 >
1 Alò, lè tout sa te fini, tout Israël ki te prezan te sòti antre nan vil Juda yo. Yo te kraze pilye Asherim yo an mòso, yo te koupe poto Asherim yo, e te rale fè desann wo plas yo avèk lotèl yo pami tout Juda avèk Benjamin e anplis, nan Éphraïm avèk Manassé, jiskaske yo te detwi yo tout. Epi tout fis Israël yo te retounen nan vil pa yo, yo chak nan posesyon pa yo.
А коли це все скінчи́лося, вийшов увесь Ізраїль, що знахо́дився там, до Юдиних міст, і полама́ли стовпи́ для божків, і постина́ли посвячені дере́ва, і порозбивали па́гірки та же́ртівники в усьому Юді й Веніямині, і в Єфремі та Манасії аж до кінця. Пото́му верну́лися всі Ізра́їлеві сини, кожен до своєї посілости, до своїх міст.
2 Konsa, Ézéchias te apwente divizyon a prèt yo ak Levit yo pa divizyon pa yo, yo chak selon sèvis pa yo, prèt yo avèk Levit yo pou ofrann brile avèk ofrann lapè yo, pou fè sèvis e bay remèsiman avèk lwanj nan pòtay kan SENYÈ a.
І Єзекі́я поставив че́рги священиків та Левитів за їхніми ві́дділами, кожного за його слу́женням, зо священиків та з Левитів, на цілопа́лення, і на мирні жертви, — на слу́ження й на подяку, і на хвалу в брамах Господніх таборів.
3 Li te etabli osi pòsyon wa a nan byen pa li pou ofrann brile yo, pou ofrann maten avèk aswè a, ofrann brile pou Saba yo, pou nouvèl lin yo e pou fèt etabli yo, jan sa ekri nan lalwa SENYÈ a.
А царева частка зо здобу́тку його приділена була на цілопа́лення: на цілопалення ранішні та вечірні, і на цілопалення на суботи й на молодики́ та на свята, як написано в Зако́ні Господньому.
4 Anplis, li te kòmande moun ki te rete Jérusalem yo pou bay pòsyon ki te dwa a prèt yo avèk Levit yo, pou yo ta kapab dedye pwòp tèt yo a lalwa SENYÈ a.
І наказа́в він наро́дові, ме́шканцям Єрусалиму, давати частку священичу та левитську, щоб вони були ревними в Зако́ні Господньому.
5 Depi lòd la te fin gaye, fis Israël yo te mete disponib an abondans, premye fwi nan sereyal yo, diven nèf, lwil, siwo myèl ak tout pwodwi chan an; epi yo te pote an abondans dim nan de tout bagay.
А як поши́рився той нака́з, поназно́сили Ізраїлеві сини багато первопло́дів збіжжя, виноградного соку, і ново́ї оливи, і меду, і всякого полевого врожа́ю; і як десятину того всього багато поназно́сили.
6 Fis a Israël avèk Juda ki te rete lavil Juda yo, anplis, te pote fè antre dim nan bèf avèk mouton yo, e dim nan don sen ki te konsakre a SENYÈ a, Bondye pa yo a, e te plase yo nan gwo pil yo.
А Ізраїлеві та Юдині сини, що сиділи по Юдиних містах, також вони поприно́сили десятину худоби великої та худоби дрібно́ї, і десятину святих рече́й, посвя́чених Господе́ві, їхньому Богові, і понадава́ли того багато куп.
7 Nan twazyèm mwa a, yo te kòmanse fè pil yo e te fin fè yo nan setyèm mwa a.
Третього місяця зачали́ складати ті купи, а місяця сьомого закінчи́ли.
8 Lè Ézéchias avèk chèf yo te vin wè gwo pil yo, yo te beni SENYÈ a avèk pèp Israël Li a.
І прийшли Єзекія та зверхники, і побачили ті купи, — і поблагослови́ли Господа та наро́д Його, Ізраїля.
9 Epi Ézéchias te kesyone prèt yo avèk Levit yo sou gwo pil yo.
І виві́дував Єзекія священиків та Левитів про ті купи.
10 Azaria, chèf prèt lakay Tsadok la te di li: “Depi don yo te kòmanse antre lakay SENYÈ a, nou te gen kont pou nou manje avèk anpil ki te rete, paske SENYÈ a te beni pèp Li a, e gran kantite sila a rete toujou.”
І говорив до нього священик Азарія, голова Садокового дому, і сказав: „Відко́ли зачали́ прино́сити прино́шення до Господнього дому, ми їли й були ситі, і багато позоста́лося, бо Господь поблагословив наро́д Свій. А з останків скла́дено оцю многоту́.
11 Epi Ézéchias te kòmande yo pou prepare chanm lakay SENYÈ a e yo te prepare yo.
Тоді Єзекія наказав пригото́вити комо́ри в Господньому домі, — і пригото́вили.
12 Yo te byen fidèl nan pote dim avèk ofrann avèk bagay konsakre yo. Epi Conania, Levit la, te ofisye an chaj sou yo, e frè l, Schimeï te dezyèm nan.
І вірно перене́сли туди прино́шення, і десятину, і святощі, а над ними володарем був Левит Конанія, а брат його Шім'ї — дру́гим.
13 Jehiel, Azazia, Nachath, Asaël, Jerimoth, Jozabad, Éliel, Jismakia, Machath avèk Benaja te anplwaye anba direksyon Conania avèk frè l, Schimeï, selon chwa Wa Ézéchias yo, e Azaria te ofisye prensipal lakay Bondye a.
А Єхіїл, і Азазія, і Нахат, і Асагел, і Єрімот, і Йозавад, і Еліїл, і Їсмахія, і Махат, і Беная були урядо́вцями під рукою Конанії та брата його Шім'ї, призна́чені царем та Азарієм, володарем при Божому домі.
14 Koré, fis a Jimna a, Levit la, gadyen pòtay lès la, te chèf sou ofrann bòn volonte a Bondye yo, pou fè distribisyon don pou SENYÈ a avèk bagay ki sen pase tout lòt bagay yo.
А Коре, син Їмни, Левит, придве́рний зо схі́днього боку, був над добровільними жертвами Богові, щоб видавати Господні приношення та речі найсвятіші.
15 Anba otorite li, te gen Éden, Minjamin, Josué, Schemaeja, Amaria ak Schecania, nan vil prèt yo pou separe, fidèlman, bay frè pa yo pa divizyon yo, piti kon gran,
А при ньому були: Еден, і Мін'ямін, і Єшуа, і Шемая, Амарія, і Шеханія по священичих містах, щоб вірно роздавати їхнім братам за че́ргами, як великому, так і мало́му,
16 anplis de sa yo ki te sou chif zansèt yo, pou gason soti nan laj trantan oswa plis yo—tout moun ki te antre lakay SENYÈ a kòm obligasyon chak jou yo—pou travay nan devwa yo selon divizyon yo;
окрім їхніх позапи́суваних: для мужчин від віку трьох літ і вище, для кожного, хто прихо́див до Господнього дому на щоденне ді́ло, на їхнє слу́ження, за їхніми сторо́жами та за їхніми че́ргами,
17 ansanm ak prèt ki te anrejistre pa zansèt yo selon lakay papa zansèt pa yo, e Levit yo soti nan laj a ventan oswa plis, selon devwa yo ak divizyon yo.
і приписаним священикам до дому їхніх батьків, та Левитам — від віку двадцяти літ і вище, у сторо́жах їхніх та в че́ргах їхніх,
18 Anrejistreman pa zansèt yo te kontwole tout timoun yo, madanm yo, fis yo ak fi yo, pou tout asanble a, paske yo te konsakre yo menm, fidèlman, nan sentete.
і їхнім припи́саним з усіма́ їхніми ді́тьми, їхніми жінка́ми, і їхніми синами, і їхніми до́чками, для всього збору, бо вони в вірності своїй посвящаються на святість.
19 Anplis, pou fis a Aaron yo, prèt yo, ki te nan teren patiraj lavil yo, oswa nan chak vil menm, te gen mesye ki te dezinye pa non pou fè distribisyon pòsyon a chak gason pami prèt yo e chak ki te anrejistre pa zansèt li yo pami Levit yo.
А синам священика Ааро́на, на поля́х пасови́ська їхніх міст, у кожному місті поставлені були мужі, що зазначені поіме́нно, щоб давати частки кожному мужчи́ні серед священиків та всякому приписаному серед Левитів.
20 Konsa, Ézéchias te fè patou nan tout Juda; epi li te fè sa ki te bon e dwat devan SENYÈ a, Bondye li a.
І зробив Єзекія так, як це, по всій Юдеї. І робив він добре й угодне та справедливе перед лицем Господа, Бога свого.
21 Tout èv ke li te kòmanse fè nan sèvis lakay Bondye a, nan lalwa avèk kòmandman an, nan chache Bondye li a, li te fè yo avèk tout kè li, e li te byen reyisi.
І в усякому ді́лі, яке він зачинав, — у роботі Божого дому, і в Зако́ні, і в заповіді, щоб звертатися до Бога свого, робив він усім своїм серцем, і мав успіх.