< 2 Istwa 27 >
1 Jotham te gen laj venn-senkan lè l te devni wa a, e li te renye sèzan Jérusalem. Non manman li te Jeruscha, fis a Tsadok la.
Jotam te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Manman l' te rele Jewoucha. Se te pitit fi Zadòk.
2 Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa Ozias te konn fè. Men li pa t antre nan tanp SENYÈ a. E pèp la te kontinye aji konwonpi.
Jotam te fè sa ki dwat devan Seyè a, tankou Ozyas, papa l', te fè. Tansèlman, li pa t' janm mete pwent pye l' nan Tanp lan. Pèp la menm te toujou ap fè vye sèvis li yo.
3 Li te bati pòtay pi wo lakay SENYÈ a, e li te bati anpil menm sou miray Ophel la.
Se Jotam ki te bati Pòtay Nò Tanp Seyè a. Li fè anpil travay nan miray lavil la nan zòn yo rele Ofèl la.
4 Anplis, li te bati vil nan peyi kolin a Juda yo, e li te bati fò avèk fòterès sou ti kolin ki te bwaze yo.
Li bati anpil lavil nan mòn peyi Jida a. Li bati gwo fò ak fò won nan tout rakbwa yo.
5 Li te goumen osi avèk wa Amonit yo, e li te genyen yo jiskaske Amonit yo te ba li nan menm ane sa a, san talan an ajan, di-mil barik ble ak di-mil barik lòj. Amonit yo te peye li menm fòs sa a nan dezyèm ak twazyèm ane a.
Li fè lagè ak wa peyi Amon an. Li bat li. Lanne sa a, moun peyi Amon yo ba li twamiltwasan (3.300) kilo ajan, senkantmil (50.000) barik ble ak senkantmil barik lòj. Pandan dezan apre sa, yo ba li menm kantite a chak lanne.
6 Konsa, Jotham te vin trè pwisan akoz li te fè afè li an lòd devan SENYÈ a, Bondye li a.
Jotam te vin gen anpil pouvwa, paske li te mache dwat devan Seyè a, Bondye li a.
7 Alò, tout lòt zèv a Jotham yo, menm tout gè li yo avèk zèv li yo, gade byen, yo ekri nan Liv A Wa Israël Avèk Juda Yo.
Tout rès istwa Jotam lan, tout lagè li te fè, tou sa li te reyalize, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl ak wa peyi Jida yo.
8 Li te gen venn-senkan lè l te vin wa e li te renye sèzan Jérusalem.
Li te gen vennsenkan lè li moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan.
9 Konsa, Jotham te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li lavil David. Achaz, fis li a, te devni wa nan plas li.
Lè Jotam mouri, yo antere l' nan lavil David la. Se Akaz, pitit li, ki moute wa nan plas li.