< 2 Istwa 26 >
1 Tout pèp Juda a te pran Ozias, ki te genyen laj a sèzan e te fè li wa nan plas a papa li, Amatsia.
И взял весь народ Иудейский Озию, которому было шестнадцать лет, и поставили его царем на место отца его Амасии.
2 Li te bati Élath e te restore li pou Juda apre wa a te dòmi avèk zansèt li yo.
Он обстроил Елаф и возвратил его Иудее, после того как почил царь с отцами своими.
3 Ozias te gen sèzan lè l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-dezan Jérusalem. Non manman li te Jecolia, de Jérusalem.
Шестнадцати лет был Озия, когда воцарился, и пятьдесят два года царствовал в Иерусалиме; имя матери его Иехолия из Иерусалима.
4 Li te fè sa ki bon nan zye a SENYÈ a selon tout sa ke papa li, Amatsia te konn fè.
И делал он угодное в очах Господних точно так, как делал Амасия, отец его;
5 Li te kontinye chache Bondye nan tout jou a Zacharie yo, ki te gen konprann selon vizyon Bondye. Pandan tout tan li t ap chache SENYÈ a, Bondye te fè l reyisi.
и прибегал он к Богу во дни Захарии, поучавшего страху Божию; и в те дни, когда он прибегал к Господу, споспешествовал ему Бог.
6 Alò, li te sòti pou fè lagè kont Filisten yo. Li te kraze miray a Gath la, miray a Jabné a, miray a Asdod la, e li te bati vil nan anviwon Asdod pami Filisten yo.
И он вышел и сразился с Филистимлянами, и разрушил стены Гефа и стены Иавнеи и стены Азота; и построил города в области Азотской и у Филистимлян.
7 Bondye te ede li kont Filisten yo, e kont Arab ki te rete Gur-Baal yo, avèk Maonit yo.
И помогал ему Бог против Филистимлян и против Аравитян, живущих в Гур-Ваале, и против Меунитян;
8 Anplis, Amonit yo te peye taks obligatwa a Ozias, e rekonesans li te rive jis nan lizyè Égypte. Li te vin pwisan anpil.
и давали Аммонитяне дань Озии, и дошло имя его до пределов Египта, потому что он был весьма силен.
9 Anplis, Ozias te bati fò Jérusalem yo nan Pòtay Kwen an, nan Pòtay Vale a ak nan kwen pilye a pou ranfòse yo toujou.
И построил Озия башни в Иерусалиме над воротами угольными и над воротами долины и на углу, и укрепил их.
10 Li te bati fò nan dezè yo, e li te fouye anpil sitèn, paske li te gen anpil bèt, ni nan ba plèn nan, ni nan gran plèn nan. Anplis, li te genyen labourè chan yo avèk moun pou pran swen chan rezen nan peyi ti kolin yo ak nan chan bon tè yo, paske li te renmen latè anpil.
И построил башни в пустыне, и иссек много водоемов, потому что имел много скота, и на низменности и на равнине, и земледельцев и садовников на горах и на Кармиле, ибо он любил земледелие.
11 Anplis, Ozias te gen yon lame parèt pou batay, ki te antre nan konba a pa divizyon yo selon nimewo pa yo, prepare pa Jeïel, sekretè a, avèk Maaséja, ofisye a, anba direksyon a Hanania, youn nan ofisye wa yo.
Было у Озии и войско, выходившее на войну отрядами, по счету в списке их, составленном рукою Иеиела писца и Маасеи надзирателя, под предводительством Ханании, одного из главных сановников царских.
12 Nonb total a chèf lakay yo, a gèrye plen kouraj yo te de-mil-sis-san.
Все число глав поколений, из храбрых воинов, было две тысячи шестьсот,
13 Anba direksyon pa yo, te gen yon lame elit de twa-san-sèt-mil-senk-san ki te kapab fè lagè avèk gwo pouvwa, pou bay wa a soutyen kont lènmi an.
и под рукою их военной силы триста семь тысяч пятьсот, вступавших в сражение с воинским мужеством, на помощь царю против неприятеля.
14 Anplis, Ozias te prepare pou tout lame a boukliye defans yo, lans yo, kas yo, abiman defans kò yo, banza yo ak wòch fistibal yo.
И заготовил для них Озия, для всего войска, щиты и копья, и шлемы и латы, и луки и пращные камни.
15 Nan Jérusalem, li te fè gwo machin lagè envante pa moun gwo kapasite pou plase sou fò yo pou tire flèch avèk gwo wòch. Pou tout sa, rekonesans li te gaye byen lwen, paske li te resevwa gwo èd jiskaske li te vin byen pwisan.
И сделал он в Иерусалиме искусно придуманные машины, чтоб они находились на башнях и на углах для метания стрел и больших камней. И пронеслось имя его далеко, потому что он дивно оградил себя и сделался силен.
16 Men lè l te vin fò, kè li te vin plen ògèy. Li te aji konwonpi. Li pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye li a, paske li te antre nan tanp SENYÈ a pou brile lansan sou lotèl lansan an.
Но когда он сделался силен, возгордилось сердце его на погибель его, и он сделался преступником пред Господом Богом своим, ибо вошел в храм Господень, чтобы воскурить фимиам на алтаре кадильном.
17 Konsa, Azaria, prèt la, te antre dèyè li avèk katreven prèt SENYÈ a, mesye ki te plen kouraj.
И пошел за ним Азария священник, и с ним восемьдесят священников Господних, людей отличных,
18 Yo te konfwonte Ozias, wa a. Yo te di li: “Se pa ou menm, Ozias, ki pou brile lansan a SENYÈ a, men se prèt yo, fis a Aaron ki konsakre pou brile lansan. Sòti nan sanktyè a, paske ou gen tò, e ou p ap twouve lonè devan SENYÈ a, Bondye a.”
и воспротивились Озии царю и сказали ему: не тебе, Озия, кадить Господу; это дело священников, сынов Аароновых, посвященных для каждения; выйди из святилища, ибо ты поступил беззаконно, и не будет тебе это в честь у Господа Бога.
19 Men Ozias, avèk veso lansanswa nan men l pou brile lansan an, te anraje. Konsa, pandan li te anraje avèk prèt yo, lalèp te pete sou fon li devan prèt yo lakay SENYÈ a, akote lotèl lansan an.
И разгневался Озия, - а в руке у него кадильница для каждения; и когда разгневался он на священников, проказа явилась на челе его, пред лицем священников, в доме Господнем, у алтаря кадильного.
20 Azaria, chèf prèt la avèk tout lòt prèt yo te gade li, e vwala, li te gen lalèp sou fon li. Konsa, yo te fè l sòti la byen vit, e li menm tou te fè vit pou sòti akoz SENYÈ a te frape li.
И взглянул на него Азария первосвященник и все священники; и вот у него проказа на челе его. И понуждали его выйти оттуда, да и сам он спешил удалиться, так как поразил его Господь.
21 Wa Ozias te rete yon moun lalèp jis rive nan jou li te mouri an. Li te rete nan yon kay apa, akoz lalèp la, paske li te entèdi antre lakay SENYÈ a. Jotham, fis li a, te lakay wa a pou te jije pèp peyi a.
И был царь Озия прокаженным до дня смерти своей, и жил в отдельном доме и отлучен был от дома Господня. А Иоафам, сын его, начальствовал над домом царским и управлял народом земли.
22 Alò, tout rès a zèv Ozias yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, pwofèt Ésaïe, fis a Amots la, te ekri yo.
Прочие деяния Озии, первые и последние, описал Исаия, сын Амоса, пророк.
23 Konsa, Ozias te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li avèk papa zansèt li yo nan chan akote tonm ki te pou wa yo, paske yo te di: “Li gen lalèp”. Epi Jotham, fis li a, te devni wa nan plas li.
И почил Озия с отцами своими, и похоронили его с отцами его на поле царских гробниц, ибо говорили: он прокаженный. И воцарился Иоафам, сын его, вместо него.