< 2 Istwa 25 >

1 Amatsia te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa, e li te renye vent-nevan Jérusalem. Non manman li te Joaddan de Jérusalem.
בן עשרים וחמש שנה מלך אמציהו ועשרים ותשע שנה מלך בירושלם ושם אמו יהועדן מירושלים
2 Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, sepandan, pa avèk tout kè l.
ויעש הישר בעיני יהוה רק לא בלבב שלם
3 Alò, li te vin rive depi wayòm nan te byen solid nan men l, ke li te touye sèvitè li yo ki te touye papa li, wa a.
ויהי כאשר חזקה הממלכה עליו ויהרג את עבדיו המכים את המלך אביו
4 Sepandan, li pa t touye pitit yo, men li te swiv sa ki ekri nan lalwa nan liv Moïse la, ke SENYÈ a te kòmande, ki te di: “Papa yo p ap mete a lanmò pou fis yo, ni fis yo p ap mete a lanmò pou papa yo, men chak moun va mete a lanmò pou pwòp peche pa l.”
ואת בניהם לא המית כי ככתוב בתורה בספר משה אשר צוה יהוה לאמר לא ימותו אבות על בנים ובנים לא ימותו על אבות--כי איש בחטאו ימותו
5 Anplis, Amatsia te rasanble Juda, e li te òganize yo selon lakay papa yo anba chèf a dè milye e chèf a dè santèn toupatou nan Juda avèk Benjamin. Li te pran yon kontwòl global a sila soti nan ventan oswa plis yo, e li te twouve yo a twa-san-mil mesye, byen chwazi pou fè lagè ak manyen lans ak pwotèj.
ויקבץ אמציהו את יהודה ויעמידם לבית אבות לשרי האלפים ולשרי המאות לכל יהודה ובנימן ויפקדם למבן עשרים שנה ומעלה וימצאם שלש מאות אלף בחור יוצא צבא אחז רמח וצנה
6 Li te anplwaye osi san-mil gèrye plen kouraj ki sòti an Israël pou san talan ajan.
וישכר מישראל מאה אלף גבור חיל--במאה ככר כסף
7 Men yon nonm Bondye te rive kote li e te di: “O Wa, pa kite lame Israël la ale avèk ou, paske SENYÈ a pa avèk Israël, ni avèk okenn nan fis Éphraïm yo.
ואיש האלהים בא אליו לאמר המלך אל יבוא עמך צבא ישראל כי אין יהוה עם ישראל כל בני אפרים
8 Men si ou ale, aji avèk fòs pou batay la. Bondye va rale ou desann devan lènmi yo, paske Bondye gen pouvwa pou ede e pou desann.”
כי אם בא אתה עשה חזק למלחמה--יכשילך האלהים לפני אויב כי יש כח באלהים לעזור ולהכשיל
9 Amatsia te di a nonm Bondye a: “Men kisa n ap fè pou afè san talan ke m te bay a sòlda Israël yo?” Nonm Bondye a te di: “Senyè a gen bokou plis pou bay pase sa.”
ויאמר אמציהו לאיש האלהים ומה לעשות למאת הככר אשר נתתי לגדוד ישראל ויאמר איש האלהים יש ליהוה לתת לך הרבה מזה
10 Konsa, Amatsia te voye yo ale, sòlda ki te rive kote li soti Éphraïm yo, pou rive lakay yo. Akoz sa a, kòlè yo te brile kont Juda e yo te retounen lakay ak gwo kòlè.
ויבדילם אמציהו להגדוד אשר בא אליו מאפרים ללכת למקומם ויחר אפם מאד ביהודה וישובו למקומם בחרי אף
11 Alò, Amatsia te ranfòse tèt li; li te mennen pèp li a sòti pou ale nan Vale Sèl la, e te frape di-mil nan fis a Séir yo.
ואמציהו התחזק וינהג את עמו וילך גיא המלח ויך את בני שעיר עשרת אלפים
12 Fis a Juda yo, anplis, te kaptire di-mil tou vivan. Yo te mennen yo anwo pwent falèz la, e te jete yo anba soti anwo falèz la, jiskaske yo tout te kraze chire an mòso.
ועשרת אלפים חיים שבו בני יהודה ויביאום לראש הסלע וישליכום מראש הסלע וכלם נבקעו
13 Men sòlda ke Amatsia te voye retounen pou yo pa ale nan batay la avèk li yo, te atake vil a Juda yo, soti Samarie jis rive Beth-Horon. Yo te frape twa-mil nan yo, e te piyaje anpil byen yo.
ובני הגדוד אשר השיב אמציהו מלכת עמו למלחמה ויפשטו בערי יהודה משמרון ועד בית חורון ויכו מהם שלשת אלפים ויבזו בזה רבה
14 Alò, lè Amatsia te sòti nan masak Edomit yo, li te pote dye a fis a Séir yo. Li te pozisyone yo tankou dye pa li, pou l bese ba devan yo e te brile lansan a yo menm.
ויהי אחרי בוא אמציהו מהכות את אדומים ויבא את אלהי בני שעיר ויעמידם לו לאלהים ולפניהם ישתחוה ולהם יקטר
15 Lakòlè Bondye te brile kont Amatsia, e Li te voye pwofèt Li ki te di l: “Poukisa ou te swiv dye a pèp sa a, ki pa t kab delivre pwòp pèp pa yo nan men ou?”
ויחר אף יהוה באמציהו וישלח אליו נביא ויאמר לו למה דרשת את אלהי העם אשר לא הצילו את עמם מידך
16 Pandan li t ap pale avèk li, wa a te di li: “Èske nou te chwazi ou menm kòm konseye wayal? Rete! Poukisa w ap chache mouri?” Epi pwofèt la te rete. Li te di: “Mwen konnen ke Bondye deja fè plan pou detwi ou, paske ou te fè bagay sa a e pa t koute konsèy mwen.”
ויהי בדברו אליו ויאמר לו הליועץ למלך נתנוך--חדל לך למה יכוך ויחדל הנביא ויאמר ידעתי כי יעץ אלהים להשחיתך--כי עשית זאת ולא שמעת לעצתי
17 Alò, Amatsia, wa Juda a te pran konsèy moun pa l. Li te voye kote Joas, fis a Joachaz la, fis a Jéhu a, wa Israël la. Li te di l: “Vini, annou parèt fasafas.”
ויועץ אמציהו מלך יהודה וישלח אל יואש בן יהואחז בן יהוא מלך ישראל לאמר לך נתראה פנים
18 Joas, wa Israël la te voye kote Amatsia, wa Juda a. Li te di: “Bwa pikan ki te Liban an te voye kote bwa sèd ki te Liban an, e te di: ‘Bay fi ou a fis mwen nan maryaj.’ Men yon bèt sovaj nan Liban te pase akote e te foule bwa pikan an.
וישלח יואש מלך ישראל אל אמציהו מלך יהודה לאמר החוח אשר בלבנון שלח אל הארז אשר בלבנון לאמר תנה את בתך לבני לאשה ותעבר חית השדה אשר בלבנון ותרמס את החוח
19 Ou di nan tèt ou: ‘Gade byen, mwen te bat Édom.’ Konsa kè ou vin plen ak ògèy e anfle. Alò, rete lakay ou! Poukisa ou ta pwovoke twoub pou tèt ou, jiskaske ou menm, ou ta tonbe e Juda avèk ou?”
אמרת הנה הכית את אדום ונשאך לבך להכביד עתה שבה בביתך--למה תתגרה ברעה ונפלת אתה ויהודה עמך
20 Men Amatsia pa t ap koute, paske sa te soti nan Bondye, ki ta livre yo nan men lèdmi yo, akoz yo te chache dye Édom yo.
ולא שמע אמציהו--כי מהאלהים היא למען תתם ביד כי דרשו את אלהי אדום
21 Konsa Joas, wa Israël la te monte, e li menm avèk Amatsia, wa Juda a te fè fasafas nan Beth-Schémesch, ki te pou Juda a.
ויעל יואש מלך ישראל ויתראו פנים הוא ואמציהו מלך יהודה בבית שמש אשר ליהודה
22 Juda te bat pa Israël, e yo chak te kouri nan pwòp tant yo.
וינגף יהודה לפני ישראל וינסו איש לאהליו
23 Alò Joas, wa Israël la te kaptire Amatsia, wa Juda a, fis a Joas la, fis a Joachaz la, nan Beth-Schémesch. Li te mennen li Jérusalem, e li te chire miray Jérusalem nan soti nan Pòtay Éphraïm nan jis rive nan Pòtay Kwen an, kat-san koude nan longè.
ואת אמציהו מלך יהודה בן יואש בן יהואחז תפש יואש מלך ישראל--בבית שמש ויביאהו ירושלם ויפרץ בחומת ירושלם משער אפרים עד שער הפונה ארבע מאות אמה
24 Li te pran tout lò avèk ajan ak tout zouti ki te twouve lakay Bondye a avèk Obed-Édom ak trezò lakay wa a, ansanm avèk prizonye yo, e te retounen Samarie.
וכל הזהב והכסף ואת כל הכלים הנמצאים בבית האלהים עם עבד אדום ואת אוצרות בית המלך ואת בני התערבות וישב שמרון
25 Epi Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, te viv kenzan apre lanmò Joas, fis a Joachaz la, wa Israël la.
ויחי אמציהו בן יואש מלך יהודה אחרי מות יואש בן יהואחז מלך ישראל--חמש עשרה שנה
26 Alò, tout lòt zèv a Amatsia yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men gade, èske yo pa ekri nan Liv A Wa Juda Avèk Israël yo?
ויתר דברי אמציהו הראשנים והאחרונים--הלא הנם כתובים על ספר מלכי יהודה וישראל
27 Depi lè ke Amatsia te vire kite SENYÈ a, yo te fè konplo kont li Jérusalem, e li te sove ale Lakis, men yo te voye dèyè li Lakis e te touye li la.
ומעת אשר סר אמציהו מאחרי יהוה ויקשרו עליו קשר בירושלם וינס לכישה וישלחו אחריו לכישה וימיתהו שם
28 Konsa, yo te mennen li sou cheval e te antere li avèk zansèt li yo lavil Juda.
וישאהו על הסוסים ויקברו אתו עם אבתיו בעיר יהודה

< 2 Istwa 25 >