< 2 Istwa 24 >

1 Joas te gen laj setan lè l te devni wa, e li te renye pandan karantan Jérusalem, Non manman li te Tsibja soti nan Beer-Schéba.
Беше Јоасу седам година кад се зацари, и царова четрдесет година у Јерусалиму. Матери му беше име Сивија из Вирсавеје.
2 Joas te fè sa ki te bon nan zye SENYÈ a pandan tout jou a Jehojada yo, prèt la.
И чињаше Јоас што је право пред Господом докле год беше жив Јодај свештеник.
3 Jehojada te pran de madanm pou li, e li te vin papa a fis ak fi.
И Јодај га ожени двема женама, те роди синове и кћери.
4 Li te vin rive apre sa ke Joas te pran desizyon pou restore lakay SENYÈ a.
Потом Јоас науми да оправи дом Господњи.
5 Li te rasanble prèt yo avèk Levit yo, e li te di yo: “Ale antre nan tout vil Juda yo e rekeyi lajan pami tout Israël pou repare lakay SENYÈ nou an chak ane. Epi fè sa byen vit.” Men Levit yo pa t aji avèk vitès.
И сазва свештенике и Левите, па им рече: Пођите по градовима Јудиним и купите од свега Израиља новац да се оправља дом Бога вашег од године до године, и ви похитајте с тим. Али не хитеше Левити.
6 Akoz sa, wa a te rele Jehojada, chèf prèt la. Li te mande li: “Poukisa nou pa t egzije Levit yo pou pote soti Juda avèk Jérusalem taks etabli pa Moïse la, sèvitè SENYÈ a sou asanble Israël la pou tant temwayaj la?”
Зато цар дозва Јодаја поглавара и рече му: Зашто не настојиш да Левити доносе из Јудеје и Јерусалима прилоге које је наредио Мојсије слуга Господњи збору Израиљевом на шатор од састанка?
7 Paske fis a Athalie yo, ki te tèlman mechan, te antre kase lakay Bondye a. Anplis yo te sèvi ak bagay sen nan kay yo pou sèvi Baal.
Јер безбожна Готолија и синови њени опленише дом Господњи и све ствари посвећене дому Господњем обратише на Вале.
8 Konsa, wa a te pase lòd e yo te fè yon bwat kès pou te mete li deyò akote pòtay lakay SENYÈ a.
И тако заповеди цар те начинише ковчег, и метнуше га на врата дома Господњег споља.
9 Yo te fè yon pwoklamasyon nan Juda avèk Jérusalem pou pote bay SENYÈ a, taks Moïse la, sèvitè Bondye a, ki te etabli nan dezè a pou Israël la.
И огласише по Јудеји и по Јерусалиму да доносе Господу прилог који је наредио Мојсије, слуга Божји, Израиљу у пустињи.
10 Tout ofisye yo avèk tout pèp la te rejwi. Yo te pote taks pa yo e yo te depoze yo nan kès la jiskaske yo te ranpli l.
И обрадоваше се кнезови и сав народ, и доносећи метаху у ковчег докле се не сврши.
11 Li te vin rive ke nenpòt lè Levit yo te pote kès la anndan kote ofisye wa a yo, e lè yo te wè ke te gen anpil lajan, ke grefye a wa a avèk ofisye a chèf prèt la te vin vide kès la, pran l e remete li nan plas li. Konsa, yo te fè chak jou, e yo te rekeyi anpil lajan.
И кад доношаху Левити ковчег, по заповести царевој, видевши да има много новца, долажаше писар царев и посланик поглавара свештеничког, те изручиваху ковчег, потом га опет одношаху и остављаху на његово место; и тако чињаху сваки дан, и накупише много новца.
12 Wa a avèk Jehojada te bay li a sila ki te fè travay nan sèvis lakay SENYÈ a. Yo te anplwaye mason avèk chapant pou restore lakay SENYÈ a, ak ouvriye, fè, avèk bwonz pou repare lakay SENYÈ a.
И даваше га цар Јодај настојницима над послом око дома Господњег, а они наимаху каменаре и дрводеље да се обнови дом Господњи, и коваче који раде од гвожђа и од бронзе, да се оправи дом Господњи.
13 Konsa, ouvriye yo te travay, epi èv reparasyon an te avanse nan men yo. Yo te restore lakay Bondye a selon plan li, e yo te ranfòse li.
И пословаху посленици, и оправљање напредоваше под њиховим рукама, те повратише дому Божјем обличје његово, и утврдише га.
14 Lè yo te fini, yo te mennen rès lajan an devan wa a avèk Jehojada. Li te fonn pou fè zouti pou lakay SENYÈ a, zouti pou sèvis la ak ofrann brile a, avèk po ak zouti an lò avèk ajan. Epi yo te ofri ofrann brile yo lakay SENYÈ a san rete pandan tout jou a Jehojada yo.
А кад свршише, донесоше пред цара и Јодаја новце што претекоше; и од тог новца начини судове за дом Господњи, судове за службу и за жртве, и кадионице, и друге судове златне и сребрне. И тако приношаху жртве паљенице у дому Господњем једнако свега века Јодајевог.
15 Alò, lè Jehojada te rive a yon gwo laj byen mi, li te vin mouri. Li te gen san-trantan lè l te mouri.
Потом остаревши Јодај сит живота умре; сто и тридесет година беше му кад умре.
16 Yo te antere li lavil David pami wa yo akoz li te fè byen an Israël ni pou Bondye, ni pou lakay Li a.
И погребоше га у граду Давидовом код царева; јер чињаше добро Израиљу и Богу и дому његовом.
17 Men apre lanmò Jehojada, ofisye Juda yo te vini bese ba devan wa a, e wa a te koute yo.
А кад умре Јодај, дођоше кнезови Јудини и поклонише се цару; тада их послуша цар,
18 Yo te abandone lakay SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a pou te sèvi Asherim yo avèk zidòl yo. Konsa, lakòlè SENYÈ a te desann sou Juda avèk Jérusalem akoz koupabilite sa a.
Те оставише дом Господа Бога отаца својих, и стадоше служити луговима и идолима; и подиже се гнев Господњи на Јуду и на Јерусалим за тај грех њихов.
19 Malgre sa, Li te voye pwofèt yo kote yo pou mennen yo retounen a SENYÈ a. Sepandan, yo te fè temwayaj kont yo, e te refize koute yo.
И слаше им пророке да их врате ка Господу, и они им сведочаху, али их не послушаше.
20 Alò Lespri Bondye a te vini sou Zacharie, fis a Jehojada a, prèt la. Li te kanpe anwo pèp la, e te pale yo: “Konsa Bondye te di: ‘Poukisa nou vyole kòmandman a SENYÈ la, e akoz sa nou pa reyisi? Akoz nou te abandone SENYÈ a, Li menm osi te abandone nou.’”
И дође дух Господњи на Захарију, сина Јодаја свештеника, те стаде више народа и рече им: Овако вели Бог: Зашто преступате заповести Господње? Нећете бити срећни; што остависте Господа, зато и Он вас остави.
21 Pou sa, yo te fè konplo kont li. Sou kòmand a wa a, yo te lapide li jiska lanmò nan lakou lakay SENYÈ a.
А они се побунише на њ, и засуше га камењем по заповести царевој у трему дома Господњег.
22 Konsa, Joas pa t sonje bonte ke papa li, Jehojada te montre li a, men li te touye fis li. Epi pandan li t ap mouri, li te di: “Ke SENYÈ a wè e fè revandikasyon!”
И не опомену се Јоас милости коју му учини Јодај, отац његов, него уби сина његовог; а он умирући рече: Господ нека види и тражи.
23 Alò, li te vin rive nan fen ane ke lame Siryen yo te monte kont li. Yo te vini Juda avèk Jérusalem, e te detwi tout ofisye a pèp la ki te pami pèp la, epi yo te voye tout piyaj la kote wa a Damas la.
А кад прође година, подиже се на њ војска сирска и уђе у земљу јудејску и у Јерусалим, и побише по народу све кнезове народне, и сав плен од њих послаше цару у Дамаск.
24 Anverite, lame Siryen an te vini avèk yon ti kantite moun, men SENYÈ a te livre yon trè gwo lame nan men yo, paske yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a. Se konsa yo te egzekite jijman sou Joas.
Ако и мала беше војска сирска која дође, ипак Господ даде у руке њихове врло велику војску, јер беху оставили Господа Бога отаца својих. И тако на Јоасу извршише суд.
25 Lè yo te kite Joas, (akoz yo te kite li byen blesi), pwòp sèvitè li yo te fè konplo kont li akoz san fis Jehojada a, prèt la, e yo te asasine li sou kabann li an. Konsa, li te mouri e yo te antere li lavil David la, men yo pa t antere li nan tonm a wa yo.
А кад отидоше од њега оставивши га у тешкој болести, побунише се на њ слуге његове за крв синова Јодаја свештеника, и убише га на постељи његовој, те погибе; и погребоше га у граду Давидовом, али га не погребоше у гробовима царским.
26 Alò, sa yo se sila ki te fè konplo kont li yo: Zabad, fis a Schimeath la, Amonit lan, ak Jozabad, fis a Schimrith la, Moabit la.
А ово су што се побунише на њ: Завад, син Симеате Амонке и Јозавад, син Симрите Моавке.
27 Konsènan fis li yo, tout pawòl madichon kont li yo ak rekonstriksyon lakay Bondye a, gade byen, yo ekri nan istwa Liv A Wa Yo. Epi Amatsia, fis li a, te vin wa nan plas li.
А о синовима његовим и о великом порезу што би под њим, и о грађењу дома Божјег, ето записано је у књизи о царевима. А зацари се на његово место Амасија, син његов.

< 2 Istwa 24 >