< 2 Istwa 22 >

1 Pèp Jérusalem la te fè Achazia, pi piti fis li a, wa nan plas li, akoz bann mesye ki te vini ak Arab yo nan kan an te touye tout pi gran yo. Konsa Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a te kòmanse renye.
اهالی اورشلیم اخزیا، پسر کوچک یهورام را به پادشاهی خود انتخاب کردند، زیرا مهاجمانی که همراه عَرَبها به یهودا حمله کردند، پسران بزرگ او را کشته بودند.
2 Achazia te gen venn-dezan lè l te devni wa a e li te renye ennan Jérusalem. Non manman l te Athalie, fi a Omri.
اخزیا بیست و دو ساله بود که پادشاه شد، ولی فقط یک سال در اورشلیم سلطنت کرد. مادرش عتلیا نام داشت و نوهٔ عمری بود.
3 Li menm tou te mache nan chemen lakay Achab yo, paske manman li te konseye li pou fè mal.
او نیز مانند خاندان اَخاب نسبت به خداوند گناه ورزید، زیرا مادرش او را به کارهای زشت ترغیب می‌کرد.
4 Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou Achab, paske yo te konseye li apre lanmò papa l, jiskaske sa te fin detwi li.
آری، اخزیا نیز مثل اَخاب شرور بود، زیرا بعد از مرگ پدرش، خانوادهٔ اَخاب مشاوران او بودند و او را به طرف نابودی سوق دادند.
5 Li te osi mache selon konsèy pa yo, e te ale avèk Joram, fis a Achab la, wa Israël la pou fè lagè kont Hazaël, wa Syrie a nan Ramoth-Galaad. Men Siryen yo te blese Joram.
اخزیا بر اثر مشورت آنها، با یورام (پسر اَخاب) پادشاه اسرائیل، متحد شد و برای جنگ با حزائیل، پادشاه سوریه، به راموت جلعاد لشکر کشید. در این جنگ یورام مجروح شد.
6 Pou sa, li te retounen pou geri nan Jizreel akoz blese ke yo te ba li nan Rama yo, lè li te fin goumen kont Hazaël, wa Syrie a. Epi Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a, te desann pou wè Joram, fis a Achab la Jizreel, akoz li te malad.
پس برای معالجه به یزرعیل بازگشت. وقتی در آنجا بستری بود، اخزیا به عیادتش رفت.
7 Alò, destriksyon Achazia te sòti nan Bondye akoz li te ale kote Joram. Paske lè l te desann, li te sòti avèk Joram kont Jéhu, fis a Nimschi a, ke SENYÈ a te chwazi pou detwi lakay Achab.
خدا به‌وسیلۀ این دیدار، سقوط اخزیا را فراهم آورد. وقتی اخزیا با یورام بود، ییهو (پسر نمشی) که از طرف خداوند مأمور شده بود دودمان اَخاب را براندازد، به سراغ آنها رفت.
8 Li te vin rive ke lè Jéhu t ap egzekite jijman sou lakay Achab la, li te twouve chèf a Juda yo avèk fis a frè Achazia ki t ap sèvi Achazia yo, e li te touye yo.
زمانی که ییهو در پی کشتار اعضای خانوادهٔ اَخاب بود، با عده‌ای از سران یهودا و برادرزاده‌های اخزیا روبرو شد و ایشان را کشت.
9 Anplis, li te chache Achazia, epi yo te kenbe li pandan li te kache Samarie a. Yo te mennen li kote Jéhu, yo te mete li a lanmò, e te antere li. Paske yo te di: “Li se fis a Josaphat, ki te chache SENYÈ a ak tout kè li a.” Konsa, pa t gen moun lakay Achazia pou te kenbe pouvwa wayòm nan.
ییهو در جستجوی اخزیا بود؛ سرانجام او را که در سامره پنهان شده بود دستگیر نموده، نزد ییهو آوردند و ییهو او را نیز کشت. با وجود این، اخزیا را با احترام به خاک سپردند، چون نوهٔ یهوشافاط پادشاه بود که با تمام دل از خداوند پیروی می‌کرد. از خاندان اخزیا کسی که قادر باشد سلطنت کند، نماند.
10 Alò lè Athalie, manman Achazia a, te wè ke fis li a te mouri, li te leve e te detwi tout pitit wa lakay Juda yo.
وقتی عتلیا، مادر اخزیا از کشته شدن پسرش باخبر شد، دستور قتل عام تمام اعضای خاندان سلطنتی یهودا را صادر کرد.
11 Men Joschabeath, fi a wa a te pran fis a Achazia a e te rache li soti nan mitan fis a wa a ke yo t ap touye yo, e li te plase li avèk nouris li nan chanm dòmi an. Konsa, Joschabeath, fi a Wa Joram nan, madanm a Jehojada, prèt la (paske li te sè Achazia), te kache li pou Athalie pa t kab mete l a lanmò.
تنها کسی که جان به در برد یوآش پسر کوچک اخزیا بود، زیرا یهوشبع، عمه یوآش، که دختر یهورام پادشاه و خواهر ناتنی اخزیا بود، او را نجات داد. یهوشبع طفل را از میان سایر فرزندان پادشاه که در انتظار مرگ بودند، دزدید و او را با دایه‌اش در خانهٔ خداوند در اتاقی پنهان کرد. (یهوشبع زن یهویاداع کاهن بود.)
12 Li te kache yo lakay SENYÈ a pandan sizan pandan Athalie t ap renye sou peyi a.
در مدت شش سالی که عتلیا در مقام ملکه فرمانروایی می‌کرد، یوآش زیر نظر عمه‌اش در خانهٔ خدا پنهان ماند.

< 2 Istwa 22 >