< 2 Istwa 21 >

1 Alò, Josaphat te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere avèk zansèt li yo nan vil David la; e Joram, fis li a, te vin wa nan plas li.
Potom usnul Jozafat s otci svými, a pochován jest s nimi v městě Davidově. I kraloval Jehoram syn jeho místo něho.
2 Joram te gen frè, fis a Josaphat yo: Azaria, Micaël, avèk Schephathia. Tout sila yo te fis a Josaphat, wa Israël la.
Měl pak bratří, syny Jozafatovy, Azariáše, Jechiele, Zachariáše, Azariáše, Michaele a Sefatiáše. Všickni ti byli synové Jozafata krále Izraelského.
3 Papa yo te ba yo anpil kado an ajan, lò, avèk bagay presye, avèk vil fòtifye nan Juda, men li te bay wayòm nan a Joram akoz li te premye ne.
Kterýmž byl dal otec jejich darů mnoho, stříbra a zlata, a věcí drahých, s městy hrazenými v Judstvu, království pak dal Jehoramovi, proto že on byl prvorozený.
4 Lè Joram te fin kontwole wayòm papa li, e te fè pozisyon li byen solid, li te touye tout frè li yo avèk nepe, ansanm ak kèk nan chèf Israël yo tou.
I uvázal se Jehoram v království otce svého, a zmocniv se, zmordoval všecky bratří své mečem, ano i některé z knížat Izraelských.
5 Joram te gen trann-dezan lè l te devni wa e li te renye pandan uitan Jérusalem.
Ve dvou a třidcíti letech byl Jehoram, když počal kralovati, a osm let kraloval v Jeruzalémě.
6 Li te mache nan chemen a wa Israël yo, menm jan avèk lakay Achab, (paske fi Achab la te madanm li) e li te fè mal nan zye a SENYÈ a.
A chodil po cestě králů Izraelských, tak jako činil dům Achabův; nebo dceru Achabovu měl za manželku, a činil zlé věci před očima Hospodinovýma.
7 Men SENYÈ a pa t vle detwi lakay David akoz akò ke Li te fè ak David la, e akoz Li te fè pwomès pou bay yon lanp pou li avèk fis li yo jis pou tout tan.
Hospodin však nechtěl zahladiti domu Davidova, pro smlouvu, kterouž byl učinil s Davidem, a poněvadž byl řekl, že dá jemu svíci i synům jeho po všecky dny.
8 Pandan jou li yo, Édom te fè rebèl kont otorite Juda yo, e yo te etabli yon wayòm pou kont yo.
Ve dnech jeho odstoupili Idumejští, aby nebyli poddáni Judovi, a ustanovili nad sebou krále.
9 Konsa, Joram te travèse avèk chèf li yo ak tout cha li yo avèk li. Li te leve pandan nwit lan, e li te touye Edomit ki te antoure li yo, avèk chèf a cha yo.
Pročež přitáhl Jehoram s knížaty svými, i se všemi vozy svými, a vstav v noci porazil Idumejské, kteříž jej byli obklíčili, i hejtmany vozů jeho.
10 Akoz sa, Édom te fè rebèl kont Juda jis rive Jodi a. Epi Libna te fè rebèl menm lè a kont otorite li, akoz li te bliye SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo.
Však předce vytáhli se Idumejští z manství Judova až do tohoto dne. Téhož času zprotivilo se i Lebno, aby nebylo pod jeho mocí, proto že opustil Hospodina Boha otců svých.
11 Anplis, li te fè wo plas nan mòn Juda yo. Li te fè pèp Jérusalem nan jwe pwostitisyon, e li te mennen Juda nan move wout.
Přesto nadělal výsostí po horách Judských, a uvedl v smilství obyvatele Jeruzalémské, nýbrž dostrčil, jako i Judské.
12 Pou sa a, yon lèt te vin kote li soti nan men Élie, pwofèt la. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a papa zansèt ou a, David: ‘Akoz ou pa t mache nan chemen a Josaphat, papa ou, ak nan chemen Asa, wa Juda a,
I přišlo k němu psání od Eliáše proroka, řkoucího: Toto praví Hospodin Bůh Davida otce tvého: Proto že jsi nechodil po cestách Jozafata otce svého, a po cestách Azy krále Judského,
13 men ou te mache nan chemen wa Israël yo, e ou te fè Juda avèk pèp Jérusalem nan jwe pwostitisyon, jan lakay Achab te jwe pwostitisyon an. Anplis, ou te touye frè ou yo, pwòp fanmi pa w, ki te pi bon pase ou.
Ale chodil jsi po cestě králů Izraelských, a uvedl jsi v smilství Judu i obyvatele Jeruzalémské, tak jako jest v smilství uvedl dům Achabův Izraele, nadto i bratří své, rodinu otce svého, lepší než jsi sám, zmordoval jsi:
14 Pou sa a, men gade, SENYÈ a va frape pèp ou a, fis ou yo, madanm ou yo ak tout byen ou yo avèk gwo malè.
Aj, Hospodin uvede ránu velikou na lid tvůj a na syny tvé, na ženy tvé a na všecko jmění tvé,
15 Ou va vin soufri yon maladi ki rèd, yon maladi zantray ou, jiskaske zantray ou vin sòti akoz maladi a.’”
Ty pak nemocen budeš těžce nemocí střev svých, až z tebe vyjdou střeva tvá pro nemoc rozmáhající se den ode dne.
16 SENYÈ a te boulvèse lespri Filisten yo kont Joram, ansanm ak Arab yo ki te nan lizyè Etyopyen yo.
A tak vzbudil Hospodin proti Jehoramovi ducha Filistinských a Arabských, kteříž jsou při končinách Chussimských.
17 Yo te vini kont Juda pou te atake li, e yo te fè pote ale tout posesyon ke yo te jwenn lakay wa a, ansanm avèk fis li yo, ak madanm li yo, jiskaske pa t gen fis ki te rete pou li, sof Joachaz, pi piti nan fis li yo.
Kteříž vytáhše proti zemi Judské, vtrhli do ní, a rozchvátali všecko jmění, kteréž se nalezlo v domě královském, ano i syny jeho a ženy jeho, tak že mu nezůstalo žádného syna kromě Joachaza, nejmladšího z synů jeho.
18 Konsa, apre tout bagay sa a, SENYÈ a te frape li nan zantray li avèk yon maladi ki pa t kab geri.
Potom pak po všem ranil jej Hospodin na střevách jeho nemocí nezhojitelnou.
19 Alò, li te vin rive pandan tan ekoule a, nan fen dezan, ke zantray li te sòti akoz maladi li a, e li te mouri avèk gwo doulè. Epi pèp li a pa t fè dife pou li tankou dife yo te fè pou papa zansèt li yo.
A když se to den po dni rozmáhalo, a již čas vycházel přeběhnutí dvou let, vyšla střeva jeho pro nemoc jeho, i umřel na hrozné bolesti. A nepálil mu lid jeho vonných věcí, jako pálívali otcům jeho.
20 Li te gen trann-dezan lè l te vin wa e li te renye Jérusalem pandan uitan. Lè l te mouri li te san regrè a pèsòn. Yo te antere li lavil David, men pa nan tonm a wa yo.
Ve třidcíti a ve dvou letech byl, když kralovati počal, a osm let kraloval v Jeruzalémě, a sešel tak, že po něm netoužili. A však jej pochovali v městě Davidově, ale ne v hrobích královských.

< 2 Istwa 21 >