< 2 Istwa 17 >

1 Josaphat, fis li a te devni wa nan plas li, e li te fè pozisyon li sou Israël byen fèm.
regnavit autem Iosaphat filius eius pro eo et invaluit contra Israhel
2 Li te mete sòlda nan tout vil fòtifye Juda yo, e li te fè ganizon militè nan peyi Juda avèk nan vil Éphraïm ke papa li, Asa te kaptire yo.
constituitque militum numeros in cunctis urbibus Iudae quae erant vallatae muris praesidiaque disposuit in terra Iuda et in civitatibus Ephraim quas ceperat Asa pater eius
3 SENYÈ a te avèk Josaphat akoz li te swiv egzanp a zansèt li a, David, nan premye jou li yo, e li pa t chache Baal yo,
et fuit Dominus cum Iosaphat quia ambulavit in viis David patris sui primis et non speravit in Baalim
4 men li te chache Bondye a zansèt li yo. Li te swiv kòmandman li yo, e li pa t aji jan Israël te fè a.
sed in Deo patris sui et perrexit in praeceptis illius et non iuxta peccata Israhel
5 Pou sa, SENYÈ a te etabli wayòm nan sou kontwòl li, tout Juda te pote pèyman bay Josaphat e li te vin gen gwo richès avèk lonè.
confirmavitque Dominus regnum in manu eius et dedit omnis Iuda munera Iosaphat factaeque sunt ei infinitae divitiae et multa gloria
6 Li te fyè nan chemen SENYÈ a, e ankò li te rache wo plas yo avèk Asherim yo soti nan Juda.
cumque sumpsisset cor eius audaciam propter vias Domini etiam excelsa et lucos de Iuda abstulit
7 Konsa, nan twazyèm ane règn li a, li te voye reprezantan li yo, chèf Ben-Haïl yo, Abdias, Zacharie, Nethaneel, avèk Michée pou enstwi nan vil a Juda yo;
tertio autem anno regni sui misit de principibus suis Benail et Obdiam et Zacchariam et Nathanahel et Micheam ut docerent in civitatibus Iuda
8 epi avèk yo Levit yo, Schemaeja, Nethania, Zebadia, Adonija, Tobija ak Tob-Adonija; epi avèk yo, prèt yo, Élischama avèk Joram.
et cum eis Levitas Semeiam et Nathaniam et Zabadiam Asahel quoque et Semiramoth et Ionathan Adoniam et Tobiam et Tobadoniam Levitas et cum eis Elisama et Ioram sacerdotes
9 Yo te enstwi Juda avèk liv lalwa SENYÈ a ke yo te genyen avèk yo. Konsa, yo te ale toupatou nan tout vil Juda yo pou te enstwi pami pèp la.
docebantque in Iuda habentes librum legis Domini et circuibant cunctas urbes Iuda atque erudiebant populum
10 Alò, lakrent SENYÈ a te sou tout wayòm ki te antoure Juda yo, jiskaske yo pa t fè lagè kont Josaphat.
itaque factus est pavor Domini super omnia regna terrarum quae erant per gyrum Iuda nec audebant bellare contra Iosaphat
11 Kèk nan Filisten yo te pote kado avèk lò kòm pèyman bay Josaphat. Arabyen yo tou te pote bann bèt ba li, sèt-mil-sèt-san belye ak sèt-mil-sèt-san mal kabrit.
sed et Philisthei Iosaphat munera deferebant et vectigal argenti Arabes quoque adducebant pecora arietum septem milia septingentos et hircos totidem
12 Josaphat te vin grandi de plizanplis e li te bati fò avèk vil depo nan Juda.
crevit ergo Iosaphat et magnificatus est usque in sublime atque aedificavit in Iuda domos ad instar turrium urbesque muratas
13 Li te gen anpil depo nan vil a Juda yo ak gèrye yo, mesye ki plen kouraj Jérusalem yo.
et multa opera patravit in urbibus Iuda viri quoque bellatores et robusti erant in Hierusalem
14 Men kontwòl selon lakay a papa zansèt yo: nan Juda, chèf a dè milye yo, Adna, chèf la avèk twa-san-mil mesye plen kouraj;
quorum iste numerus per domos atque familias singulorum in Iuda principes exercitus Ednas dux et cum eo robustissimorum trecenta milia
15 epi akote li, Jochanan, chèf la, avèk de-san-katre-ven-mil mesye plen kouraj;
post hunc Iohanan princeps et cum eo ducenta octoginta milia
16 epi akote li, Amasia, fis a Zicri a, ki te konsakre volontèman a SENYÈ a, avèk de-san-mil mesye plen kouraj.
post istum quoque Amasias filius Zechri consecratus Domino et cum eo ducenta milia virorum fortium
17 Pou Benjamin: Éliada, yon nonm plen kouraj, avèk de-san-mil mesye lame avèk banza ak boukliye defans,
hunc sequebatur robustus ad proelia Heliada et cum eo tenentium arcum et clypeum ducenta milia
18 epi akote li, Zozobad, avèk san-katreven-mil mesye pou fè lagè.
post istum etiam Iozabath et cum eo centum octoginta milia expeditorum militum
19 Se te sila ki te nan sèvis wa yo, yo pa menm konte sila ke wa a te pozisyone nan tout vil fòtifye pami tout Juda yo.
hii omnes erant ad manum regis exceptis aliis quos posuerat in urbibus muratis et in universo Iuda

< 2 Istwa 17 >