< 2 Istwa 12 >
1 Lè wayòm a Roboam nan te fin etabli e li te gen fòs, li menm ak tout Israël avèk li te abandone lalwa SENYÈ a.
Sucedeu pois que, havendo Roboão confirmado o reino, e havendo-se fortalecido, deixou a lei do Senhor, e com ele todo o Israel.
2 Konsa, li te vin rive nan senkyèm ane a Roboam nan, akoz yo pa t fidèl a SENYÈ a, ke Schischak, wa Égypte la, te monte kont Jérusalem,
Pelo que sucedeu, no ano quinto do rei Roboão, que Sisak, rei do Egito, subiu contra Jerusalém (porque tinham transgredido contra o Senhor)
3 avèk mil-de-san cha ak swasann-di-mil chevalye. Epi moun ki te vini avèk li soti an Égypte yo te depase kontwòl: Libyen yo, Sikyen ak Etyopyen yo.
Com mil e duzentos carros, e com sessenta mil cavaleiros; e era inumerável a gente que vinha com ele do Egito, de lybios, suchitas e ethiopes.
4 Li te kaptire vil fòtifye Juda yo, e li te rive jis Jérusalem.
E tomou as cidades fortes, que Judá tinha; e veio a Jerusalém.
5 Epi Schemaeja, pwofèt la, te vin kote Roboam avèk chèf Juda ki te rasanble nan Jérusalem akoz Schischak yo, e li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Ou te abandone Mwen, e pou sa, Mwen te abandone ou bay Schischak.’”
Então veio Semaias, o profeta, a Roboão e aos príncipes de Judá que se ajuntaram em Jerusalém por causa de Sisak, e disse-lhes: Assim diz o Senhor: Vós me deixastes a mim, pelo que eu também vos deixei na mão de Sisak.
6 Pou sa, chèf Israël yo avèk wa a te imilye yo. Yo te di: “SENYÈ a jis.”
Então se humilharam os príncipes de Israel, e o rei, e disseram: O Senhor é justo.
7 Lè SENYÈ a te wè ke yo te imilye yo, pawòl SENYÈ a te vini a Schemaeja, e te di: “Yo te imilye yo. Pou sa, Mwen p ap detwi yo, men Mwen va ba yo yon mezi delivrans, e lakòlè Mwen p ap vide sou Jérusalem pa mwayen a Schischak.
Vendo pois o Senhor que se humilhavam, veio a palavra do Senhor a Semaias, dizendo: Humilharam-se, não os destruirei; antes em breve lhes darei lugar d'escaparem, para que o meu furor se não derrame sobre Jerusalém, por mão de Sisak.
8 Men yo va devni esklav li, pou yo kab vin konprann antre sèvi Mwen ak sèvi wayòm lòt peyi yo.”
Porém serão seus servos: para que conheçam a diferença da minha servidão e da servidão dos reinos da terra
9 Konsa Schischak, wa Égypte la, te monte kont Jérusalem, e li te pran tout trezò lakay SENYÈ a ak trezò nan palè wa a. Li te pran tout bagay.
Subiu pois Sisak, rei do Egito, contra Jerusalém, e tomou os tesouros da casa do Senhor, e os tesouros da casa do rei; levou tudo: também tomou os escudos de ouro, que Salomão fizera.
10 Konsa, Wa Roboam te fè boukliye defans an bwonz pou ranplase yo, e li te mete yo anba pwotèj a kòmandan gad ki te gadyen pòtay lakay wa yo.
E fez o rei Roboão em lugar deles escudos de cobre, e os entregou na mão dos capitães da guarda, que guardavam a porta da casa do rei.
11 Depi wa a te antre lakay SENYÈ a, gad yo te pote yo vini, e apre, yo te mennen yo tounen nan chanm gad yo.
E sucedeu que, entrando o rei na casa do Senhor, vinham os da guarda, e os traziam, e os tornavam a pôr na câmara da guarda.
12 Epi lè li te fin imilye li, lakòlè SENYÈ a te vire kite li, pou l pa ta detwi nèt; epi anplis, tout bagay te mache byen an Juda.
E humilhando-se ele, a ira do Senhor se desviou dele, para que o não destruisse de todo; porque ainda em Judá havia boas coisas.
13 Konsa, Wa Roboam te ranfòse tèt li Jérusalem, e li te renye. Alò, Roboam te gen laj karanteyen ane lè li te kòmanse renye, e li te renye di-sèt-ane Jérusalem, vil ke SENYÈ a te chwazi soti nan tout tribi Israël yo pou mete non Li an. Epi non manman li te Naama, Amoreyèn nan.
Fortificou-se pois o rei Roboão em Jerusalém, e reinou; porque Roboão era da idade de quarenta e um anos, quando começou a reinar; e dezesete anos reinou em Jerusalém, a cidade que o Senhor escolheu dentre todas as tribos de Israel, para pôr ali o seu nome; e era o nome de sua mãe Naama, amonita.
14 Li te fè mal, paske li pa t aplike kè l pou konnen SENYÈ a.
E fez o que era mal; porquanto não preparou o seu coração para buscar ao Senhor.
15 Alò, zèv a Roboam yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, èske yo pa ekri nan rekò a Schemaeja yo, pwofèt a Iddo a, konseye a, selon anrejistreman zansèt yo? Epi te gen lagè kont Roboam avèk Jéroboam tout tan.
Os sucessos pois de Roboão, assim os primeiros, como os últimos, porventura não estão escritos nos livros de Semaias, o profeta, e de Iddo, o vidente, na relação das genealogias? E havia guerras entre Roboão e Jeroboão em todos os seus dias.
16 Konsa, Roboam te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere nan lavil David la. Epi fis li a, Abija te vin wa nan plas li.
E Roboão dormiu com seus pais, e foi sepultado na cidade de David: e Abias, seu filho, reinou em seu lugar.