< 2 Istwa 11 >
1 Alò, lè Roboam te vini Jérusalem. Li te rasanble lakay Juda avèk Benjamin, san-katre-ven-mil mesye byen chwazi ki te gèrye, pou goumen kont Israël pou reprann wayòm nan pou Roboam.
羅波安來到耶路撒冷,招聚猶大家和便雅憫家,共十八萬人,都是挑選的戰士,要與以色列人爭戰,好將國奪回再歸自己。
2 Men pawòl SENYÈ a te vini a Schemaeja, nonm Bondye a, Li te di:
但耶和華的話臨到神人示瑪雅說:
3 “Pale a Roboam, fis a Salomon an, wa a Juda a ak tout Israël nan Juda avèk Benjamin pou di:
「你去告訴所羅門的兒子猶大王羅波安和住猶大、便雅憫的以色列眾人說,
4 ‘Konsa pale SENYÈ a: “Nou pa pou monte ni goumen kont fanmi pa nou yo! Retounen chak mesye yo lakay yo, paske bagay sa a sòti nan Mwen menm.”’” Konsa, yo te koute pawòl SENYÈ a, e yo te retounen pou yo pa sòti kont Jéroboam.
耶和華如此說:『你們不可上去與你們的弟兄爭戰,各歸各家去吧!因為這事出於我。』」眾人就聽從耶和華的話歸回,不去與耶羅波安爭戰。
5 Roboam te viv Jérusalem, e li te bati vil pou fè defans nan Juda.
羅波安住在耶路撒冷,在猶大地修築城邑,
6 Konsa li te bati Bethléem, Étham, Tekoa,
為保障修築伯利恆、以坦、提哥亞、
7 Beth-Tsur, Soko, Adullam,
伯‧夙、梭哥、亞杜蘭、
10 Tsorea, Ajalon avèk Hébron, ki se vil fòtifye nan Juda ak nan Benjamin.
瑣拉、亞雅崙、希伯崙。這都是猶大和便雅憫的堅固城。
11 Anplis, li te ranfòse fò yo, e li te mete kòmandan ladan yo avèk depo manje, lwil ak diven.
羅波安又堅固各處的保障,在其中安置軍長,又預備下糧食、油、酒。
12 Li te mete boukliye defans avèk lans nan chak vil yo, e li te byen fòtifye yo. Konsa, Juda avèk Benjamin te pou li.
他在各城裏預備盾牌和槍,且使城極其堅固。猶大和便雅憫都歸了他。
13 Anplis, prèt avèk Levit ki te nan tout Israël yo te kanpe avèk li soti nan landwa pa yo.
以色列全地的祭司和利未人都從四方來歸羅波安。
14 Paske Levit yo te kite tè patiraj pa yo pou te rive Juda avèk Jérusalem, paske Jéroboam te bloke sèvis yo kòm prèt SENYÈ a.
利未人撇下他們的郊野和產業,來到猶大與耶路撒冷,是因耶羅波安和他的兒子拒絕他們,不許他們供祭司職分事奉耶和華。
15 Li te etabli prèt pa li yo pou kont li pou sèvi nan wo plas yo, pou imaj bouk yo avèk jenn bèf ke li te fè yo.
耶羅波安為邱壇、為鬼魔、為自己所鑄造的牛犢設立祭司。
16 Sila yo nan tout tribi Israël ki te dispoze kè yo pou swiv SENYÈ a, Bondye Israël la, te swiv yo rive Jérusalem pou fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a.
以色列各支派中,凡立定心意尋求耶和華-以色列上帝的,都隨從利未人,來到耶路撒冷祭祀耶和華-他們列祖的上帝。
17 Yo te fòtifye wayòm Juda a, e yo te bay soutyen a Roboam, fis Salomon nan pandan twazan, paske yo te mache nan chemen David avèk Salomon an pandan twazan.
這樣,就堅固猶大國,使所羅門的兒子羅波安強盛三年,因為他們三年遵行大衛和所羅門的道。
18 Alò, Roboam te pran kòm madanm li, Mahalath, fi a Jerimoth la, fis a David la avèk Abichaïl, fi a Éliab la, fis a Jesse a.
羅波安娶大衛兒子耶利摩的女兒瑪哈拉為妻,又娶耶西兒子以利押的女兒亞比孩為妻。
19 Li te fè fis yo: Jeusch, Schemaria, avèk Zaham.
從她生了幾個兒子,就是耶烏施、示瑪利雅、撒罕。
20 Apre, li te pran Maaca, fi a Absalom an. Li te fè pou li Abija, Attaï, Ziza, avèk Schelomith.
後來又娶押沙龍的女兒瑪迦,從她生了亞比雅、亞太、細撒、示羅密。
21 Roboam te renmen Maaca, fi a Absalom an plis pase tout lòt madanm avèk ti mennaj li yo. Paske li te pran dizuit madanm avèk swasant mennaj, e li te fè venn-tuit fis ak swasant fi.
羅波安娶十八個妻,立六十個妾,生二十八個兒子,六十個女兒;他卻愛押沙龍的女兒瑪迦,比愛別的妻妾更甚。
22 Roboam te chwazi Abija, fis a Maaca a kòm chèf e dirijan pami frè li yo, paske li te gen entansyon fè l wa.
羅波安立瑪迦的兒子亞比雅作太子,在他弟兄中為首,因為想要立他接續作王。
23 Li te aji avèk sajès, e li te plase fis li yo nan tout teritwa a Juda avèk Benjamin nan tout vil fòtifye yo, e li te ba yo anpil manje. Epi li te chache anpil madanm pou yo.
羅波安辦事精明,使他眾子分散在猶大和便雅憫全地各堅固城裏,又賜他們許多糧食,為他們多尋妻子。