< 2 Istwa 10 >

1 Roboam te ale Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè l vin wa.
И прииде Ровоам в Сихем, зане в Сихем весь Израиль снидеся поставити его царем.
2 Lè Jéroboam, fis a Nebath la te tande sa, (paske li te an Égypte kote li te sove ale rive pou l kite prezans a wa Salomon), Jéroboam te retounen soti an Égypte.
И бысть егда услыша Иеровоам сын Наватов, иже бе во Египте, яко убеже от лица Соломона царя, и обита Иеровоам во Египте, и возвратися Иеровоам от Египта.
3 Pou sa, yo te voye lòd pou l vini. Lè Jéroboam avèk tout Israël te vini, yo te pale ak Roboam. Yo te di:
И послаша и призваша его. И прииде Иеровоам и все собрание Израилево ко царю Ровоаму, глаголюще:
4 “Papa ou te fè fado nou rèd. Alò, pou sa, lache sèvis di a papa ou ak fado lou a ke li te konn mete sou nou an, e nou va sèvi ou.”
отец твой ожесточи иго наше, ты же ныне ослаби от работы отца твоего жестокия и от ига его тяжкаго, еже возложи на нас, и послужим тебе.
5 Li te di yo: “Retounen kote mwen nan twa jou.” Konsa, pèp la te ale.
И рече им: поидите даже до триех дний и приидите ко мне. И отидоша людие.
6 Alò, Wa Roboam te fè konsiltasyon avèk ansyen ki te konn sèvi papa li yo, Salomon pandan li te vivan an. Li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou reponn a pèp sila a?”
И собра царь Ровоам старейшины, иже стояху пред Соломон отцем его, егда еще живяше, глаголя: каков вы даете совет отвещати людем сим?
7 Yo te pale avèk li e te di: “Si ou va aji nan dousè avèk pèp sa a, si ou va fè yo kontan e pale pawòl dous ak yo, alò, yo va vin sèvi ou nèt.”
И реша ему: аще днесь будеши во благое людем сим, и благоугодиши, и речеши им словеса благая, то послужат тебе во вся дни.
8 Men li te echwe konsèy ansyen yo te bay li yo, pou l te konsilte jennonm ki te grandi ansanm avè l e ki te kanpe devan l.
И остави совет старейшин, егоже совещаша ему: и советоваше со юношами, иже с ним воспитани бяху и стояху пред ним,
9 Konsa, li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou m ta reponn pèp sila a, ki te pale avèk mwen, ki te di: ‘Fè fado ke papa ou te konn mete sou nou an vin pi lejè?’”
и рече к ним: что вы собетуете, да отвещаю людем сим, иже реша мне, глаголюще: облегчи иго, еже наложи на ны отец твой?
10 Jennonm ki te konn grandi avèk li yo te pale avèk li. Yo te di: “Konsa ou va reponn a pèp sila ki te pale avèk ou a, ki te di: ‘Papa ou te fè jouk nou lou; men ou menm, fè l pi lejè pou nou.’ Konsa, ou va reponn yo: ‘Ti dwèt mwen pi gwo pase ren papa m!
И отвещаша ему отроцы воспитаннии с ним, глаголюще: тако речеши людем, ихже рекоша тебе, глаголюще: отец твой отягчи иго наше, ты же облегчи нам: тако отвещай к ним: менший перст мой толстее есть чресл отца моего:
11 Konsi papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete anplis sou jouk nou an. Papa m te konn disipline avèk fwèt, men mwen menm, avèk eskòpyon.’”
отец мой наложи вам тяжкое иго, аз же (тягости) приложу на иго ваше: отец мой бил вас бичми, аз же буду бити вас скорпионами.
12 Konsa, Jéroboam avèk tout pèp la te parèt a Roboam nan twazyèm jou a jan wa a te mande lè l te di: “Retounen kote mwen nan twazyèm jou a.”
И прииде Иеровоам и вси людие к Ровоаму в день третий, якоже повеле им царь, глаголя: возвратитеся ко мне в день третий.
13 Wa a te reponn yo byen di, e Wa Roboam te echwe konsèy a ansyen yo.
И отвеща царь жестоко, и остави царь Ровоам совет старейшин, и рече к ним по совету юнош, глаголя:
14 Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e li te di: “Papa m te konn fè jouk nou lou, men mwen va mete anplis sou li. Papa m te fè disiplin avèk fwèt, men mwen va fè disiplin avèk eskòpyon.”
отец мой отяготи иго ваше, аз же приложу к нему: отец мой бил вас бичми, аз же бити буду вы скорпионами.
15 Konsa, wa a pa t koute pèp la, paske sa se te yon boulvèsman ki te soti nan Bondye, pou SENYÈ a ta kapab etabli pawòl ke Li te pale pa Achija, Silonit lan, a Jéroboam nan, fis a Nebath la.
И не послуша царь людий, яко бе превращение от Бога, глаголя: возстави Господь слово Свое, еже глагола рукою Ахии Силониты о Иеровоаме сыне Наватове
16 Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di: “Ki pòsyon nou gen nan David? Nanpwen eritaj pou nou nan fis Jesse a! Tout gason rive nan tant ou, O Israël! Koulye a, David, okipe pwòp lakay ou!” Konsa, tout Israël te pati rive nan tant yo.
и о всем Израили, зане не послуша царь их. И отвещаша людие ко царю, глаголюще: кая нам часть в Давиде и наследие в сыне Иессееве? Возвратися в жилища твоя, Израилю, ныне смотри дому твоего, Давиде. И иде весь Израиль в жилища своя.
17 Men pou fis Israël ki te rive nan vil a Juda yo, Roboam te renye sou yo.
Мужие же Израилевы, иже обитаху во градех Иудиных, воцариша над собою Ровоама.
18 Epi Wa Roboam te voye Hadoram ki te chèf kòve yo, e fis Israël yo te lapide li ak kout wòch jiskaske li te mouri. Wa Roboam te fè vit monte cha li pou sove ale rive Jérusalem.
И посла царь Ровоам к ним Адонирама бывша над даньми, и камением побиша его сынове Израилевы, и умре. И услыша царь Ровоам, и потщася взыти на колесницу, и побеже во Иерусалим.
19 Konsa, Israël te vin nan rebelyon kont kay David la jis rive jodi a.
И отвержеся Израиль от дому Давидова даже до дне сего.

< 2 Istwa 10 >