< 2 Istwa 1 >

1 Alò Salomon, fis a David la te etabli li menm byen solid sou wayòm li an. SENYÈ a, Bondye li a, te avèk li e Li te egzalte li anpil.
Když se pak zmocnil Šalomoun syn Davidův v království svém, a Hospodin Bůh jeho byl s ním, a zvelebil ho náramně:
2 Salomon te pale a tout Israël, a kòmandan a dè milye yo e dè santèn yo, a jij yo e tout moun nan sila ki t ap dirije nan tout Israël yo, chèf lakay zansèt pa yo.
Tedy rozkázal Šalomoun všemu Izraelovi i hejtmanům, setníkům i soudcům, i všechněm knížatům nade vším Izraelem, i přednějším v čeledech otcovských.
3 Konsa, Salomon avèk tout asanble a avèk li menm te monte nan wo plas ki te Gabaon an; paske tant asanble a Bondye ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te fè nan dezè a, te la.
I bral se Šalomoun a všecko to shromáždění s ním na výsost, kteráž byla v Gabaon; nebo tam byl stánek shromáždění Božího, kterýž byl udělal Mojžíš služebník Hospodinův na poušti.
4 Sepandan, David te gen tan mennen fè monte lach Bondye a soti Kirjath-Jearim nan plas li te prepare pou li. Paske li te fè monte yon tant pou li Jérusalem.
(Truhlu pak Boží přivezl byl David z Kariatjeharim, připraviv jí místo; nebo byl rozbil jí stan v Jeruzalémě.)
5 Alò, lotèl an bwonz ke Betsaleel, fis a Uri a, te fè a te la devan tabènak SENYÈ a, e Salomon avèk asanble a te chache jwenn li.
A oltář měděný, kterýž byl udělal Bezeleel syn Uri, syna Hur, byl tam před stánkem Hospodinovým, kdež hledal ho Šalomoun i všecko to shromáždění.
6 Salomon te monte la devan SENYÈ a kote lotèl an bwonz nan tant asanble a, e li te ofri yon mil ofrann brile sou li.
I obětoval tam Šalomoun před Hospodinem na oltáři měděném, kterýž byl před stánkem úmluvy, a obětoval na něm tisíc zápalů.
7 Nan lannwit, Bondye te parèt a Salomon. Li te di l: “Mande M sa pou M ta ba ou.”
Té noci ukázal se Bůh Šalomounovi, a řekl jemu: Žádej, zač chceš, a dám tobě.
8 Salomon te reponn a Bondye: “Ou te aji avèk papa m David avèk anpil lanmou dous, e Ou te fè m wa nan plas li.
I řekl Šalomoun Bohu: Ty jsi učinil otci mému Davidovi milosrdenství veliké, mne jsi též ustanovil králem místo něho.
9 Koulye a, O SENYÈ Bondye, Sa Ou te pwomèt a papa m nan, David, akonpli. Paske Ou te fè m wa sou yon pèp ki gran an kantite tankou pousyè latè.
Již tedy, Hospodine Bože, budiž stálé slovo tvé mluvené s Davidem otcem mým; nebo ty jsi mne ustanovil za krále nad lidem tak mnohým, jako jest prachu zemského.
10 Koulye a, ban mwen sajès avèk konesans, pou m kab antre sòti devan pèp sa a, paske se kilès ki kab gouvène gran pèp Ou sa a?”
Protož dej mi moudrost a umění, aťbych vycházeti mohl před lidem tímto i vcházeti. Nebo kdož by mohl souditi tento lid tvůj tak mnohý?
11 Bondye te di a Salomon: “Akoz ou te gen sa nan tèt ou e ou pa t mande richès, ni byen, ni lonè, ni lavi a sila ki rayi ou yo, ni ou pa t menm mande pou yon vi long, men ou te mande pou kont ou sajès pou ou ta kab gouvène pèp Mwen an, sou sila Mwen te fè ou wa a,
Tedy odpověděl Bůh Šalomounovi: Proto že bylo to v srdci tvém, a nežádal jsi bohatství, ani zboží, ani slávy, ani bezživotí těch, jenž tebe nenávidí, aniž jsi také za dlouhý věk žádal, ale žádal jsi sobě moudrosti a umění, abys soudil lid můj, nad nímž jsem tě ustanovil za krále:
12 sajès avèk konesans gen tan bay a ou menm. Epi Mwen va ba ou richès avèk byen, avèk lonè, tankou okenn nan wa avan ou yo pa t janmen genyen, ni sila ki va swiv ou yo.”
Moudrost a umění dáno jest tobě, k čemužť přidám i bohatství a zboží, i slávy, tak že žádný z králů, kteříž byli před tebou, nebyl tobě rovný, aniž bude po tobě takového.
13 Konsa, Salomon te sòti nan kote wo ki te Gabaon an, li te soti nan tant asanble a, pou rive Jérusalem; e li te renye sou tout Israël.
I navrátil se Šalomoun s výsosti, kteráž byla v Gabaon, do Jeruzaléma, od stánku úmluvy, a tak kraloval nad Izraelem.
14 Salomon te vin gen cha avèk chevalye. Li te gen mil-kat-san cha avèk douz-mil chevalye e li te estasyone yo nan vil cha yo epi ak wa a nan Jérusalem.
Nashromáždil pak Šalomoun vozů a jezdců, a měl tisíc a čtyři sta vozů, a dvanácte tisíc jezdců, kteréž rozsadil do měst vozů, a při králi v Jeruzalémě.
15 Wa a te fè ajan avèk lò vin an kantite Jérusalem, menm jan avèk wòch, e li te fè bwa sèd vin anpil tankou bwa sikomò nan ba plèn nan.
I složil král stříbra a zlata v Jeruzalémě jako kamení, a dříví cedrového jako planého fíkoví, kteréž roste v údolí u velikém množství.
16 Cheval Salomon yo te enpòte soti an Égypte ak Kue. Komèsan a wa yo te achte yo nan Kue.
Přivodili také Šalomounovi koně z Egypta a koupě rozličné; nebo kupci královští brávali koupě rozličné za slušnou mzdu.
17 Yo te enpòte cha yo soti an Égypte pou sis-san sik ajan chak, cheval yo pou san-senkant chak, e pa menm mwayen an, yo te fè distribisyon a tout wa Etyen yo avèk wa Siryen yo.
A vycházejíce, vodívali spřež vozníků z Egypta za šest set lotů stříbra, koně pak za půl druhého sta. A tak všechněm králům Hetejským i králům Syrským oni dodávali.

< 2 Istwa 1 >