< 1 Timote 5 >
1 Pa bay repwòch ki di a yon granmoun, men, de preferans, rezone ak li tankou yon papa, a jèn mesye yo tankou frè yo,
ตฺวํ ปฺราจีนํ น ภรฺตฺสย กินฺตุ ตํ ปิตรมิว ยูนศฺจ ภฺราตฺฤนิว
2 a fanm avanse nan laj yo tankou manman, e jèn fanm yo tankou sè. Ak tout, san tach.
วฺฤทฺธา: สฺตฺริยศฺจ มาตฺฤนิว ยุวตีศฺจ ปูรฺณศุจิเตฺวน ภคินีริว วินยสฺวฯ
3 Onore vèv ki vrèman vèv yo;
อปรํ สตฺยวิธวา: สมฺมนฺยสฺวฯ
4 men si yon vèv gen pitit, oswa pitit pitit, yo dwe, dabò, aprann pratike respè anvè pwòp fanmi pa yo, e repaye pwòp paran pa yo, paske sa akseptab devan zye Bondye.
กสฺยาศฺจิทฺ วิธวายา ยทิ ปุตฺรา: เปาตฺรา วา วิทฺยนฺเต ตรฺหิ เต ปฺรถมต: สฺวียปริชนานฺ เสวิตุํ ปิโตฺร: ปฺรตฺยุปกรฺตฺตุญฺจ ศิกฺษนฺตำ ยตสฺตเทเวศฺวรสฺย สากฺษาทฺ อุตฺตมํ คฺราหฺยญฺจ กรฺมฺมฯ
5 Alò, sila ki vrèman yon vèv, e ki kite sèl la, fikse tout espwa l sou Bondye e kontinye nan siplikasyon ak lapriyè lajounen kon lannwit.
อปรํ ยา นารี สตฺยวิธวา นาถหีนา จาสฺติ สา อีศฺวรสฺยาศฺรเย ติษฺฐนฺตี ทิวานิศํ นิเวทนปฺรารฺถนาภฺยำ กาลํ ยาปยติฯ
6 Men sila ki viv nan plezi a, mouri menm pandan ke li ap viv la.
กินฺตุ ยา วิธวา สุขโภคาสกฺตา สา ชีวตฺยปิ มฺฤตา ภวติฯ
7 Preskri bagay sa yo tou pou yo kapab vin san repwòch.
อเตอว ตา ยทฺ อนินฺทิตา ภเวยูสฺตทรฺถมฺ เอตานิ ตฺวยา นิทิศฺยนฺตำฯ
8 Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.
ยทิ กศฺจิตฺ สฺวชาตียานฺ โลกานฺ วิเศษต: สฺวียปริชนานฺ น ปาลยติ ตรฺหิ ส วิศฺวาสาทฺ ภฺรษฺโฏ 'ปฺยธมศฺจ ภวติฯ
9 Yon vèv dwe mete nan lis la sèlman si li pa gen mwens ke swasant ane, e te madanm a yon sèl moun,
วิธวาวรฺเค ยสฺยา คณนา ภวติ ตยา ษษฺฏิวตฺสเรโภฺย นฺยูนวยสฺกยา น ภวิตวฺยํ; อปรํ ปูรฺวฺวมฺ เอกสฺวามิกา ภูตฺวา
10 avèk repitasyon bon zèv, si li te elve timoun, si li te konn resevwa etranje byen, si li te lave pye a sen yo, si li te konn ede sila ki nan gwo pwoblèm yo, e si li te devwe tèt li a tout bon zèv.
สา ยตฺ ศิศุโปษเณนาติถิเสวเนน ปวิตฺรโลกานำ จรณปฺรกฺษาลเนน กฺลิษฺฏานามฺ อุปกาเรณ สรฺวฺววิธสตฺกรฺมฺมาจรเณน จ สตฺกรฺมฺมกรณาตฺ สุขฺยาติปฺราปฺตา ภเวตฺ ตทปฺยาวศฺยกํฯ
11 Men refize mete jèn vèv nan lis la, paske lè yo vin gen dezi sansyèl kont Kris la, y ap vle marye.
กินฺตุ ยุวตี รฺวิธวา น คฺฤหาณ ยต: ขฺรีษฺฏสฺย ไวปรีเตฺยน ตาสำ ทรฺเป ชาเต ตา วิวาหมฺ อิจฺฉนฺติฯ
12 Konsa y ap vin merite kondanasyon paske yo mete sou kote ve ke yo te fè deja a.
ตสฺมาจฺจ ปูรฺวฺวธรฺมฺมํ ปริตฺยชฺย ทณฺฑนียา ภวนฺติฯ
13 An menm tan an, yo va aprann vin parese, pandan yo prale de kay an kay. E pa senpleman parese, men osi nan fè tripotay ak antre bouch nan zafè a moun, nan pale bagay ki pa bon pou pale.
อนนฺตรํ ตา คฺฤหาทฺ คฺฤหํ ปรฺยฺยฏนฺตฺย อาลสฺยํ ศิกฺษนฺเต เกวลมาลสฺยํ นหิ กินฺตฺวนรฺถกาลาปํ ปราธิการจรฺจฺจาญฺจาปิ ศิกฺษมาณา อนุจิตานิ วากฺยานิ ภาษนฺเตฯ
14 Konsa, mwen vle jèn vèv yo marye, fè pitit, okipe kay, pou pa bay lènmi an plas pou repwòch.
อโต มเมจฺเฉยํ ยุวโตฺย วิธวา วิวาหํ กุรฺวฺวตามฺ อปตฺยวโตฺย ภวนฺตุ คฺฤหกรฺมฺม กุรฺวฺวตาญฺเจตฺถํ วิปกฺษาย กิมปิ นินฺทาทฺวารํ น ททตุฯ
15 Paske kèk nan yo deja detounen pou swiv Satan.
ยต อิต: ปูรฺวฺวมฺ อปิ กาศฺจิตฺ ศยตานสฺย ปศฺจาทฺคามิโนฺย ชาตา: ฯ
16 Si yon fanm ki se yon kwayan gen vèv ki depann de li, li dwe asiste yo e legliz la pa dwe pote chaj sa a, pou li kapab asiste sila ki vrèman vèv yo.
อปรํ วิศฺวาสินฺยา วิศฺวาสิโน วา กสฺยาปิ ปริวาราณำ มเธฺย ยทิ วิธวา วิทฺยนฺเต ตรฺหิ ส ตา: ปฺรติปาลยตุ ตสฺมาตฺ สมิเตา ภาเร 'นาโรปิเต สตฺยวิธวานำ ปฺรติปาลนํ กรฺตฺตุํ ตยา ศกฺยเตฯ
17 Ansyen ki dirije byen yo, dwe konsidere dign de doub onè, sitou sila ki travay di nan predikasyon ak enstriksyon yo.
เย ปฺราญฺจ: สมิตึ สมฺยคฺ อธิติษฺฐนฺติ วิเศษต อีศฺวรวาเกฺยโนปเทเศน จ เย ยตฺนํ วิทธเต เต ทฺวิคุณสฺยาทรสฺย โยคฺยา มานฺยนฺตำฯ
18 Paske Lekriti a di: “Nou pa dwe mete mizo nan bouch a bèf la pandan l ap moulen sereyal la,” epi: “Ouvriye a dign de salè li.”
ยสฺมาตฺ ศาสฺเตฺร ลิขิตมิทมาเสฺต, ตฺวํ ศสฺยมรฺทฺทกวฺฤษสฺยาสฺยํ มา พธาเนติ, อปรมปิ การฺยฺยกฺฤทฺ เวตนสฺย โยโคฺย ภวตีติฯ
19 Pa resevwa yon akizasyon kont yon ansyen eksepte sou baz a de oswa twa temwen.
เทฺวา ตฺรีนฺ วา สากฺษิโณ วินา กสฺยาจิตฺ ปฺราจีนสฺย วิรุทฺธมฺ อภิโยคสฺตฺวยา น คฺฤหฺยตำฯ
20 Sila ki kontinye nan peche yo repwoche yo nan prezans a tout moun, pou lòt yo tou kapab pè fè peche.
อปรํ เย ปาปมาจรนฺติ ตานฺ สรฺเวฺวษำ สมกฺษํ ภรฺตฺสยสฺว เตนาปเรษามปิ ภีติ รฺชนิษฺยเตฯ
21 Mwen solanèlman chaje ou nan prezans a Bondye, a Kris Jésus e a zanj chwazi Li yo, pou kenbe prensip sa yo san favorize pèsòn, e pa fè anyen nan yon lespri patipri.
อหมฺ อีศฺวรสฺย ปฺรโภ รฺยีศุขฺรีษฺฏสฺย มโนนีตทิวฺยทูตานาญฺจ โคจเร ตฺวามฺ อิทมฺ อาชฺญาปยามิ ตฺวํ กสฺยาปฺยนุโรเธน กิมปิ น กุรฺวฺวน วินาปกฺษปาตมฺ เอตาน วิธีนฺ ปาลยฯ
22 Pa poze men sou okenn moun twò vit, e konsa vin pataje nan peche a lòt yo. Kenbe tèt ou lib de peche.
กสฺยาปิ มูรฺทฺธิ หสฺตาปรฺณํ ตฺวรยา มาการฺษี: ฯ ปรปาปานาญฺจำศี มา ภวฯ สฺวํ ศุจึ รกฺษฯ
23 Pa bwè dlo sèl ankò, men pran yon ti diven pou koz a vant ou ak maladi yo k ap boulvèse ou.
อปรํ ตโวทรปีฑายา: ปุน: ปุน ทุรฺพฺพลตายาศฺจ นิมิตฺตํ เกวลํ โตยํ น ปิวนฺ กิญฺจินฺ มทฺยํ ปิวฯ
24 Peche kèk moun vin toutafè klè, li ale devan yo pou jijman. Pou lòt yo, peche pa yo vini aprè yo.
เกษาญฺจิตฺ มานวานำ ปาปานิ วิจาราตฺ ปูรฺวฺวํ เกษาญฺจิตฺ ปศฺจาตฺ ปฺรกาศนฺเตฯ
25 Menm jan an tou, zèv ki bon yo toutafè klè, e sila ki pa konsa yo, p ap kapab kache.
ตไถว สตฺกรฺมฺมาณฺยปิ ปฺรกาศนฺเต ตทนฺยถา สติ ปฺรจฺฉนฺนานิ สฺถาตุํ น ศกฺนุวนฺติฯ