< 1 Timote 4 >
1 Men Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo,
པཝིཏྲ ཨཱཏྨཱ སྤཥྚམ྄ ཨིདཾ ཝཱཀྱཾ ཝདཏི ཙརམཀཱལེ ཀཏིཔཡལོཀཱ ཝཧྣིནཱངྐིཏཏྭཱཏ྄
2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho;
ཀཋོརམནསཱཾ ཀཱཔཊྱཱད྄ ཨནྲྀཏཝཱདིནཱཾ ཝིཝཱཧནིཥེདྷཀཱནཱཾ བྷཀྵྱཝིཤེཥནིཥེདྷཀཱནཱཉྩ
3 moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo.
བྷཱུཏསྭརཱུཔཱཎཱཾ ཤིཀྵཱཡཱཾ བྷྲམཀཱཏྨནཱཾ ཝཱཀྱེཥུ ཙ མནཱཾསི ནིཝེཤྱ དྷརྨྨཱད྄ བྷྲཾཤིཥྱནྟེ། ཏཱནི ཏུ བྷཀྵྱཱཎི ཝིཤྭཱསིནཱཾ སྭཱིཀྲྀཏསཏྱདྷརྨྨཱཎཱཉྩ དྷནྱཝཱདསཧིཏཱཡ བྷོགཱཡེཤྭརེཎ སསྲྀཛིརེ།
4 Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li resevwa avèk remèsiman,
ཡཏ ཨཱིཤྭརེཎ ཡདྱཏ྄ སྲྀཥྚཾ ཏཏ྄ སཪྻྭམ྄ ཨུཏྟམཾ ཡདི ཙ དྷནྱཝཱདེན བྷུཛྱཏེ ཏརྷི ཏསྱ ཀིམཔི ནཱགྲཱཧྱཾ བྷཝཏི,
5 paske li sanktifye pa mwayen pawòl Bondye a ak lapriyè.
ཡཏ ཨཱིཤྭརསྱ ཝཱཀྱེན པྲཱརྠནཡཱ ཙ ཏཏ྄ པཝིཏྲཱིབྷཝཏི།
6 Nan montre bagay sa yo a frè yo, nou va yon bon sèvitè a Kris Jésus, e nou va nouri tout tan nan pawòl lafwa ak bon doktrin ke nou deja ap swiv yo.
ཨེཏཱནི ཝཱཀྱཱནི ཡདི ཏྭཾ བྷྲཱཏྲྀན྄ ཛྙཱཔཡེསྟརྷི ཡཱིཤུཁྲཱིཥྚསྱོཏྟམ྄ཿ པརིཙཱརཀོ བྷཝིཥྱསི ཡོ ཝིཤྭཱསོ ཧིཏོཔདེཤཤྩ ཏྭཡཱ གྲྀཧཱིཏསྟདཱིཡཝཱཀྱཻརཱཔྱཱཡིཥྱསེ ཙ།
7 Men pa okipe vye listwa mond yo ki fèt pou vye fanm yo. Sou lòt kote, disipline tèt ou pou vi sentete a.
ཡཱནྱུཔཱཁྱཱནཱནི དུརྦྷཱཝཱནི ཝྲྀདྡྷཡོཥིཏཱམེཝ ཡོགྱཱནི ཙ ཏཱནི ཏྭཡཱ ཝིསྲྀཛྱནྟཱམ྄ ཨཱིཤྭརབྷཀྟཡེ ཡཏྣཿ ཀྲིཡཏཱཉྩ།
8 Paske disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.
ཡཏཿ ཤཱརཱིརིཀོ ཡཏྣཿ སྭལྤཕལདོ བྷཝཏི ཀིནྟྭཱིཤྭརབྷཀྟིརཻཧིཀཔཱརཏྲིཀཛཱིཝནཡོཿ པྲཏིཛྙཱཡུཀྟཱ སཏཱི སཪྻྭཏྲ ཕལདཱ བྷཝཏི།
9 Sa se yon vrè Pawòl ki merite aksepte pa tout moun.
ཝཱཀྱམེཏད྄ ཝིཤྭསནཱིཡཾ སཪྻྭཻ རྒྲཧཎཱིཡཉྩ ཝཡཉྩ ཏདརྠམེཝ ཤྲཱམྱཱམོ ནིནྡཱཾ བྷུཾཛྨཧེ ཙ།
10 Paske se pou sa nou travay ak fè efò a. Nou gen tan fikse esperans nou sou Bondye vivan an, ki se Sovè a tout moun, sitou a kwayan yo.
ཡཏོ ཧེཏོཿ སཪྻྭམཱནཝཱནཱཾ ཝིཤེཥཏོ ཝིཤྭཱསིནཱཾ ཏྲཱཏཱ ཡོ྅མར ཨཱིཤྭརསྟསྨིན྄ ཝཡཾ ཝིཤྭསཱམཿ།
11 Preskri e enstwi bagay sa yo.
ཏྭམ྄ ཨེཏཱནི ཝཱཀྱཱནི པྲཙཱརཡ སམུཔདིཤ ཙ།
12 Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm yon egzanp a sila ki kwè yo.
ཨལྤཝཡཥྐཏྭཱཏ྄ ཀེནཱཔྱཝཛྙེཡོ ན བྷཝ ཀིནྟྭཱལཱཔེནཱཙརཎེན པྲེམྣཱ སདཱཏྨཏྭེན ཝིཤྭཱསེན ཤུཙིཏྭེན ཙ ཝིཤྭཱསིནཱམ྄ ཨཱདརྴོ བྷཝ།
13 Jiskaske m vini, bay enpòtans a li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.
ཡཱཝནྣཱཧམ྄ ཨཱགམིཥྱཱམི ཏཱཝཏ྄ ཏྭ པཱཋེ ཙེཏཡནེ ཨུཔདེཤེ ཙ མནོ ནིདྷཏྶྭ།
14 Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk men Ansyen ki te poze sou ou yo.
པྲཱཙཱིནགཎཧསྟཱརྤཎསཧིཏེན བྷཝིཥྱདྭཱཀྱེན ཡདྡཱནཾ ཏུབྷྱཾ ཝིཤྲཱཎིཏཾ ཏཝཱནྟཿསྠེ ཏསྨིན྄ དཱནེ ཤིཐིལམནཱ མཱ བྷཝ།
15 Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun.
ཨེཏེཥུ མནོ ནིཝེཤཡ, ཨེཏེཥུ ཝརྟྟསྭ, ཨིཏྠཉྩ སཪྻྭཝིཥཡེ ཏཝ གུཎཝྲྀདྡྷིཿ པྲཀཱཤཏཱཾ།
16 Prete anpil atansyon a tèt ou e ak enstriksyon ou an. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè ou fè sa, ou va asire Sali tèt ou ak sila ki tande ou yo.
སྭསྨིན྄ ཨུཔདེཤེ ཙ སཱཝདྷཱནོ བྷཱུཏྭཱཝཏིཥྛསྭ ཏཏ྄ ཀྲྀཏྭཱ ཏྭཡཱཏྨཔརིཏྲཱཎཾ ཤྲོཏྲྀཎཱཉྩ པརིཏྲཱཎཾ སཱདྷཡིཥྱཏེ།