< 1 Timote 2 >
1 Dabò, alò, mwen ankouraje pou siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun,
I exhort therefore, first of all, that petitions, prayers, intercessions, and thanksgivings, be made for all people:
2 pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.
for kings and all who are in high places; that we may lead a tranquil and quiet life in all godliness and reverence.
3 Sa bon e akseptab nan zye Bondye, Sovè nou an,
For this is good and acceptable in the sight of God our Savior;
4 ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a.
who desires all people to be saved and come to full knowledge of the truth.
5 Paske gen yon Bondye, yon medyatè osi antre Bondye ak lòm, ki se nonm nan, Jésus Kri,
For there is one God, and one mediator between God and humanity, a human, Meshikha Yeshua,
6 ki te bay tèt li kòm ranson pou tout moun, temwayaj ke Li te bay nan pwòp lè li a.
who gave himself as a ransom for all; the testimony in its own times;
7 Pou sa, mwen te chwazi kòm predikatè ak apot (m ap bannou verite, mwen p ap bannou manti), kòm yon mèt pou enstwi pèp etranje yo nan lafwa ak verite a.
to which I was appointed a preacher and an apostle (I am telling the truth, I am not lying), a teacher of the non-Jews in faith and truth.
8 Konsa, mwen vle moun tout kote priye; vin leve men sen yo, san kòlè ak doute.
I desire therefore that the men in every place pray, lifting up holy hands without anger and doubting.
9 Menm jan an, mwen vle fanm yo abiye yo menm avèk vètman ki kòrèk, senp e avèk desans, pa avèk cheve trese ak lò oswa pèl oswa rad ki koute chè,
In the same way, that women also adorn themselves in decent clothing, with modesty and propriety; not just with braided hair, gold, pearls, or expensive clothing;
10 men, de preferans, pa mwayen a bon zèv, jan sa kòrèk pou fanm ki nonmen non Bondye yo.
but (which becomes women professing godliness) with good works.
11 Yon fanm dwe resevwa enstriksyon an silans ak tout soumisyon.
Let a woman learn in quietness with all subjection.
12 Men mwen pa pèmèt yon fanm enstwi oubyen ekzèse otorite sou yon gason, men li rete an silans.
But I do not permit a woman to teach, nor to exercise authority over a man, but to be in quietness.
13 Paske se te Adam ki te kreye avan, e answit, Eve.
For Adom was first formed, then Khawa.
14 Epi se pa t Adam ki te twonpe a, men fanm nan te twonpe, e yo te tonbe nan transgresyon.
Adom was not deceived, but the woman, being deceived, has fallen into disobedience;
15 Men fanm yo va sove nan fè pitit si yo kontinye nan lafwa ak lanmou, sentete ak kontwòl tèt yo.
but she will be delivered through the childbirth, if they continue in faith and love and holiness, with good judgment.