< 1 Tesalonik 5 >
1 Alò, konsènan tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen.
兄弟姐妹们,关于预言的时间和日期,我们无需用文字累述。
2 Paske nou menm, nou konnen trè byen ke jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit.
因为你们很清楚,主的那一天必会到来,但会在一个意外的时间到来,就像夜晚出现盗贼一样让人意外。
3 Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.
那时候,人们还在谈论和平和安全,忽然就会彻底毁灭,就像婴儿忽然出生,他们不会逃脱。
4 Men nou menm, frè m yo, nou pa nan tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè.
但是你们,各位兄弟姐妹们,你们对之并非毫不知情,所以当审判日如贼一样忽然来临时,你们不会感到惊诧。
5 Paske nou tout se fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb.
因为你们都是光明之子,白昼之子;我们不是属于黑夜或黑暗。
6 Konsa, annou pa dòmi tankou lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli.
所以,我们不能像其他人一样沉睡,我们应该保持清醒,头脑清晰。
7 Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo vin sou lannwit.
因为人会在夜晚睡觉,在夜晚喝醉;
8 Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm kas, lesperans sali a.
但我们属于白昼,所以应该保持头脑清醒。我们要披上信与爱的胸甲,戴上救赎希望的头盔。
9 Paske Bondye pa t destine nou a lakòlè, men pou nou vin gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri.
因为上帝并未决定要惩罚我们,而是通过我们的主耶稣基督,通过救赎拯救我们。
10 Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.
基督为我们而死,让我们无论或者还是死去,都能与他一起活着。
11 Konsa, annou ankouraje youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.
所以要彼此鼓励,赋予力量,正如你们一直在做的。
12 Men nou mande nou, frè m yo, pou nou apresye sila ki travay avèk dilijans pami nou yo, e ki responsab nou nan Senyè a pou bannou lenstriksyon e korije nou.
兄弟姐妹们,请你们尊重那些与你们一起工作的人,他们引领你们走向主并教导你们。
13 Fòk nou ba yo gwo estim nan lanmou akoz de travay yo. Viv nan lapè avèk youn lòt.
因为他们所做的事情,你们要用爱格外尊重他们。应当彼此和睦地生活在一起。
14 Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san prensip yo, ankouraje sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun.
兄弟姐妹们,奉劝你们要警戒懒惰之人,要去勉励焦虑之人,帮助软弱之人,耐心对待每个人。
15 Veye pou pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.
任何人都不能以恶报恶,而是要始终对彼此、对所有其他人做善事。
16 Se pou nou rejwi nou tout tan.
始终要保持欢喜,
18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.
凡事都要心存感激,因为这是上帝通过基督耶稣给你们的旨意。
19 Pa etenn Lespri Sen an.
不要遏制灵,
20 Pa meprize pawòl pwofetik yo.
不要藐视先知之语。
21 Men byen egzamine tout bagay. Kenbe fèm a sa ki bon an
凡事都要仔细查验,坚守好事,
22 e evite tout kalite mal.
远离所有恶行。
23 Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri.
愿赐予平安的上帝让你们真正圣洁,愿主耶稣基督再次来临时,你们整个人——包括身体、精神和灵都无可指责。
24 Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa.
那召唤你们的是值得信任的,他必会这样做。
25 Frè m yo priye pou nou.
兄弟姐妹们,请为我们祷告。
26 Salye tout frè yo avèk yon bo ki sen.
热情地问候那边的所有信徒。
27 Mwen bay ou lòd nan non Senyè a pou fè lèt sa a li bay tout frè yo.
我以主为名,请你们向所有信徒阅读这封信。
28 Ke lagras Senyè nou an, Jésus Kri avèk nou. Amen.
愿我们主耶稣基督的恩典与你们同在。