< 1 Tesalonik 4 >
1 Alò, finalman, frè m yo, nou mande e ankouraje nou nan Senyè a Jésus, ke menm jan nou te resevwa lenstriksyon nan men nou an, ak jan nou ta dwe mache pou fè Bondye plezi a (menm jan ke vrèman n ap mache a), pou nou kapab fè plis pwogrè toujou.
Finally, brothers, we ask and urge you in the Lord Jesus that, just as you learned from us how you ought to walk and to please God, you do so more and more.
2 Paske nou konnen ki kòmandman nou te bannou yo pa otorite Senyè a Jésus.
For you know the commands we gave you by the authority of the Lord Jesus.
3 Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa, pa fè imoralite seksyèl,
It is God's will that you be sanctified, that you abstain from fornication,
4 ke chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè,
and that each of you know how to control your own body in holiness and honor,
5 pa nan pasyon lanvi lachè, tankou payen ki pa konnen Bondye yo;
not in lustful passion like the Gentiles who do not know God.
6 epi pou pèsòn pa transgrese e vòlè frè l nan bagay sila, paske Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.
In this matter no one should wrong or take advantage of his brother, because the Lord is an avenger in all these things, as we told you before and solemnly warned you.
7 Paske Bondye pa t rele nou pou fè salte, men nan sanktifikasyon.
For God did not call us to be impure, but to live in holiness.
8 Donk, sila ki rejte sa a, p ap rejte lòm, men Bondye ki bannou Lespri Sen Li an.
Therefore whoever rejects this command does not reject man but God, who has given his Holy Spirit to you.
9 Alò, jan pou lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt.
Now concerning brotherly love, you have no need for anyone to write to you, for you yourselves have been taught by God to love one another.
10 Paske, vrèman nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou,
And indeed you do love all the brothers throughout Macedonia. But we urge you, brothers, to do so more and more.
11 epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an.
We urge you to aspire to lead a quiet life, to attend to your own affairs, and to work with your own hands, just as we commanded you,
12 Konsa nou kapab konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e pou nou pa manke anyen.
so that you may walk properly toward outsiders and not be in need of anything.
13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo.
But we do not want you to be uninformed, brothers, about those who have fallen asleep, so that you may not be grieved like others who do not have hope.
14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.
For since we believe that Jesus died and rose again, we also believe that God will bring with Jesus those who have fallen asleep in him.
15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.
According to the word of the Lord, we declare to you that we who are alive, who are left behind until the coming of the Lord, will certainly not precede those who have fallen asleep.
16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman.
For the Lord himself will descend from heaven with a commanding shout, with the voice of an archangel, and with the trumpet call of God, and the dead in Christ will rise first.
17 Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.
Then we who are alive, who are left behind, will be caught up together with them in the clouds to meet the Lord in the air. And so we will always be with the Lord.
18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.
Therefore encourage one another with these words.