< 1 Tesalonik 1 >

1 Paul, Silvain ak Timothée a legliz Tesalonisyen yo nan Bondye, Papa a ak Senyè a, Jésus Kri: Lagras pou nou ak lapè.
Paulus og Silvanus og Timotheus til Thessalonikernes Menighed i Gud Fader og den Herre Jesus Kristus. Naade være med eder og Fred!
2 Nou bay remèsiman a Bondye tout tan pou nou tout e nonmen non nou nan lapriyè nou yo.
Vi takke Gud altid for eder alle, naar vi komme eder i Hu i vore Bønner,
3 San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv lanmou nou yo; jan nou te kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou.
idet vi uafladelig mindes eders Gerning i Troen og eders Arbejde i Kærligheden og eders Udholdenhed i Haabet paa vor Herre Jesus Kristus for vor Guds og Faders Aasyn,
4 Nou konprann, frè byeneme pa Bondye yo, chwa Li menm de nou an.
efterdi vi kende eders Udvælgelse, I af Gud elskede Brødre,
5 Ke levanjil pa nou an pa t vini a nou menm nan pawòl sèlman, men osi nan pouvwa ak nan Lespri Sen an. Li te vini avèk tout asirans, jis jan ou konnen ki kalite moun nou te ye pami nou an, pou koz a nou.
at vort Evangelium ikke kom til eder i Ord alene, men ogsaa i Kraft og i den Helligaand og i fuld Overbevisning, som I jo vide, hvorledes vi færdedes iblandt eder for eders Skyld.
6 Nou osi te devni imitatè a nou menm e a Senyè a. Konsa, nou te resevwa pawòl la nan anpil tribilasyon, avèk lajwa Lespri Sen an.
Og I ere blevne vore Efterfølgere, ja, Herrens, idet I modtoge Ordet under megen Trængsel med Glæde i den Helligaand,
7 Konsa, nou te devni yon egzanp pou tout kwayan nan Macédoine ak nan Achaïe yo.
saa at I ere blevne et Forbillede for alle de troende i Makedonien og Akaja;
8 Paske pawòl a Senyè a te deklare soti nan nou menm, non sèlman nan Macédoine ak Achaïe, men osi chak kote ke lafwa nou anvè Bondye te vin konnen, pou nou pa bezwen di anyen.
thi fra eder har Herrens Ord lydt ud, ikke alene i Makedonien og Akaja, men alle Vegne er eders Tro paa Gud kommen ud, saa at vi ikke have nødig at tale derom.
9 Paske yo menm bay rapò de nou; sou jan ou te resevwa nou, ak jan nou te vire vè Bondye pou kite zidòl yo, pou sèvi yon Bondye vivan e vrè,
Thi de forkynde selv om os, hvordan en Indgang vi vandt hos eder, og hvorledes I vendte om til Gud fra Afguderne for at tjene den levende og sande Gud
10 epi pou tann Fis Li a soti nan syèl la. Sila Li te fè leve soti nan lanmò a, ki se Jésus, ki delivre nou anba kòlè k ap vini an.
og vente paa hans Søn fra Himlene, hvem han oprejste fra de døde, Jesus, som frier os fra den kommende Vrede.

< 1 Tesalonik 1 >