< 1 Samyèl 5 >

1 Alò, Filisten yo te pran lach Bondye a e yo te mennen li soti Ében-Ézer pou rive Asdod.
A filiszteusok pedig elvették az Isten ládáját és vitték Ében-Háézerből Asdódba.
2 Filisten yo te pran lach Bondye a, yo te mennen li lakay Dagon e yo te poze li akote Dagon.
S vették a filiszteusok az Isten ládáját és bevitték a Dágón házába és oda állították Dágón mellé.
3 Lè Asdodyen yo te leve granmmaten an, veye byen, Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, yo pran Dagon e mete li nan plas li ankò.
Másnap korán fölkeltek az Asdódbeliek s íme Dágón arccal a földre esett az Örökkévaló ládája előtt; s vették Dágónt és visszatették helyére.
4 Men lè yo te leve bonè granmmaten, vwala, Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, tèt Dagon an avèk toude pla men l te koupe atè sou papòt la; se sèl twòn kò Dagon an ki te rete sou li.
Midőn azonban másnap fölkeltek korán reggel, íme Dágón arccal a földre esett az Örökkévaló ládája előtt; Dágón feje pedig és két keze töve levágva a küszöbön, csak Dágón teste maradt helyén.
5 Akoz sa, ni prèt Dagon yo ni tout moun ki antre lakay Dagon nan Asdod jis rive jodi a, pa janm foule pye yo nan papòt Dagon an.
Azért nem lépnek Dágón papjai és mind, akik bemennek Dágón házába, a Dágón küszöbére Asdódban mind e mai napig.
6 Alò men SENYÈ a te lou sou Asdodyen yo. Li te fè yo vin dezole e te frape yo avèk gwo boul bouton, ni Asdod, ni teritwa li yo.
Ekkor ránehezedett az Örökkévaló keze az Asdódbeliekre és pusztította őket; megvervén őket kelésekkel, Asdódot és határait.
7 Lè Mesye Asdod yo te wè ke sa te konsa, yo te di: “Fòk lach Bondye Israël la pa rete pami nou. Paske men Li lou sou nou ak sou Dagon, dye pa nou an.”
Midőn látták Asdód emberei, hogy így van, azt mondták: Ne maradjon Izrael Istenének ládája nálunk, mert kemény volt a keze rajtunk és Dágón istenünkön.
8 Konsa, yo te voye ranmase tout prens Filisten yo kote yo, e te di: “Kisa nou dwe fè avèk lach Bondye Israël la?” Yo te reponn: “Kite lach Bondye Israël la pote rive ozanviwon Gath.” Konsa, yo te pote lach Bondye Israël la rive.
És küldtek és összegyűjtötték mind a filiszteusok fejedelmeit magukhoz és mondták: Mit tegyünk Izrael Istenének ládájával? Mondták: Gátba vitessék át Izrael Istenének ládája. Átvitték tehát Izrael Istenének ládáját.
9 Lè yo te fin pote li rive, men SENYÈ a te vin kont vil la avèk gwo boulvèsman. Li te frape Mesye lavil yo, ni jenn, ni granmoun jiskaske gwo boul bouton yo te vin pete sou yo.
S volt, miután átvitték azt, rajta volt az Örökkévaló keze a városon igen nagy megzavarással; megverte ugyanis a város embereit, aprajától nagyjáig: kiütöttek rajtuk kelések.
10 Konsa yo te voye lach Bondye a nan Ékron. Epi pandan lach Bondye a te rive nan Ékron, Ekwonyen yo te kriye fò. Yo te di: “Yo vin pote Bondye Israël la bò kote nou pou touye nou avèk pèp nou an.”
Ekkor elküldték Isten ládáját Ekrónba; s volt, amint Ekrónba jutott Isten ládája, jajveszékeltek az Ekrónbeliek, mondván: Áthozták hozzám Izrael Istenének ládáját, hogy megöljön engem és népemet.
11 Pou sa, yo te voye rasanble tout prens a Filisten yo, e te di: “Voye lach Bondye Israël la ale. Kite li retounen nan pwòp plas li, pou li pa touye nou avèk pèp nou an.” Paske te genyen yon gwo boulvèsman ki t ap mennen lanmò toupatou nan vil la. Men SENYÈ a te lou kote sa a.
Erre küldtek, összegyűjtötték mind a filiszteusok fejedelmeit és mondták: Küldjétek el Izrael Istenének ládáját, Hogy visszatérjen helyére, és meg ne öljön engem és népemet. Mert halálos zavar volt az egész városban: nagyon nehéz volt ott Isten keze.
12 Epi Mesye ki pa t mouri yo te frape avèk gwo boul bouton yo, e gwo kri lavil la te monte jis rive nan syèl la.
Azon emberek is, akik nem haltak meg, megverettek kelésekkel; s fölszállt a város jajkiáltása ég felé.

< 1 Samyèl 5 >