< 1 Samyèl 31 >
1 Alò Filisten yo t ap goumen kont Israël e mesye Israël yo te kouri devan Filisten yo, e yo te tonbe mouri sou Mòn Guilboa.
Filistarane gjekk på i striden mot Israel. Israels-mennerne rømde undan for filistarane, og det låg mange falne på Gilboafjellet.
2 Filisten yo te rive sou Saül avèk fis li yo. Konsa, yo te touye Jonathan avèk Abinadab, ak Malkishua, fis a Saül yo.
Filistarane sette etter Saul og sønerne hans. Og filistarane felte Jonatan, Abinadab og Malkisua, Sauls-sønerne.
3 Batay la te vire rèd kont Saül. Ekip tire flèch ak banza yo te rive sou li; epi li te gravman blese pa ekip banza yo.
Saul sjølv kom upp i ein hard strid. Og nokre bogeskyttarar råka innpå honom. Saul vreid seg i rædsla for skyttarane.
4 Konsa, Saül te di a pòtè zam li an: “Rale nepe ou pou frennen m avè l; otreman, Filisten ensikonsi sila yo va vin frennen m nèt e fè spò avè m.” Men pòtè zam nan te refize, paske li te pè anpil. Pou sa Saül te pran nepe li e te tonbe sou li.
Og han baud våpnsveinen sin: «Drag sverdet ditt, og støyt det gjenom meg, so ikkje desse u-umskorne skal koma og drepa meg, og skamfara meg!» Men våpnsveinen vilde ikkje; han var altfor rædd. Då tok Saul sverdet sjølv og stupte seg på det.
5 Lè pòtè zam nan te wè ke Saül te mouri avèk twa fis li yo, li tou te tonbe sou nepe li pou te mouri avèk li.
Då våpnsveinen såg Saul var dåen, stupte han seg ogso på sitt sverd og fylgde honom i dauden.
6 Konsa Saül te mouri avèk twa fis li yo, pòtè zam li an, ak tout mesye pa l yo ansanm nan jou sa a.
Den dagen fall dei alle i hop, Saul og dei tri sønerne hans og våpnsveinen, og sameleis alle mennerne hans.
7 Lè mesye Israël ki te lòtbò vale a avèk sila ki te lòtbò Jourdain an, te wè ke mesye Israël yo te sove ale e ke Saül avèk fis li yo te mouri, yo te abandone vil yo e te sove ale. Konsa, Filisten yo te vin viv ladan yo.
Og då Israels-mennerne på hi sida dalen og på hi sida Jordan gådde at Israels-mennerne hadde rømt, og at Saul og sønerne hans var falne, so rømde dei ut or byarne sine; og filistarane kom og busette seg der.
8 Li te vin rive nan pwochen jou a, lè Filisten yo te vini pou depouye mò yo, ke yo te twouve Saül avèk twa fis li yo tonbe sou Mòn Guilboa.
Dagen etter kom filistarane og plundra liki. Dei fann Saul og dei tri sønerne hans liggjande på Gilboafjellet.
9 Yo te koupe tèt li e te retire zam li yo pou te voye yo toupatou nan peyi Filisten yo, pou pote bòn nouvèl la rive lakay zidòl pa yo ak pèp yo a.
Dei hogg hovudet av honom, og rana våpni hans og sende rundt i Filistarlandet, og let forkynna fagnadbodet i templi åt avgudarne sine og millom folket.
10 Yo te mete zam li yo nan tanp Astarté yo e yo te tache kadav li nan miray kote Beth-Schan nan.
Dei lagde våpni hans i Astarte-templet; og liket hans hengde dei upp på bymuren i Bet-San.
11 Alò, lè moun ki te rete Jabès yo te tande sa ke Filisten yo te fè a Saül,
Då folket i Jabes i Gilead høyrde gjete det filistarane hadde gjort med Saul,
12 tout mesye vanyan yo te leve mache tout nwit lan pou te pran kò Saül la avèk kò a fis pa li yo soti nan miray Beth-Schan lan. Lè yo te rive Jabès yo te brile yo la.
tok dei i veg, alle våpnføre karar, gjekk heile natti, tok ned frå muren i Bet-San Sauls lik og liki av sønerne hans, for so til Jabes og brende liki der.
13 Yo te pran zo yo e te antere yo anba pye tamaren Jabès la e yo te fè jèn pandan sèt jou.
So tok dei og grov beini deira ned under tamariska i Jabes og heldt fasta i sju dagar.